Logo
Mar 27, 2026 | Madeline Faber

Men kijan moun k ap vin Nouyòk yo ka jwenn asistans pou avòtman

Nouyòk ap kontinye fè avòtman aksesib pou tout moun, kit se imigran san papye oswa vizitè ki soti nan lòt eta.

Sèvis avòtman aksesib pou tout moun nan Nouyòk, kit se imigran san papye oswa vizitè ki soti nan lòt eta.

Depi Lakou Siprèm te finn vote pou ranvèse desizyon l sou lwa Roe V. Wade la nan dat 24 jen 2022 a, legalite avòtman vin anba desizyon chak eta. Avòtman legal nan Nouyòk, epi deklarasyon ofisyèl  yo afime eta a ap kontinye fè avòtman aksesib pou tout moun — kit se imigran san papye oswa vizitè ki soti nan lòt eta.

Dapre lalwa Nouyòk, pratikan swen sante yo ka bay swen avòtman jiska dezyèm trimès la (13 rive nan fen semèn 27). Apre peryòd sa a lalwa Nouyòk otorize avòtman an si sante yon pasyan an danje oswa si gwosès la p ap siviv.

Pwoteksyon pou tout moun k ap viv Nouyòk, kèlkeswa estati imigrasyon yo

Sèvis avòtman yo kouvri anba pwogram NYC Health + Hospital locations’s NYC Care program, yon inisyativ pou aksè a swen sante pou rezidan ki pa gen gwo mwayen finansyè men ki pa kalifye pou Medicaid. Li bay imigran san papye yo sèvis swen sante ki pa koute chè oswa ki gratis — tankou avòtman — nan divès lopital nan tout vil la.

Moun ki kalifye yo ka jwenn aksè a swen sante depi yo gen yon prèv adrès. NYC Care deklare li ka toujou ede, menm si yon aplikan pa gen dokiman yo mande yo.

Moun k ap viv Nouyòk ki kalifye pou Medicaid ka fè yo kouvri tout pri avòtman an. Anpil klinik avòtman ka enskri kliyan yo nan Medicaid menm jou yo pran randevou a. Moun yo dwe satisfè kondisyon sa yo pou yo resevwa Medicaid nan eta Nouyòk:

  • Viv nan eta Nouyòk
  • Revni anyèl la mwens pase, oswa egal a 138% Nivo Povrete Federal la (pou moun ansent, limit revni an se 223% FPL)

Depi 2017, lalwa Nouyòk egzije pou founisè asirans ki baze nan Nouyòk – tankou asirans prive, Medicaid ak plan sou mache a – kouvri tout pri avòtman an san kopeman.

Lopital yo p ap janm pataje enfòmasyon pèsonèl ou ak otorite imigrasyon yo.

Aksè ak avòtman pou moun ki pa abite Nouyòk yo

Vizitè ki pa gen asirans sante ki baze nan eta Nouyòk yo gen opsyon. 

Òganizasyon Brigid Alliance ki baze nan Nouyòk bay èd lojistik, tankou vwayaj, manje, lojman, ak gadri pou moun k ap chèche avòtman nan Nouyòk, Nouvo Meksik, Kolorado ak Washington DC.

Rezidan Nouyòk yo ak moun k ap vwayaje vin Nouyòk pou fè avòtman ka aplike pou èd finansye atravè Fon Aksè pou Avòtman Nouyòk la.

Resous

Aplikasyon Charley: Yon sistèm konvèsasyon robo sekirize ki ede moun k ap chache fè avòtman jwenn enfòmasyon sou klinik, pri, vwayaj ak plis ankò.

NYC Health + Hospitals: Lis lopital ki ofri avòtman, rele 1-844-NYC-4NYC pou enfòmasyon sou randevou ak sipò finansye

NYC Care: Enfòmasyon sou kijan pou enskri nan asirans sante lokal kòm yon imigran san papye, rele 646-NYC-CARE

Depatman Sante ak Ijyèn Mantal Vil Nouyòk: Enfòmasyon sou kijan pou fè yon avòtman nan vil Nouyòk.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt