“Jodi nou legal, demen nou ilegal,” : Imigran Ayisyen yo ap fè fas ak yon avni ki pa sèten apre desizyon Lakou Siprèm nan

Pandan pwoteksyon imanitè yo disparèt britsoukou, plizyè milye Ayisyen Etazini ap konpare danje ki genyen nan detansyon ak risk pou retounen nan yon peyi ki an kriz.

Béatrice Vallières

Jun 11, 2025

Haitian immigrants at the 2025 Haitian Culture Day celebration in Brooklyn. Photo: Ralph Thomassaint Joseph for Documented

Share Button WhatsApp Share Button X Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button Nextdoor

Ete denye, lè Sebastien t ap kite vil Jakmèl an Ayiti, pou l ale Nouyòk, li te konnen van politik la ka vire kont li si Donald Trump te retounen kòm prezidan an Novanm. Malgre sa, ak sèlman kèk mwa ki rete pou l fini diplòm inivesitè li an Ayiti, li te chwazi kanpe etid li epi pati, pou chache sekirite ak opòtinite Etazini. 

Jodi a, li pa sèten li t ap pran menm desizyon sa a ankò.

“Mwen pa suiv nouvèl pou laperèz pa kokobe m,” se sa refijye a ki genyen 27 ane deklare. “Peyi sa a enprevizib anpil. Gouvènman an enprevizib.”

Tankou tout Ayisyen ki te fè entèvyou pou atik sa, Sebastien sèlman ban nou prenon li paske li pè reprezay ki ta ka soti bò kote otorite imigrasyon ameriken yo.

Sebastien antre Etazini ak manman li nan fen mwa jen ki sot pase a. Li itilize yon chemen legal ki rele CHNV, pwosesis pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen ak Venezyelyen. An Ayiti, yo rele l “pwogram Biden nan.” Administrasyon Biden nan te lanse  CHNV nan mwa janvye 2023, kòm yon mwayen pou pèmèt moun ki soti nan kèk peyi viv ak travay Etazini pandan de ane. Benefisyè yo te dwe gen yon moun ki ka sipòte yo Etazini epi yo te dwe pase kontwòl sekirite yo.

Men, semèn pase a, Lakou Siprèm Etazini te deside, pou kounye a, soutni desizyon Ministè Sekirite Enteryè (DHS) pou mete fen ak pwogram pawòl imanitè a. Desizyon sa a anile yon òdonans ijans yon jij federal nan Massachusetts te bay an avril.

“[Se yon desizyon] ki totalman, totalman derezonab epi li totalman inimen, san okenn konpasyon ak respè pou diyite moun yo,” Guerline Jozef deklare. Guerline se ko-fondatris ak direktris egzekitif Haitian Bridge Alliance ki se òganizasyon ki te pote premye plent lan nan Massachusetts kont DHS.

Plis pase 530,000 benefisyè pwogram nan, ladan l gen plis pase 210,000 Ayisyen, pou kounya riske depòtasyon si yo pa jwenn yon lòt mwayen pou yo rete nan peyi a. Pou moun sila yo ki twouve yo san papye toudenkou, yo dwe chwazi ant rete nan kache oswa retounen an Ayiti, yon peyi ki anba kontwòl gang vyolan.

Ayiti ap viv yon kriz imanitè, politik, ak ekonomik san parèy nan moman an. Sou chak 2 moun nan popilasyon an gen youn — anviwon 6 milyon moun — ki bezwen asistans imanitè, epi plis pase yon milyon moun anndan peyi a kouri kite lakay yo, daprè Nasyonzini.

Lè Sebastien wè desizyon Lakou Siprèm nan sou estati Watsap yon zanmi, li santi l malad. “Sa m kontinye ap mande tèt mwen se…èske ICE [Immigration and Customs Enforcement], pral vini nan katye bò lakay mwen? Eske yo pral kòmanse chache moun? Se sa m ap mande, èske y ap vin frape pòt kay mwen?” se sa Sebastien deklare.

Documented te pale ak plizyè refijye Ayisyen ki afekte pa desizyon Lakou Siprèm nan. Pifò nan yo te wè Temporary Protected Status (TPS), ki bay pwoteksyon kont depòtasyon pou peyi k ap fè fas ak konfli pwolonje, kòm dènye chans pou yo rete nan peyi a.

Ayisyen ap benefisye TPS Etazini depi 2010, apre yon tranbleman tè manyitid 7.0 te lakòz gwo dega ak anpil viktim an Ayiti. Nan dat 20 fevriye 2025 lan, Sekretè Sekirite Entèryè a, Kristi Noem, te pibliye yon deklarasyon ofisyel ki te di estati TPS pou Ayiti ap sispann apati 3 dawout — 6 mwa anvan dat administrasyon Biden nan te planifye. Pou kounye a, desizyon sa a devan tribinal federal nan Nouyòk pou kontestasyon.

Lè peryòd deziyasyon an bout, administrasyon Trump lan pral deside si l ap renouvle pwoteksyon kont depòtasyon yo. Si pwogram nan kanpe, yo estime genyen 500,000 moun k ap pèdi otorizasyon travay ak estati yo.

“Kominote a ap tann,” se sa Herold Dasque deklare. Li se responsab lyezon kominotè nan Haitian Americans United for Progress, yon òganizasyon k ap milite nan Nouyòk. “Y ap obsève, y ap reflechi, y ap analize, epi y ap fè plan.”

Sebastien te vle aplike pou TPS, men li aprann li pa ranpli kondisyon yo, akòz li te antre nan peyi a apre dat limit la. Li pa t aplike pou azil, paske l te pè pou l pa t reponn ak kritè yo. Sa vle di desizyon Lakou Siprèm nan te retire sèl opsyon legal li te genyen pou l rete Etazini. Men, retounen Ayiti se yon bagay ki difisil pou l imajine. Li di Ou pa ka viv lòt bò sa.” “Ou oblije ret tann moun ki ap viv aletranje pou voye lajan ba ou. Pa gen travay.”

Avèk gang yo ki kontwole tout wout kapital la, Sebastien di menm pou l rive lakay li se yon gwo danje. Pou l rive Jakmèl, vil kote li soti ki nan sid peyi a, li t ap oblije vwayaje soti Okap — ki genyen sèl ayewopò nan peyi a k ap fonksyone nan moman— epi travèse zòn kote kidnaping, vòl machin, ak piyaj ap fèt tout tan.

Depi 30 avril, lè desizyon Lakoou Siprèm nan te soti an, Dasque resevwa anpil apèl nan men moun ki nan menm sitiyasyon ak Sebastien. Malgre danje ki genyen an Ayiti, konsèy li ba yo a klè: tounen lakay nou.

Dasque di “Li pi bon pou tounen lakay ou pase pou kite yo arete w,”. “Paske lè yo arete w, ou pa konn ki kote y ap voye w: Guantanamo, El Salvador, Libi, oswa nenpòt lòt kote. E w pa konn pou konbyen tan y ap kenbe w nan prizon.”

Depi mwa janvye, ICE fè 4 vòl depòtasyon pou Ayiti ki te gen ladan l anpil imigran ki pa t gen okenn dosye kriminèl, dapre gwoup defans imigran Witness at the Border. Administrasyon Trump lan voye 238 imigran Venezyelyen — plis pase mwatye nan yo san dosye kriminèl — nan yo prizon sekirite maksimòm yo rele CECOT nan peyi El Salvador. Gen kèk imigran yo voye Guantanamo Bay tou, epi otorite yo te menm pale de posiblite pou voye moun nan peyi Libi, men yon jij federal imigrasyon mete entèdiksyon pou opsyon sa a.

Guerline Jozef di, òganizasyon li an ap konseye moun ki te sou pawòl imanitè yo pou yo konsilte avoka imigrasyon pou yo “detèmine ki pi bon chemen pou yo pran,” epi chache yon lòt fòm estati, tankou TPS oswa azil, si yo kalifye pou sa.

Men, menm pou sila yo ki te aplike pou lòt fòm pwogram pwoteksyon, avni yo toujou pa sèten. Jean Fride ki gen 35 lane, te vini Etazini nan mwa septanm epi li te resevwa pawòl imanitè sou fwontyè sid la. Depi lè sa a, li te aplike pou TPS ak azil politik, men li poko resevwa okenn desizyon tribinal la.

“Mwen te gen yon estati legal. Kounya  yo di nou li ilegal. M pat janm gen entansyon vin Etazini ilegalman. Se pa janm sa m te vle,” se sa Jean Fride deklare.  

Li te kite Ayiti pou ale Brezil an 2017 apre enplikasyon l nan politik peyi a te lakòz l ap resevwa asèlman ak menas. Apre sa, Jean Fride di li te viv Brezil pandan sis lane kote li te aprann lang Pòtigè, retounen lekòl, epi bati yon karyè kòm elektrisyen endistriyèl anvan li te deside deplase al viv New York ak fiyanse li.

Li espere aplikasyon l yo ap pèmèt li rete nan peyi a pou yon ti tan ankò. “Si m tounen Ayiti, m pa konn kote m prale. M pa posede anyen laba a,” se sa li te deklare. Li fè konnen vil kote li soti a, Gantye, pou kounya se gang ki kontwole l, epi li ajoute katye kote li t ap viv ak fanmi li “fin detwi nèt.”

Pou anpil moun, posibilite renouvèlman TPS nan mwa dawout la reprezante dènye espwa pou yo ka rete nan peyi a.

Saint-Hubert aplike pou TPS depi plizyè mwa e li poko jwenn okenn repons. Imigran 40 lane a te kite lakay li Okap an avril 2024 epi li te antre Nouyòk nan kad pwogram Biden nan.

“Lè m te Ayiti, mwen te panse isit la se te paradi,” se sa li te di. “Men lè w rive isit la, se vreman yon lòt bagay.”

Saint-Hubert ap travay pou kounya kòm ajan sekirite. Men, li di: “Si Prezidan an deside voye m tounen Ayiti, m ap retwouve m san travay, san anyen.”

Si l pa apwouve pou pwoteksyon kont depòtasyon, oswa si pwogram nan pa renouvle nan mwa dawout, “M pap gen lòt chwa ke tounen nan peyi m,” se sa li te di. “Imajine w ou nan yon peyi kote w pa ka travay, kote w pa gen estati legal. Ou bezwen kay pou w rete, manje, tout bagay sa yo — men san travay, ou pa ka fè anyen.”

E menm si lavi Etazini difisil, tounen lakay la pi mal toujou . “Nou espere fòs ki anwo nan syèl la oswa Papa Bondye va fè kichòy,” se sa li te di, “men pou kounya, se prezidan an k ap deside.”

Pou Sebastien, lide pou l ta kite Etazini se yon bagay ki ap kraze kè li. Li di “Ou vin isit la ak lespwa, epi ou tounen san anyen. Se sa ki pi difisil la.”

Béatrice Vallières

Béatrice is a bilingual journalist based in NYC. She graduated with a Master of Science in journalism from Columbia University.

SEE MORE STORIES

Early Arrival Newsletter

Receive a roundup of immigration and policy news from New York, Washington, and nationwide in your inbox 3x per week.