Menm si gid sa a ka sèvi kòm yon modèl pou plan biznis ou, nou rekòmande w chache konsèy legal nan men moun ki gen konpetans pou sa nan chak kategori nou pral diskite. Gid sa a fèt pou nenpòt moun k ap viv Nouyòk, kèlkeswa estati imigrasyon yo.
Pa gen okenn lwa federal (lwa leta santral) oswa lwa eta a (lwa eta Nouyòk) ki entèdi yon imigran ki pa gen estati imigrasyon legal kòmanse pwòp biznis li. Men, li ilegal pou w anplwaye yon moun ki pa gen estati legal, e sa ka lakòz ou peye amann oswa, pafwa, fè fas ak arestasyon pou zak krimininèl.
Anvan ou kòmanse yon biznis, li rekòmande pou w devlope yon plan biznis, chache konsèy, epi byen konprann endistri ou vle antre a. Men kèk resous ki ka ede w kreye yon plan biznis: Enskri nan kou sou planifikasyon biznis, konsèy sou biznis, ak kou sou kijan pou w ekri yon plan biznis.
Apre w fin devlope yon plan pou biznis ou, men etap vil Nouyòk rekòmande pou w kòmanse yon biznis:
Chwazi yon estrikti legal pou kòmanse yon biznis:
Estrikti legal yon biznis detèmine konbyen lajan taks ou gen pou w peye, kapasite w pou w jwenn finansman, papye ou oblije ranpli, ansanm ak responsablite pèsonèl ou. Se antite legal ou pral sèvi avè l pou fè biznis la.
Men kat (4) prensipal estrikti biznis ki egziste:
Biznis Endividyèl (Sole Proprietorship): Sa se lè ou se sèl mèt biznis la. Modèl sa ba w kontwòl total sou biznis lan, sa vle di byen ak dèt biznis la pa separe ak byen ak dèt pèsonèl ou. Lè sa a ou pèsonèlman responsab pou tout dèt ak obligasyon biznis la. Modèl biznis sa a kapab yon bon chwa pou ti biznis ki pa twò riske, oswa pou moun ki vle teste yon lide biznis anvan yo kreye yon estrikti ki pi fòmèl. Remak: pafwa bank yo ezite prete biznis endividyèl yo lajan.
Patenarya (Partnership): Yon Patenarya se yon estrikti biznis kote de (2) oswa plizyè moun fè biznis ansanm. Gen de (2) kalite patenarya : Limited Partnership (LP) ak Limited Liability Partnership (LLP). Nan yon LP, gen yon sèl patnè ki gen responsablite san limit, pandan tout lòt patnè yo gen responsablite ki limite. Patnè yo pataje ansanm depans, travay, konpetans, pwofi, ak pèt biznis la. Remak: Patnè yo pa konsidere kòm anplwaye.
Konpayi ak Responsablite Limite (LLC): Yon LLC pèmèt ou jwi avantaj ki genyen nan tou de estrikti konpayi kòporasyon ak asosiyasyon biznis. LLC a pwoteje w kont responsablite pèsonèl nan pifò ka. Sa vle di, byen pèsonèl ou (tankou kay oswa kont pèsonèl ou) pa an danje si LLC a fè fayit oswa si gen pwosè kont li. Remak: Manm yon LLC konsidere kòm travayè endepandan e yo oblije peye taks travay endepandan, ki sèvi pou kontribisyon nan Medicare ak Sekirite Sosyal. (Avantaj yon LLC. Lyen.)
Kòporasyon: Yon kòporasyon se yon konpayi ki endepandan de pwopriyetè li yo. Se konpayi an ki reponn devan lalwa, epi li itilize an jeneral menm depans yo retire avan yo fè kalkil la menm jan ak yon biznis pèsonèl pou kalkile lajan yo dwe peye taks sou li. Kòporasyon bay pwopriyetè yo pi gwo pwoteksyon kont responsablite pèsonèl. Men, kreye ak jere yon kòporasyon koute plis pase lòt fòm biznis yo, epi li pi konplike. Gen senk (5) kalite kòporasyon: C Corp, B Corp, S Corp, Close Corporation, Nonprofit Corporation. Klike sou lyen sa a pou plis detay sou chak modèl kòporasyon.
Pou w jwenn konsèy legal gratis sou fòm biznis ak lòt sijè, klike sou lyen sa a.
Anrejistre biznis ou
Moun ki gen biznis pèsonèl (Sole Proprietors) ak patnè nan yon asosyasyon (General Partnerships) ka fè demann sètifika biznis yo nan biwo County Clerk ki apwopriye ak modèl biznis y ap kreye a.
Bronx: 854 Grand Concourse, Room 118. Bronx, NY 10451
Brooklyn: Supreme Court Building 360 Adams St, Room 189 Brooklyn, NY 11201
Manhattan: Supreme Court Bldg 60 Centre St, Room 103B New York, NY 10007
Queens: 88-11 Sutphin Blvd, Room 106 Queens, NY 11435
Staten Island: 130 Stuyvesant Place Staten Island, NY 10301
Pou w konnen si non ou vle itilize pou biznis ou an disponib, ou ka fè yon rechèch non nan biwo County Clerk la. Men lyen an.
Kòporasyon, Limited Partnerships (LP), ak Limited Liability Companies (LLC) dwe depoze yon Sètifika Non Komèsyal (Certificate of Assumed Name) nan NYS Department of State:
NYS Department of State
Division of Corporations, State Records and Uniform Commercial Code
One Commerce Plaza 99 Washington Ave. Albany, NY 12231
Gen kèk limit lè w ap anrejistre non yon biznis nan NYS Department of State. Non biznis ou an pa dwe menm ak lòt LLC, Kòporasyon oswa LP ki deja egziste. Men yon lis kritè pou w konsidere lè w ap chwazi non pou biznis ou. Lyen.
Pou w jwenn konsèy legal gratis sou kijan pou anrejistre biznis ou, klike sou lyen sa a.
Aplike pou yon Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN)
Yon Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN) se yon nimewo espesyal ki sèvi pou yon sèl antrepriz, ki gen nèf chif ki idantifye yon biznis nan kesyon taks. Ou bezwen yon EIN pou w ouvè yon kont labank pou biznis ou, pou w fè demann pou lisans biznis lan, epi deklare taks pou li.
Aplikasyon pou yon EIN se yon sèvis gratis Internal Revenue Service (IRS) ofri. Ou ka aplike sou entènèt, pa lapòs, oswa nan telefòn. Men lyen kote ou ka aplike pou yon EIN.
Remak: Sèvis EIN yo gratis. Pa aplike atravè sit entènèt oswa òganizasyon ki mande w peye lajan.
Enskri kòm vandè pou taks sou lavant machandiz ak sèvis (Sètifika Otorizasyon)
Biznis ki vann byen materyèl (pwodui) oswa sèvis gouvènman an mete taks sou yo nan Nouyòk ap bezwen yon Sètifika Otorizasyon. Sètifika sa a pèmèt biznis ou a kolekte taks sou pwodui li vann yo. Men kèk machandiz ak sèvis leta mete taks sou yo:
- Byen materyèl pèsonèl (eksepte si yo espesyalman egzante yo)
- Gaz, elektrisite, sèvis refwadisman ak vapè, ak sèvis telefòn
- Sèvis yo chwazi mete taks sou yo (selected services, an anglè)
- Manje ak bwason yo vann nan restoran, ba, ak sèvis kantin.
- Lokasyon chanm otèl
- Kèk frè admisyon
Pou plis enfòmasyon kontakte NYS Department of Taxation and Finance.
Pran asirans pou biznis ou
Menmsi diferan fòm biznis ka pwoteje w kont kèk obligasyon legal (pa egzanp, yon LLC fè byen pèsonèl ou pa afekte pa obligasyon biznis la), yon asirans biznis ap pwoteje w kont depans ki pa t prevwa tankou aksidan, katastwòf natirèl, oswa pwosè lajistis.
Gen diferan tip asirans ou ka achte pou yon biznis. Sa ki pi apwopriye pou ou a pral depann de kantite byen ou genyen ak nivo pwoteksyon ou bezwen. Small Business Administration (SBA) mete disponib yon lis etap pou w konsidere anvan w achte asirans. Men lyen an.
Enfòmasyon ki anlè yo bay etap prensipal pou ede w kòmanse biznis ou. Lè w fin anrejistre biznis ou, w ap bezwen defini bezwen finansyè w, chache pwogram ki bay avantaj, epi kòmanse chache yon kote pou w opere biznis lan. Menm jan ak lè w ap achte asirans, etap sa yo varye an fonksyon tip biznis w ap monte a. Pa egzanp, yon moun ki vann pwodui oswa sèvis sou entènèt, pa bezwen chache yon lokal pou li lwe, men li ka bezwen chache yon espas depo.
NYC Business kreye yon kesyonè etap pa etap pou ede w pi byen detèmine ki pèmi ak lisans w ap bezwen.