Men sa w dwe konnen sou nouvo frè 1 000 dola pou “parole” la:
- Pifò moun ki resevwa “parole (pawòl)” apati 16 Oktòb 2025 yo dwe peye yon nouvo frè 1000 dola.
- Ou pa peye frè sa a lè w ap soumèt aplikasyon “parole” la. Ou sèlman peye l apre yo fin apwouve “parole” ou.
- Frè a kouvri humanitarian parole (pawòl imanitè), parole in place, ak re-parole, sof si w kalifye pou yon eksepsyon.
- Gen kèk moun ki pa p peye frè a, tankou moun ki nan ijans lopital ak moun ki aplike k ap vwayaje ak “advance parole” pandan dosye rezidans yo ap trete.
- Si w dwe peye frè a epi ou pa fè sa, “parole” ou a ka pa valab.
Kiyès ki dwe peye frè 1000 dola pou parole la.
Ou dwe peye frè 1000 dola a si yo akòde w youn nan estati sa yo apati 16 Oktòb 2025 :
- Parole in place
- Re-parole
- Parole depi aletranje, tankou humanitarian parole oswa significant public benefit parole
Si w te aplike pou parole anvan 16 Oktòb 2025 men yo apwouve w apre dat sa a, frè a toujou aplikab. Menm jan an, si yo ba w re-parole oswa yon pwolongasyon parole apre dat sa a, w ap bezwen peye frè a sof si yo ta fè yon eksepsyon.
Konsilte yon avoka imigrasyon ki kalifye oswa yon reprezantan akredite paske desizyon parole yo ak eksepsyon yo ka varye an fonksyon dosye chak moun. Lè w gen asistans yon pwofesyonèl sa ka ede w evite erè ki ka retade antre w oswa afekte estati w.
“Si yon moun pa kapab oswa pa peye 1 000 dola a, selon sa mwen konprann, yo p ap pèmèt li antre oswa retounen Etazini” Jodi Ziesemer, ki Direktè Politik Immigration Emergency Response nan New York Légal Assistance Group, fè konnen.
Enfòmasyon sa yo pa ranplase konsèy legal yon avoka konpetan oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou te fèt nan mwa Novanm 2025.
E si w pa kapab peye frè a?
Si yo mande w peye frè a epi ou pa peye li, yo pap akòde w parole la oswa yo ka anile li. Ou dwe peye tout lajan frè a.
Kilè ak kijan yo touche lajan frè a?
Yo egzije w frè 1 000 dola a sèlman aprè yo fin apwouve parole ou. Yo p ap mande w peye frè sa a lè w ap fè demann nan oswa lè w soumèt aplikasyon an, tankou Fòm I-131 an. Ajans imigrasyon ki responsab la pral voye enfòmasyon ba w lè parole ou apwouve epi l ap ba w enstriksyon pou w peye lajan an.
Si yo akòde w parole sou youn nan fwontyè Etazini yo, Customs and Border Protection (CBP) ap touche lajan frè a anvan yo kite w antre nan peyi a.
Si y apwouve parole ou pandan ou deja Etazini, atravè USCIS oswa ICE, w ap resevwa yon avi ki esplike kijan ak kilè pou w peye frè a. Parole ou ap vin ofisyèl sèlman apre gouvènman an resevwa epi trete pèman an.
Li enpòtan pou w tann avi ofisyèl la anvan ou peye. Ajans lan ap fè w konnen metòd pèman ki disponib (sou entènèt, pa lapòs, oswa an pèsòn) epi l ap ba w dat limit pou w soumèt pèman an.
Kiyès ki pa bezwen peye frè a?
Règleman an gen plizyè eksepsyon pou moun ki nan sitiyasyon imanitè oswa fanmi ki gen ka espesyal. Ou pa oblije peye frè 1 000 dola a si ka pa w la nan youn nan kategori sa yo:
- Yo akòde w parole poutèt yon ijans medikal ki menase lavi w, oswa ou se yon paran oswa yon responsab ki akonpaye yon timoun ki bezwen swen medikal ijan.
- W ap vin Etazini pou fè yon don ògàn oswa tisi pou yon transplantasyon.
- W ap vwayaje pou w al jwenn yon manm fanmi ki pa lwen desede, oswa pou w ale nan fineray yon fanmi.
- Ou se yon timoun yo adopte ki anba swen yon sitwayen ameriken epi ou bezwen swen medikal anvan yo ba w viza w.
- Si w fè yon demann pou ajisteman estati epi w ap retounen soti aletranje ak yon advance parole, sa vle di si w deja depoze Fòm I-485 pou rezidans epi w ap itilize yon dokiman advance parole ki ba w dwa pou w retounen, alòs ou pa p bezwen peye frè a.
- Yo te voye w nan yon peyi vwazen anba yon pwosedi ekspilsyon akselere, epi yo mete w sou parole pou w retounen pou odyans imigrasyon w.
- Si w se yon Cuban-Haitian Entrant daprè jan lalwa ameriken defini sa.
- Yo mete w sou parole pou yon rezon ki gen rapò ak aplikasyon lalwa oswa pou resevwa asistans piblik tankou èd finansye oswa swen sante, tankou lè w kolabore nan yon ankèt gouvènman ameriken an ap mennen.
Ou dwe pwouve chak eksepsyon devan DHS. Li posib pou w bezwen montre dokiman (tankou yon lèt doktè, papye adopsyon, oswa prèv ofisyèl ki montre demann rezidans ou an ap trete) pou w kalifye.
你知道吗?非公民办理驾照时的这个错误可能会导致选民欺诈
Apre yo fin apwouve parole ou, si nòt pou peye frè a konsène w men ou kwè ou gen yon eksepsyon, ou dwe reponn alekri bay ajans ki responsab la (CBP, USCIS, oswa ICE—sa depann ki enstitisyon ki te akòde w parole la) avan dat limit ki make nan nòt la.
Nan demann alekri w la, eksplike klèman kiyès nan esksepsyon yo w ap reklame epi mete prèv ki nesesè yo, tankou dosye medikal, dokiman ki montre don ògàn nan, papye adopsyon, prèv demann ajisteman estati ki toujou an pwosesis (pou moun k ap vwayaje ak advance parole), oswa nenpòt lèt ki pwouve ou te kolabore ak bay èd ak otorite yo nan yon ankèt legal.
