Lwa imigrasyon Etazini gen anpil konplikasyon. On senp ti erè nan yon aplikasyon ka lakoz ou jwenn refi, pèdi estati w, oswa menm jwenn depòtasyon. Se poutèt sa se sèlman avoka ki gen lisans oswa reprezantan Depatman Lajistis Etazini (DOJ) akredite, ki otorize pou bay sèvis legal sou imigrasyon.
Gen raketè ki fè tèt yo pase pou konsiltan imigrasyon ka p di w yo kapab prepare dosye, bay konsèy legal oswa garanti rezilta. Etazini, yo rele raketè imigrasyon sa yo “notario”. Nan anpil peyi an Amerik Latin, yon “notario” se yon avoka kalifye, men Etazini, tit sa pa gen okenn baz legal.
Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an Septanm 2025.
Nan gid sa a, nou itilize mo notario a pou moun ki prezante tèt yo kòm ekspè legal. Yon notario se pa yon notè piblik. Yon notè piblik ka sèlman verifye idantite ak siyati temwen. Yon notè pa yon avoka epi li pa kapab ba w konsèy sou imigrasyon, oswa reprezante w.
Moun k ap fè fwod yo pwofite de konfizyon sa a pou fè moun peye gwo lajan pou sèvis yo pa otorize pou yo bay. Rezilta a ka gen gwo konsekans pou imigran yo: yo ka pèdi anpil lajan, yo ka jwenn refi pou aplikasyon yo oubyen menm riske depòtasyon akoz fo dokiman oswa move jesyon dokiman.
Daprè Alexander Hu, yon avoka ki se kowòdinatè prensipal nan Inite Pwoteksyon Imigran nan Gwoup Asistans Legal Nouyòk (NYLAG), pa gen okenn garanti otorite imigrasyon ameriken yo ap rekonèt yon fwod epi kite yon moun relouvri yon dosye.
Alexander Hu di viktim yo dwe chache asistans legal rapid, rapòte fwod yo pou yo ka konnen ki etap ki nesesè pou redui move konsekans sou dosye yo.
Men sa w dwe konnen sou notario yo nan Nouyòk:
- Se sèlman avoka ki gen lisans oswa yon moun depatman lajistis akredite ki ka bay sèvis legal sou imigrasyon.
- “Etazini moun yo rele notario yo pa avoka epi yo pa kapab bay konsèy legal.
- Toujou verifye lisans yon avoka oswa konfime akreditasyon depatman lajistis pou reprezantan ki pa avoka yo.
- Viktim k ap viv Nouyòk yo ka rele nimewo 311 pou rapòte fwod. Nan tout peyi a ou ka depoze plent nan USCIS) oswa Komisyon Federal Komès (FTC).
Verifye si moun k ap ba w sèvis legal la lejitim
Anvan w anplwaye nenpòt moun pou ede w ak dosye w la, pran mezi sa yo:
- Konfime moun nan genyen lisans oswa akreditasyon. Avoka yo dwe gen lisans pou yo pratike nan omwens yon eta oswa sou tout teritwa ameriken an. Mande pou w wè kat avoka yo, epi konfime pozisyon yo ak asosyasyon avoka eta a. Nan Nouyòk, ou ka tcheke si avoka w la gen lisans li nan lyen sa a.
- Tcheke akreditasyon l nan DOJ. Reprezantan legal ki pa avoka yo dwe akredite atravè Pwogram Rekonesans ak Akreditasyon DOJ a. Ou ka fè rechèch sou lis ofisyèl reprezantan legal ki akredite yo ak òganizasyon ki rekonèt yo nan lyen sa a.
- Fè rechèch sou repitasyon l. Pou òganizasyon ak gwoup kominotè yo, verifye pakou ak referans yo, epi si DOJ rekonèt yo.
- Chache espesyalis nan imigrasyon. Anpil avoka pa gen ekspètiz nan imigrasyon. Asosyasyon Avoka Imigrasyon Ameriken an (AILA) ofri yon rejis avoka imigrasyon sou sit li ki se: ailalawyer.com.
Men kèk siy ki dwe alète w
Veye siy sa yo pou w evite pran sèvis nan men moun ki pa lejitim:
- Li garanti w rezilta pozitif
- Li refize montre prèv yon lisans avoka oswa akreditasyon DOJ
- Li mande w pou w siyen fòmilè ki pa ranpli. Pa janm siyen yon fòmilè imigrasyon ki gen pati ki vid. Raketè yo ka mete fo enfòmasyon ki pral antre nan dosye w.
- Li fè w peye pou fòmilè imigrasyon ki disponib gratis sou uscis.gov.
- Li konseye w bay fo enfòmasyon pou w amelyore dosye w la
Alexander Hu fè konnen,”Ka gen plizyè lòt siyal tankou si l refize eksplike ki kalite sèvis imigrasyon li rekòmande pou w aplike, ak poukisa kliyan an kalifye pou sèvis sa a.”
Hu di:”Gen lòt move siy tankou si l refize bay resi oubyen kopi kontra, resi peman, aplikasyon ak fòmilè, epi l refize eksplike oswa tradui dokiman moun nan ap siyen an,”.
Alexander Hu presize, si yon prestatè di yon moun li pa bezwen bay anpil enfòmasyon epi l ap jere enfòmasyon ak deklarasyon yo, “sa kapab yon siy ki montre prestatè sa a pral fè fo reklamasyon oswa fo reprezantasyon sou non kliyan an.”
Sanksyon pou fwod imigrasyon
Vil Nouyòk gen lwa ki pwoteje konsomatè kont fwod sèvis imigrasyon. Vil la egzije nenpòt moun ki bay sèvis imigrasyon ki pa legal, tankou tradiksyon oswa asistans pou ranpli dokiman, pou yo mete siy klè ki di yo pa avoka epi yo pa ka bay konsèy legal. Moun ki vyole lwa sa a ka pran amann epi al nan tribinal.
Imigran nan Nouyòk yo, kèlkeswa estati imigrasyon yo, ka depoze plent nan Biwo Avoka Jeneral Eta Nouyòk la. Dapre biwo a, li pa pataje enfòmasyon moun ki pote plent yo ak otorite imigrasyon federal yo lè y ap jere rapò fwod raketè immigrasyon yo.
Kijan pou w pote plent si w sispèk ou pran nan fwod
Si w kwè ou viktim fwod imigrasyon, ou ka pote plent nan nivo lokal e nan nivo federal.
Nan Vil Nouyòk
- Rele 311 epi mande pou Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè (DCWP) epi di “sèvis imigrasyon” oswa depoze yon plent sou sit entènèt DCWP a.
- Rele Liy Dirèk Fwod Imigrasyon Avoka Jeneral la nan 1-(800)-771-7755 oswa depoze yon plent nan lyen sa a. Biwo a p ap mande w enfòmasyon sou estati imigrasyon w.
- Ou ka rele Liy Dirèk Imigrasyon Biwo Nouvo Ameriken Eta Nouyòk la nan 1-(800)-566-7636 pou rapòte fwod la
Nan tout peyi a
- Depoze yon plent nan USCIS nan uscis.gov/avoid-scams/report-immigration-scams.
- Rapòte fwòd bay FTC nan reportfraud.ftc.gov.
Resous kominotè tankou Stop Notario Fraud, ofri zouti pou w pote plent ak sipò pou viktim yo.
你知道吗?非公民办理驾照时的这个错误可能会导致选民欺诈
Kisa k ap pase aprè w fin pote plent
Lè yon plent depoze, ajans lokal oswa federal yo ka mennen ankèt sou akize a. Si yo konfime gen fwod, moun nan oswa biznis la ka jwenn amann, pèdi lisans li, oswa akizasyon kriminèl devan lajistis.
Pote plent ka pa fè w rekipere lajan w pèdi oswa rezoud pwoblèm dosye imigrasyon w lan, men, li ka ede pwoteje lòt moun epi ranfòse pwòp pozisyon w si dosye w la te domaje akòz move konsèy.
