Logo
Mar 20, 2026 | Denia Pérez

Konnen dwa w: Kijan w kapab reyaji ak ICE nan epas piblik yo

Aprann dwa w kòm imigran lè w rankontre ajan ICE oswa CBP yo nan espas piblik yo. Gid sa a bay egzanp ak konsèy sou kijan pou egzèse dwa w.

Nan dènyè jou yo, arestasyon ki lye ak dosye imigrasyon vin kouran nan espas piblik yo tankou sou twotwa ak nan mitan lari. i enpòtan pou w konprann dwa w yo ak kijan pou w egzèse l kòm imigran. Gid sa a dekri egzanp espas piblik yo ak sa pou w fè si w rankontre ajan ICE oswa CPB.

Kisa yon espas piblik ye?

Espas ouvè tankou pak ak twotwa yo konsidere kòm espas piblik, menm jan ak restoran, platfòm tren anba tè MTA, epi makèt ak magazen. Ajan ICE ak CBP pa bezwen manda pou yo antre epi fè arestasyon nan kote sa yo. Men, si w rankontre yo, ou gen dwa w ou kapab egzèse.

Ki dwa mwen genyen lè m kontre ak ICE nan espas piblik yo?

Kèlkeswa estati imigrasyon w, ou gen dwa. Men kèk ladan yo epi kijan pou w egzèse yo si w ap kominike nan espas piblik avèk ICE oswa CBP.

Si yon ajan ICE apwoche w epi li kòmanse kesyone w, pa kouri, pa panike. Mande avèk kalm “èske mwen lib pou m ale?” Si ofisye a di wi, ou ka ale.

Si yon ajan ICE di ou pa lib pou w ale, ou gen dwa rete an silans. Pou w egzèse dwa sa a sèlman di ou pap reponn okenn kesyon.

Ou gen dwa pou w genyen yon avoka. Ou ka deklare w pap reponn okenn kesyon san prezans yon avoka, tankou kesyon si w se yon sitwayen ou pa.

Ou gen dwa refize pou yo fouye w. Ou ka egzèse dwa sa a lè w di yo ou pa bay konsantman w pou yo fouye w.

Ou gen dwa refize siyen nenpòt dokiman. Ou ka egzèse dwa sa a lè w di ou pap siyen anyen san prezans oswa sipò yon avoka.

Ou gen dwa rete an silans si yo mande w dokiman. Sepandan, si w gen prèv sitwayènte, rezidans legal, oswa estati tanporè, ou ka deside montre yo dokiman sa yo.

Resous an ka detansyon

Si ICE arete ou menm oswa yon moun pwòch ou, oubyen ou temwen yon entèraksyon ak ICE, ou ka rele liy dirèk sa yo pou w jwenn èd:

  • Liy dirèk Pwojè Defans Imigran an ofri konsèy legal, referans pou sèvis legal gratis ak referans pou avoka imigrasyon prive. Nimewo yo se 212-725-6422.
  • Liy dirèk Biwo pou Nouvo Ameriken nan Nouyòk la pèmèt ou rapòte yon rankont ak ICE epi yo bay konsèy sou reprezantasyon legal gratis. Nimewo yo se 800-566-7636.
  • Liy dirèk pou sipò legal nan Biwo Afè Imigran Majistra Vil Nouyòk la ede konekte moun Nouyòk yo ak ajans sèvis imigrasyon. Rele 311 epi di “imigrasyon legal” pou jwenn yo. Orè yo se 9è nan maten rive 6zè nan aswè, lendi jiska vandredi.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt