Kote w ap jwenn fòmasyon OSHA gratis nan vil Nouyòk

Men ki kote w ap jwenn fòmasyon pou sètifikasyon OSHA gratis, sa pou w prevwa, ak kijan pou w chwazi klas yo selon wòl travay ou.

Paz Radovic

Aug 15, 2025

Migrantes trabajando en la obra de construcción en Brooklyn, donde muchos dijeron que Giron les reclutó para venir a trabajar. Foto: Cortesía de Manuel Santiago Rengifo Pinargote

Share Button WhatsApp Share Button X Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button Nextdoor

Enfòmasyon ou dwe konnen sou fòmasyon gratis OSHA genyen nan vil Nouyòk:

  • Fòmasyon OSHA Outreach la enpòtan pou w aprann kijan pou w pratike sekirite nan espas travay nan endistri ki gen gwo risk tankou konstriksyon, swen sante, ak fabrikasyon.
  • Gen diferan nivo fòmasyon OSHA selon wòl travay ou.
  • OSHA ak Fòmasyon sou Sekirite Chantye (SST) pa menm bagay. Pou pifò travay konstriksyon nan Vil Nouyòk, w ap bezwen tou de sètifikasyon yo OSHA ak SST.
  • Ou kapab jwenn fòmasyon OSHA gratis atravè pwogram nan òganizasyon  Nouyòk tankou NICE, Workforce 1, oswa CAMBA.

Kisa OSHA ye?

OSHA (Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay), se yon ajans gouvènman ameriken an ki la pou etabli epi ranfòse aplikasyon nòm ki asire bon jan kondisyon travay pou anplwaye.

Li fè pati Ministè Travay epi li te kreye pou prevwa epi evite lanmò ak aksidan nan travay. Lè w enskri oswa lè w ap swiv fòmasyon OSHA yo sou sekirite nan travay, yo p ap pozew kesyon sou estati imigrasyon w Se sa ki fè li aksesib pou travayè san papye yo.

Ki moun ki dwe pran klas OSHA?

Fòmasyon sou Sekirite Chantye (SST) ak Fòmasyon OSHA Outreach yo obligatwa pou pifò travay konstriksyon nan vil Nouyòk. Se vre konstriksyon se endistri moun konnen ki plis itilize fòmasyon OSHA, men anpil lòt sektè tankou fabrikasyon, depo ak transpò, reparasyon ak antretyen otomobil, sektè piblik la, ak swen sante itiize fòmasyon OSHA a tou.

Pou w verifye si chantye konstriksyon oswa demolisyon w ap travay la bezwen sètifikasyon pou fòmasyon sou sekirite, tcheke kat jewografik la nan lyen sa a.

Men fòk ou pa konfonn OSHA ak SST. Yo pa menm bagay: OSHA se yon ajans federal, tandiske SST gen rapò ak yon lwa espesifik nan Vil Nouyòk. Kapab genyen konfizyon paske fòmasyon OSHA genyen kòm yon pati nan egzijans SST a, men se de ajans diferan ki jere yo. Ou ka aprann plis sou SST ak ki moun ki bezwen l nan gid konplè nou an nan lyen sa a.

Nan lis anba a nou bay diferan kalite fòmasyon OSHA yo. Nimewo ki nan chak tit yo endike konbyen èdtan li pran pou fini ak sètifikasyon an.

OSHA 10: Pwogram sa a se pou travayè ki nan premye nivo. Nan vil Nouyòk, OSHA 10 obligatwa pou pifò jòb konstriksyon ak demolisyon. Yon fwa yo fini ak fòmasyon OSHA 10 lan, travayè yo jwenn yon kat tanporè epi yo ka kòmanse travay sou kèk chantye, men yo rete plis fòmasyon pou yo fini. Nan 6 mwa, yo dwe pran klas SST a ki dire 30 èdtan.

OSHA 30: Klas sa a mande plis tan fòmasyon paske li sible travayè ki nan nivo sipèvizè. Kidonk, si travay ou gen ladan l sipèvizyon oswa responsablite pou nenpòt lòt moun, ou bezwen vèsyon 30 èdtan OSHA a. Nan vil Nouyòk, ou pral oblije pran kou SST adisyonèl anplis OSHA 30 lan.

62 èdtan NYC SST: Fòmasyon sa a fèt espesyalman pou responsab sipèvizyon yo sou chantye konstriksyon nan vil Nouyòk, tankou responsab sekirite chantye, responsab sekirite beton, kowòdonatè, direktè an chèf konstriksyon ak lòt moun nan gwo pozisyon.

Ki kote m ka jwenn fòmasyon OSHA gratis?

La Colmena NYC
Ki nan Staten Island, òganizasyon imanitè sa a bay plizyè fòmasyon tankou klas OSHA 30 ak SST 10 ansanm ak devlopman konpetans teknik ak sosyal pou ede imigran yo reyisi nan karyè yo. Pou w jwenn fòmasyon yo, kontakte yo.

Telefòn: (718) 442-7700
Imèl: info@lacolmenanyc.org

Oubyen vizite biwo yo ki nan 774 Port Richmond Ave, Staten Island, New York 10302​. Yo ouvè lendi jiska vandredi soti 9 a.m. pou rive 5 p.m.

Workforce 1
Workforce 1, an kolaborasyon avèk Depatman Sèvis Ti Antrepriz (SBS) vil Nouyòk, bay plizyè fòmasyon nan domèn konstriksyon, tankou sa yo ki konsantre sou OSHA ak SST. Tout klas sa yo gratis.

W ap jwenn Fòmasyon sou Sekirite Chantye Konstriksyon an nan Sant Karyè SBS Workforce1 yo nan tout senk awondisman yo. Yo gen opsyon vityèl tou. Yo ofri fòmasyon an nan plizyè lang, tankou anglè, panyòl, ris, polonè, kantonè ak mandaren. Si w enterese pou w aplike, ou ka ranpli fòmilè sa a oswa vizite youn nan lokal yo. 

  • Sant Karyè Workforce1 Bronx
    400 E. Fordham Road, 8yèm etaj, Bronx, NY 10458
  • Sant Karyè Workforce1 Brooklyn 
    9 Bond Street, 5yèm etaj, Brooklyn, NY 11201
  • Sant Karyè Workforce1 Upper Manhattan
    215 W 125th Street, 6yèm etaj, New York, NY 10027
  • Sant Karyè Workforce1 Queens
  • 168-25 Jamaica Avenue, 2yèm etaj, Jamaica, NY 11432
  • Sant Karyè Workforce1 Staten Island
    120 Stuyvesant Place, 3yèm etaj, Staten Island, NY 10301

CAMBA/Job Plus
CAMBA ki nan Brooklyn, ofri fòmasyon gratis ki bay sètiifikasyon OSHA ak SST.

Patisipan ki kalifye yo resevwa MetroCard ak asistans finansyè. Yo ofri tou asistans pou plasman travay pou gradye yo atravè patenarya ak anplwayè yo.

Pou kalifye pou CAMBA, ou dwe nan chomaj, ou dwe otorize pou travay nan Nouyòk epi disponib pou patisipe nan sesyon fòmasyon yo alè e an pèsòn lendi jiska vandredi.

Fè atansyon ak fwod OSHA yo

Fè atansyon ak fwod lè w ap chèche fòmasyon OSHA. Fo kat OSHA ak Fòmasyon sou Sekirite Chantye (SST) se yon pwoblèm grav nan Nouyòk.

Yon gwo dosye fwod te enplike Valor Consulting, ki te vann anviwon 20,000 fo kat OSHA ant 2019 ak 2023 san yo pa bay okenn enstriksyon reyèl. Travayè yo te peye 300 a 600 dola pou yon kat yo te resevwa nan mwens pase inèdtan, ki jistifye ak fo rapò sou prezans yo nan klas epi dat ki falsifye nan dokiman yo.

Pou evite eskrokri sa yo, toujou verifye founisè fòmasyon OSHA w la gen otorizasyon ofisyèl Ministè Travay Etazini. Yon kou lejitim ap pran 10 oswa 30 èdtan pou fini l epi yon antrenè otorize ap ba ou yon kat OSHA ou ka kenbe nan bous ou.


Si w gen plis kesyon sou sijè sa a epi ou vle konnen nan ki nivo ou konsène, kontakte yon espesyalis sou sit Documented.info a pou w ka jwenn repons ki gratis epi konfidansyèl. Klike sou lyen sa a pou plis enfòmasyon.

Paz Radovic

Paz Radovic is a bilingual journalist based in New York City. As the Spanish-Community Correspondent at Documented, she amplifies Hispanic and Spanish-speaking voices in NYC through events, engagement, and content creation. Her reporting background includes investigative work for streaming productions, newspapers, and TV in Chile, covering politics, gender, health, education, migration, and social issues. More recently, she has focused on audience engagement, optimizing newsroom analytics, and developing social media strategies.

SEE MORE STORIES

Early Arrival Newsletter

Receive a roundup of immigration and policy news from New York, Washington, and nationwide in your inbox 3x per week.