Ángel Blanco Marin, yon mizisyen 22 ane Etazini depòte nan prizon CECOT nan peyi El Salvador

Yon envestigasyon Documented revele Etazini ta voye Ángel nan yon gwo prizon nan peyi El Salvador san l pat pase devan yon jij.

Carla Gloria Colome

May 15, 2025

Ángel Blanco Marin holds up a sign in his home reading "Freedom for my son," "Not part of Tren de Aragua," and "Migration is not a crime." || Ángel Blanco Marin kenbe yon pankat lakay li ki di "Libète pou pitit gason m nan," "Pa manm Tren de Aragua," ak "Migrasyon se pa yon krim."

Share Button WhatsApp Share Button X Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button Nextdoor

Ángel Blanco Marin ki gen 22 ane, te vizite zanmi l Fabian Olmos nan New Jersey kèk jou anvan ajan imigrasyon ameriken ICE yo te arete l. 

De chantè yo grandi ansanm nan peyi Venezyela. Nan garaj kay Olmos la, yo te kòmanse repete yon chante, epi filme yon videyo mizik.

Jou sa a Angel kite Olmos, li retounen Bronx, kote li t ap travay nan livrezon manje pou konpayi UberEats.

De jou apre, nan dat 24 fevriye, on ti kras anvan minui, li menm ak de lòt zanmi t ap bay blag devan yon bilding nan Bronx.

Men rapidman, sware sa a ta pra l pran yon lòt direksyon. Jan Documented te rapòte l, ajan ICE yo te arete Merwil Gutiérrez ki te gen 19 ane e yo te depòte l nan gran prizon CECOT (Centro de Confinamiento del Terrorismo) nan peyi El Salvador. Istwa sa a, jan papa l Wilmer Gutiérrez te rakonte l, te atire atansyon manm Kongrè ameriken an ak medya entènasyonal yo.

Sa nou pa t konnen lè sa a, se ak ki moun Merwil te ye: Joen Suarez Fuentes ki gen 23 lane, ak Ángel Marin ki gen 22 lane, ki menm jan avèk li, te soti nan peyi Venezyela ak rèv pou amelyore kondisyon lavi li.

Okenn nan yo de a pa gen dosye kriminèl ni Etazini, ni nan peyi Venezyela.

Dapre temwen ki te viv sèn nan e ki prefere rete anonim paske yo te pè reprezay, anviwon de douzèn ajan ICE te rive nan pòt bilding nan nan anviwon 10 machin. Lè sa a, ajan yo te aji byen rapid, yo arete twa jenn gason yo epi mete yo chak nan yon machin diferan.

Ángel, Joen ak Merwil te pase nuit la fèmen nan komisarya, san yo pa konnen egzakteman poukisa yo te arete yo. Nan jou ki te vin apre yo, yo voye yo nan plizyè sant detensyon atravè peyi a, soti Philadelphia rive Texas, anvan yo finalman rive nan sa yo kwè ki se destinasyon final yo: Sant Konfinman pou Teworis nan peyi El Salvador. Fanmi Fuentes pa t aksepte pale ak Documented.

Soti Bronx pou rive El Salvador

Fabian Olmos (a goch) ansanm ak Angel (a dwat). Kredi foto: Fabian Olmos.

Apre yo fin arete Ángel, youn nan premye moun li te rele, se zanmi l Olmos. Jiskaprezan, Olmos poko kapab kwè ke zanmi l Ángel ta kapab youn pami 238 prizonye prezidan Salvadoryen an, Nayib Bukele, ap fè Etazini peye 20,000 dola pou yo chak ane, pou l kenbe yo nan prizon, jan Associated Press rapòte sa.  

Yo te zanmi depi yo timoun epi tou de te rive Etazini nan ane 2022. Olmos te vini ak yon viza epi Ángel te travèse fwontyè a soti nan peyi Meksik. 

“Se tèrib, sa fè m mal anpil. Mwen pa t janm panse l ta ka fèmen yon kote konsa.” Se sa Olmos ki gen 21 lane, te di Documented an espanyòl. “Angel se pa jis yon zanmi; li se yon moun mwen konnen depi m timoun. Se sèl li m te gen bò isi a kòm moun m te ka konsidere kòm fanmi.”

Ángel di Olmos, jou yo te arete l la, ofisye imigrasyon yo te kondui l nan Fordham Street, yon ri ki te gen anpil ti machann, magazen bijou ak famasi, anvan yo te rive nan yon komisarya ki pa t twò lwen. Kèk jou apre, li te transfere nan Pennsylvania. Apre sa, yo te voye l nan prizon Valle Detention Facility nan vil Texas. 

Nan apèl li yo ak Olmos, prèske toujou vè minui, Ángel an jeneral pa t pale anpil sou lavi l nan sant detansyon yo paske l te pè pou moun pa tande sa yo t ap di. Olmos di: “Li t ap rele m pou l motive m [pou m kontinye fè mizik] pou m pa sispann. “on moun ki nan gang pa t ap travay ak yon bisiklèt livrezon [pou UberEats] nan Bronx.” 

Olmos admèt li toujou pa t ka konprann arestasyon Ángel la.

Ángel te rive nan vil Nouyòk sa gen twa ane, apre yon vwayaj prèske de mwa atravè Amerik Santral. Yon fwa li te rive nan fwontyè sid Etazini an, li remèt tèt li bay otorite imigrasyon yo. Kòm li te yon minè nan epòk la, yo te voye l nan yon abri nan New York. Kèk mwa apre, premye chanm Ángel te kapab peye nan vil la se yon chanm li te lwe ak Olmos nan Bronx, apre yo te fin rejwenn nan vil la. Dapre sa Olmos di, te vin rive yon lè, bagay yo te vin di.

Ángel Blanco Marin ap prepare chanm pitit li nan zòn Valles del Tul nan peyi Venezuela. Kredi foto: Keny Loaiza pou Documented.

Yo tou de te pèdi travay yo epi yo t al viv ansanm ak zanmi yo Fuentes, anba yon tant sou yon plas piblik nan katye a. Pou yo benyen, yo te konn al nan yon jimnazyòm ki tou pre a. Pou manje, yo degaje yo ak sa yo jwenn . Apre prèske de mwa, ti pa ti pa, yo te rive soti nan lari a. Men, ni youn ni lòt pa janm bliye peryòd yo te konn ap dòmi nan lari ansanm sou yon plas piblik.

Jou ki te 13 mas la, prèske de semèn apre arestasyon l, Ángel te rele yon lòt zanmi l, yon Venezyelyèn ki rele Silvery López ki te gen 21 ane. Li te pale ak li chak jou depi lè yo te arete l la. 

Chak swa, li te konn rakonte l kijan jounen l te pase ak kijan yo te peye l anviwon kat dola lè pou travay netwayaj li te fè nan prizon an.

Apèl sa a te trè diferan. Li mande López pou l kontakte papa l imedyatman pou l di l demen y ap depòte l nan peyi Venezyela. Papa Ángel ki gen 58 ane, ki gen menm non ak li — Ángel Blanco — te reponn apèl López la lakay li nan peyi Venezyela kote l ap viv ak madanm li e dènye pitit gason l. L ap travay pou Ministè Sante.

Lè López te di l yo pral depòte Ángel, li te kòmanse prepare retou pitit li. Li te di Documented nan yon apèl telefòn menm si l te konnen retounen nan peyi Venezyela ap yon moman difisil pou Angel, li te kontan l ap rewè pitit li. “Mwen te kontan paske li t ap vini. Mwen te pentire chanm li a. Mwen prepare l pou lè li vini. M te achte balon dekorasyon pou li.” 

Nan demen, papa l te leve bonè. Li abiye l, li pran wout Ayewopò Entènasyonal Simón Bolívar, nan eta La Guaira, kote vòl moun Etazini depòte yo konn ateri. Li tann plizyè èdtan. Ángel pa janm rive. Papa a mande pou pitit gason l. Pa gen moun ki te gen repons pou li. Li gade ekran ki gen anons vòl yo, pa gen enfòmasyon. “Mwen te rete pou jis fen aprèmidi an, epi m mande toupatou. Men, pitit gason m nan pa t janm rive,” se sa l te di.

Ángel Blanco Marin ki t ap tann piti li retounen nan peyi Venezyela, dekouvri non l nan lis imigran Etazini depòte nan gwo prizon CECOT ki nan peyi El Salvador. Foto: Keny Loaiza pou Documented.

López te rele sant detansyon Texas la pou l konnen si yo te depòte zanmi l la finalman. “M te mande pou Ángel, m te bay tout enfòmasyon ki konsène l, epi yo te di m wi, li te toujou nan detansyon,” Lopez di. “M te mande yo si l te la, poukisa l pa rele, epi moun ki te reponn mwen an di m, petèt li pa gen lajan osnon li te okipe. Mwen pat kwè l, m te santi yo t ap ban m manti.”

Kèk jou apre, fanmi ak zanmi Ángel yo te wè nan nouvèl menm imaj ki te enkyete anpil moun nan monn lan: plizyè dizèn prizonye, ​​yo kale tèt yo nèt, minòt nan ponyèt yo nan CECOT, apre yon akò Prezidan Donald Trump ak Bukele te jwenn pou depòte imigran yo nan peyi El Salvador. Administrasyon Repibliken an, malgre lòd yon jij ki te bloke depòtasyon yo tanporèman, te rale lwa 1798 Alien Enemies Act la, Etazini te itilize pou jistifye ekspilsyon moun yo konsidere kòm “lènmi peyi a.”

Ni papa Ángel ni zanmi l yo pa t wè l nan imaj  ki te gaye tout kote yo. Men, yo te aprann Ángel te depòte nan peyi El Salvador apre medya CBS News te pibliye yon lis ki gen non 238 moun yo te voye nan peyi sa. Se menm jan an Wilmer Gutiérrez, papa Merwil, te aprann yo te depòte pitit gason l lan nan menm peyi Amerik Santral sa a.

Papa Ángel di: “Yo depòte Àngel nan peyi sa, san li pa t menm konnen si se la li ta prale” se sa López di. “Yo te di l yo pral depòte l nan peyi Venezyela, poutan se pa sa ki te fèt vre. Depi lè sa a, mwen pa gen okenn nouvèl li.”

Majorite moun yo depòte yo “pa gen okenn dosye kriminèl”

Jouk jounen jodi a, papa a pa gen okenn eksplikasyon sou detansyon pitit gason l li dekri kòm yon “ti gason poze” ki te sèlman vle chante, fè yon ti kòb, epi petèt retounen Venezyela. Kòm fanmi an pa resevwa okenn enfòmasyon, papa a kwè, menm si pa gen okenn tatou sou kò pitit li ki fè referans ak gwoup gang El Tren de Aragua, yo te arete l pou tèt li gen tatou. Sa ki te vin tounen youn nan prensipal pretèks gouvènman an oran, pou mete moun yo konsidere kòm kriminèl yo nan prizon.

Youn nan ra fwa Ángel ak papa l te nan kont, se lè Ángel te fè premye tatou li.

“Li pa t janm di m li pral fè tatou. Yon tatou se yon mak pou lavi,” se sa papa a di. 

Se yon fraz ki ekri sou kou li ki di ‘Los Valle reprezante, Valle del Tuy, ki se non vil li soti an, yon rapèl sou kote li soti a. Rès tatou li yo, Ángel te fè yo kay yon atis tatouwè li te lwe kay avè l nan Bronx. Sou kou li, sou dwèt ak sou bra li, gen tatou yon veso espasyal, yon ti Donald Duck, yon lèt Chinwa, non manman l ak non Katherine, yon zanmi.

Malgre administrasyon Trump lan te itilize koze tatou sa pou fè migran yo pase pou manm gang El Tren de Aragua, papa Ángel ensiste pou di pitit gason l lan pa gen okenn dosye kriminèl. Documented, ki te gen aksè nan dosye kriminèl yo, te rive verifye ke jenn Venezyelyen an pa gen okenn dosye lapolis nan peyi Kolonbi oswa Venezyela, 2 peyi kote li te viv.

Ángel Blanco Marin ki gen menm non ak pitit gason l, ap montre foto l ak pitit li nan kay yo nan peyi Venezuela. Foto: Keny Loaiza pou Documented.

Men, ta sanble sa pa t ase pou Àngel chape anba sa yo rele “pi gwo vag depòtasyon nan istwa Etazini” Prezidan Trump vle fè a. Dapre Juan Pappier, direktè adjwen nan Americas Division of Human Rights Watch (HRW), ki ap mennen ankèt sou ka prizonye yo nan El Salvador, sou omwen 50 ka yo evalye, majorite ladan yo “pa gen okenn dosye kriminèl.” Yon ankèt CBS 60 te jwenn 75% nan 238 depòte yo idantifye nan CECOT pa gen okenn dosye kriminèl Etazini oswa Venezyela, ak kèk nan lòt peyi kote yo te viv, tankou Kolonbi ak Perou.

Pappier eksplike nan yon entèvyou, se “Sèlman de twa ki gen dosye kriminèl grav, ak plizyè lòt gen ti deli minè, tankou travèse fwontyè a ilegalman. Gen anpil endis ki montre moun sa yo yo akize ki nan gang El Tren de Aragua se akòz tatou yo, malgre, dapre ekspè yo, tatou se pa yon bagay manm gang yo itilize regilyèman.”

Sa HRW te rive verifye, se menm bagay anpil moun ap denonse nan gouvènman ameriken an: “vyolasyon pwosesis legal la” lè yo voye imigran yo nan peyi El Salvador san yo pa ba yo opòtinite pou yo parèt devan yon jij oubyen kominike ak avoka oswa manm fanmi yo. Lakou Siprèm Etazini te deside tout Venezyelyen ki anba menas depòtasyon dwe benefisye yon pwosesis legal epi opòtinite pou konteste desizyon pou depòte yo sòti Etazini.   

“Nou ap fè fas ak disparisyon fòse, paske non sèlman yo kenbe yo e vyole dwa yo pou yo kominike ak lòt moun, men yo kontinye anpeche fanmi yo jwenn enfòmasyon sou kote yo ye oswa sa ki rive yo,” se sa Pappier te di Documented.

“Yo kidnape pitit nou yo pou yo negosye kòmsi yo se machandiz”

Papa Ángel pa gen dout sa a se yon “kidnaping,” sitou lè nan fen mwa avril la, Prezidan Bukele te pwopoze Prezidan Venezyela a, Nicolás Maduro, pou l twoke prizonye Venezyelyen yo nan CECOT ak prizonye politik Salvadoryen ki nan prizon Venezyela yo.

“Yo kidnape pitit nou yo pou yo negosye tankou se machandiz yo te ye,” se sa l te di, e li denonse gouvènman ameriken paske li se “prensipal responsab” pou tout tray y ap sibi la a. “Chak gout dlo je, chak jou san dòmi, tout move tretman timoun nou yo, se responsablite total Etazini,” se sa li te ajoute.

Ángel Blanco Marin fè konnen depòtasyon pitit li a sanble ak yon “kidnaping.” Foto: Keny Loaiza pou Documented.

Lavi papa a chanje depi lè sa a. Gen jou li pa manje, li pa gen anvi al travay, se apenn li rive dòmi. “Mwen kriye paske mwen konnen pitit gason m nan prizon, nan lanfè.”

Gen jou kote papa Ángel mande si pitit gason l manje, si pitit gason l benyen, menm jan li te konn fè lè li te piti. “Mwen benyen l, abiye l, mennen l nan bezbòl, nan sinema, fè l manje a midi,” se sa li rakonte.

Li pa t janm vle pou pitit gason l kite Venezyela, men li te konprann li lè li te ale. Gen kèk jou yo te konn kanpe nan liy byen long nan vil la pou achte de liv diri. Yo te prèske pa gen ase manje. Papa a di: “Sitiyasyon nou te genyen an te difisil. Lè nou te lakay nou, Ángel te vle manje tout diri a pou kont li, e m te konn di l li paka konsa.”

Kidonk, lè li te rive New York epi li te kòmanse travay, papa a te kontinye di Ángel se pa lajan li te bezwen. “Mwen te toujou di l, ‘pa voye lajan pou mwen, voye lapè despri ban mwen.” Kounye a, se jisteman sa a, lapè nan lespri, li pa genyen.

Carla Gloria Colome

Carla is a Cuban journalist based in New York. She is the founder of the magazine ‘El Estornudo’ and winner of the Mario Vargas Llosa Award for Young Journalism. She is a regular contributor to El País. She holds master's degrees in Communication from UNAM and in Bilingual Journalism from the Craig Newmark Graduate School of Journalism. She is passionate about engagement journalism and covers topics such as migration, human rights, gender, health, environment and society. She is a member of NAHJ.

SEE MORE STORIES

Early Arrival Newsletter

Receive a roundup of immigration and policy news from New York, Washington, and nationwide in your inbox 3x per week.