Sa w dwe konnen sou asistans ki genyen nan vil Nouyòk pou imigran yo:
- MOIA se Biwo Afè Imigran Majistra a ki ofri sipò pou imigran k ap viv Nouyòk yo.
- Gen plizyè sèvis tankou konsèy legal, sèvis nan plizyè lang, ak asistans pou konekte w ak sèvis vil la bay.
- Estati li kòm yon ajans vil Nouyòk vle di operasyon l pa depann de leta federal la. Sèvis sa yo fèt pou ede abitan Nouyòk ki san papye yo.
- Ou kapab kontakte MOIA nan plizyè fason: ou ka rele yo, voye yon imèl, ranpli fòmilè yo a an liy, oubyen pase nan youn nan Sant Sipò Legal gratis ak miltilang yo ki toupatou nan vil la.
Kisa ki MOIA?
Biwo Afè Imigran Majistra a (MOIA) se yon ajans vil Nouyòk, ki pa fè pati gouvènman federal la. Sa vle di operasyon l endepandan de administrasyon Trump lan. Li pa gen okenn rapò ak ICE. Lè w itilize sèvis li yo, sa pa p ekspoze estati imigrasyon w.
MOIA la pou sipòte tout imigran ka p viv Nouyòk yo, kèlkeswa estati imigrasyon yo. Li la pou ede yo patisipe antyèman nan lavi sivik, ekonomik ak kiltirèl vil la.
Yo bay sipo tankou aksè a asistans legal, yo konekte w ak sèvis vil la bay, sipò lang ak lòt resous esansyèl.
Kisa MOIA ofri imigran yo?
Sant sipò legal pou imigrasyon
MOIA finanse plis pase 20 Sant Sipò Legal pou Imigrasyon ki baze nan kominote yo nan enstitisyon tankou lekòl, sant kominotè ak lopital. Sant sa yo bay èd legal gratis, sekirize epi konfidansyèl pou:
- Aplikasyon pou sitwayènte
- Aplikasyon ak renouvèlman kat vèt
- DACA ak Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS)
- Detèmine si w kalifye pou nenpòt lòt benefis imigrasyon
Pou w jwenn èd, rele nan nimewo 800-354-0365 soti lendi pou rive vandredi a pati 9:00 a.m. rive 6:00 p.m. oswa rele 311 epi di “èd legal pou imigrasyon”.
Aksè a sèvis lengwistik e sivik
Biwo sa a sipòte aksè a lang nan tout ajans vil la epi li jere pwogram aprantisaj lang anglè, tankou pwogram “We Speak NYC” series la, ki anseye anglè pandan y ap edike telespektatè yo sou dwa vil la ak dwa legal yo. Ou ka enskri pou kou anglè gratis nan nenpòt nan 60 lokal Sant Aprantisaj Anglè yo oswa chèche enfòme w kijan w ka pran kou a sou entènèt pou pi fasil.
你知道吗?非公民办理驾照时的这个错误可能会导致选民欺诈
Sipò pou evènman ak kominote yo
Ou bezwen yon reprezantan MOIA nan yon reyinyon oswa yon evènman kominotè? Ou kapab soumèt yon demann sou sit entènèt yo a. Yo gen patenarya ak òganizasyon imanitè epi ak gwoup k ap sèvi imigran yo, pou sansibilize moun epi bay sèvis nan nivo lokal. Daprè sit entènèt MOIA a, yon reprezantan MOIA kapab patisipe nan evènman kominotè w la pou:
- Pataje enfòmasyon enpòtan ak mizajou sou devlopman k ap fèt atravè vil la
- Klarifye move enfòmasyon sou devlopman politik imigrasyon yo
- Pwomouvwa resous enpòtan ki disponib pou tout moun k ap viv Nouyòk yo nan lang yo pale yo.
- Konekte moun ak sèvis vil la finanse epi ak èd yo bezwen yo
- Transmèt fidbak kominote a bay ajans yo ak lòt responsab nan vil la
- Konstwi patenarya pou adrese divès bezwen kominote imigran yo.
Yo gen yon plan sèvis vil la ki fasil pou w itilize epi ki disponib nan plis pase 50 lang pou tout abitan Nouyòk yo. Gid yo rapid e fasil nan fòma PDF.
Kijan pou w jwenn aksè ak sèvis MOIA yo
- Rele liy dirèk sipò legal pou imigrasyon an nan: 800-354-0365 (oswa rele 311 epi di “èd legal pou imigrasyon”).
- Voye yon imèl nan: AskMOIA@cityhall.nyc.gov oswa itilize fòmilè kontak la nan NYC.gov/immigrants.
Ou kapab vizite yon Sant Sipò Legal tou: Ou ka tcheke lokal kote yo bay sèvis gratis e miltileng yo nan lyen sa.
