Logo
Jan 14, 2026 | Ralph Thomassaint Joseph

Kijan pou w prepare finans ak pwoteksyon pou pitit ou si ICE ta arete w

Gid sa a eksplike kijan pou w jere dokiman, konsèy legal, plan medikal, swen timoun, finans, ak plis ankò si otorite imigrasyon ta arete w.

Sa w dwe konnen pou mete zafè w nan lòd si w riske arestasyon nan men imigrasyon:

  • Kopi orijinal dokiman idantifikasyon ak imigrasyon w yo enpòtan. Bay avoka a kopi yo, epi kenbe orijinal yo.
  • Nenpòt ki moman, toujou gen yon ti kat avè w oswa yon papye ki gen enfòmasyon enpòtan yo ekri ekri ladan l. Pa konte sèlman sou telefòn ou, paske ou ka pa toujou gen aksè ak li.
  • Yon pwokiratè pou zafè finansye pou w ka pèmèt yon moun ou fè konfyans itilize lajan w pou depans esansyèl tankou lwaye oswa frè legal. 
  • Si w gen timoun, fè aranjman ak yon moun kòm kontak ijans. Bay moun sa enfòmasyon sou bezwen ak enfòmasyon lekòl pitit ou.

Si ou menm oswa moun ki pwòch ou enkyete konsènan operasyon imigrasyon yo, preparasyon depi kounye a ka ede pwoteje ou menm ak fanmi w. Gid sa a eksplike etap ou ka pran pou rete an sekirite, pwoteje dwa w, epi asire byennèt fanmi w nan ka ijans.

Kenbe dokiman enpòtan ou yo an sekirite

Kenbe tout fòm imigrasyon ak dokiman pèsonèl ou yo nan yon kote ki an sekirite epi aksesib. Fè kopi epi pataje yo ak yon moun ou fè konfyans. Dokiman sa yo ka fè yon diferans si yo arete w ak si w bezwen asistans legal.

Kenbe idantifikasyon orijinal yo, tankou paspò, lisans, ak idantifikasyon ofisyèl, ansanm ak nenpòt papye imigrasyon tankou aplikasyon, avi, oswa lèt ki soti nan imigrasyon yo. Si w gen dosye tribinal ki gen rapò ak ka kriminèl oswa imigrasyon, kenbe yo an sekirite tou. Sètifika nesans, sètifika maryaj oswa divòs, kat sekirite sosyal, dosye lekòl ak dosye medikal pou timoun yo ta dwe estoke an sekirite tou. Lè w gen dokiman sa yo disponib sa ka ede asire sipò legal rapid ak tranzisyon san pwoblèm nan ka ta gen yon ijans.

Pale ak yon avoka kounye a

Menm si w pa ap fè fas ak yon pwoblèm legal, lè w pale ak yon avoka imigrasyon sa ka ede w konprann dwa w epi ede konnen kijan w ka jwenn ajisteman estati w. Anpil òganizasyon ofri èd legal gratis. Men, fè atansyon ak raketè ki chaje gwo frè epi k ap fè fo pwomès. Si w gen plan pou w vwayaje andeyò peyi a, pale ak yon avoka alavans sou risk ki genyen lè w ap kominike avèk ICE lè w ap retounen.

Si w deside pran yon avoka, asire w li gen lisans pou pratike dwa. Toujou gen yon kontra ekri nan lang ou konprann nan, epi pa janm bay dokiman orijinal ou yo definitivman. Si w bezwen peye, mande resi epi sèvi ak chèk oswa manda postal olye de lajan kach. Anvan w pran desizyon legal enpòtan, chache yon dezyèm opinyon pou w konfime ou fè bon chwa. Lè w enfòme sou dwa w anvan yon kriz rive sa ka ede pwoteje w kont eksplwatasyon epi asire ou pran pi bon desizyon pou lavni w. 

Si yo arete w, ou ta dwe mande pou w pale imedyatman ak yon avoka. 

Preparasyon pou bezwen medikal

Toujou genyen avèk ou yon dokiman ekri ki gen enfòmasyon medikal esansyèl ou. Li dwe genyen kontak doktè w, lis medikaman ou pran ak dòz yo, ak detay sou alèji ou genyen oswa kondisyon kwonik.

Si w fè yon moun konfyans pou l gen aksè ak dosye medikal ou, konsidere siyen yon Fòm HIPAA pou w pèmèt doktè yo pataje enfòmasyon avèk li. Sa ka itil si yo arete w epi w bezwen swen medikal men ou pa ka kominike bezwen ou yo.

Fè yon plan pou swen pitit ou

Si w gen timoun, li enpòtan pou w gen yon plan an plas nan ka ou pa ka pran swen yo. Chwazi yon moun ou fè konfyans ki ka pran responsabilite sa a si sa nesesè. Diskite plan an avèk yo davans pou asire yo dakò. Pataje kontak ijans altènatif sa a ak lekòl pitit ou.

Asire w moun ou chwazi a konnen non lekòl pitit ou a, adrès li, ak enfòmasyon kontak li. Yo ta dwe konnen tou kèlkeswa kondisyon medikal, medikaman, oswa alèji pitit ou genyen. Bay moun sa a enfòmasyon kontak ijans lòt fanmi ou fè konfyans tou.

Kenbe sètifika nesans pitit ou, dosye lekòl yo, ak papye medikal yo yon kote ki an sekirite gadyen an konnen byen.

Pou w bay otorite legal pou yon moun pran swen pitit ou, genyen yon pwokirasyon espesyal ki bay yon moun ou fè konfyans otorite tanporè pou pran swen pitit ou epi li ka anile nenpòt lè. Gadyen se yon aranjman legal pi fòmèl ki pèmèt yon moun pran desizyon enpòtan pou pitit ou. An jeneral, se Tribinal Fanmi ki jere dosye gadyen yo. Opsyon sa a ka pi konplike pou ranvèse, kidonk konsilte yon espesyalis legal anvan ou kontinye.

Preparasyon pou bezwen finansye

Si yo arete w, yon moun ou fè konfyans ka bezwen jere finans ou pou peye bòdwo ak depans ki nesesè yo. Genyen yon pwokirasyon espesyal pou zafè finansye ki pèmèt yon moun ou fè konfyans jwenn aksè ak kont bank ou, resevwa chèk salè ou, peye bòdwo, epi sèvi ak lajan ou pou depans esansyèl tankou lwaye oswa frè legal. Konsilte yon avoka oswa yon espesyalis finansye ki ka ede w byen mete sa anplas.

Kenbe enfòmasyon enpòtan avèk ou

A nenpòt ki moman, toujou gen yon ti kat avè w oswa yon moso papye ki gen enfòmasyon enpòtan ki ekri sou li. Mete non ak nimewo telefòn fanmi ou oswa zanmi ou fè konfyans yo, detay kontak nenpòt avoka ki te dakò pou ede ou, ak enfòmasyon kontak pou lekòl pitit ou si ou gen timoun. Ekri non doktè w ak tout detay medikal ki nesesè yo.

Pa konte sèlman sou telefòn ou, paske ou ka pa toujou gen aksè ak li. Ekri enfòmasyon sa a yon kote pou w asire ou ka rive jwenn moun ki ka ede ou nan yon ijans.

Etap pwoaktif sa yo sa ka ede pwoteje ou menm ak moun ou renmen yo pandan tan ensèten sa yo. Lè w prepare davans ou asire w gen resous ki nesesè pou fè reklamasyon dwa ou, asire byennèt fanmi ou, epi jere ijans ki prezante ak plis konfyans.

Ou vle poze kesyon sou sijè sa ak sou kijan li aplike nan dosye pa w la? Kontakte yon espesyalis Documented.info ki ap ba w repons konfidansyèl ki gratis. W ap jwenn plis detay la a.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt