Logo
Jan 20, 2026 | Paz Radovic

Fòmasyon èd swayan a domisil gratis nan Nouyòk

Aprann kijan pou w vin yon èd swayan a domisil gratis nan Nouyòk epi kòmanse touche 19.10 dola pa èdtan.

Èd swayan a domisil yo ka kòmanse touche 19.10 dola pa èdtan nan Nouyòk. Epi byenke fòmasyon an esansyèl, li pi fasil pase w jwenn yon lisans medikal.

Pou w travay kòm yon èd swayan a domisil Nouyòk, ou dwe konplete yon fòmasyon èd swayan a domisil (HHATP) eta Nouyòk apwouve, oswa pase yon evalyasyon konpetans. Depatman Sante Eta Nouyòk (NYSDOH) dwe apwouve fòmasyon an, ki jeneralman pran anviwon yon mwa.

Pou w wè si pwogram ou an apwouve oswa pou w jwenn lòt opsyon nan zòn ou rete ak nan divès lang, klike la a pou w tcheke rapò pwogram fòmasyon PCA ak HHA Depatman Sante Nouyòk la apwouve.

Fòmasyon gratis pou vin yon pwofesyonèl nan swen sante a domisil

Yon pwogram gratis vle di yo kouvri frè ekolaj yo. Sepandan, sonje gen kèk pwogram gratis ki ka toujou gen frè pou liv, inifòm oswa founiti – e gen kèk ki ka menm mande pou ou angaje w pou travay pou yon sèten ajans swen a domisil apre sètifikasyon an. Toujou li akò a anvan ou enskri.

Si yon pwogram mande yon angajman travay, sa vle di ou dwe dakò pou travay pou anplwayè ki patwone w la pou yon peryòd. Lè w ap fè rechèch sou opòtinite fòmasyon pou èd swayan a domisil, mande tèt ou: “Ki pri, si genyen, mwen pral oblije peye? Èske gen kondisyon travay?”

Men kèk opsyon pou yon sètifika èd swayan a domisil gratis.

Fòmasyon pou èd swayan a domisil NYC SBS

Depatman Sèvis pou Ti Antrepriz (SBS) Vil Nouyòk la bay fòmasyon ak sètifikasyon gratis pou èd swayan a domisil. Klass la dire 100 èdtan ansèyman sou entènèt, epi 8 èdtan fòmasyon pratik sipèvize an pèsòn.

Pou yo kalifye, kandida yo dwe gen 18 an pou pi piti, yo dwe gen otorizasyon pou travay Etazini, epi yo dwe kapab travay nan orè ki fleksib. Li pa obligatwa pou patisipan yo gen yon diplòm lekòl segondè oswa eksperyans swen sante. Men, yo dwe gen konesans debaz nan òdinatè ak bon konpetans nan kominikasyon.

Ou ka aplike sou entènèt atravè sit entènèt SBS la lè w chache founisè fòmasyon apwouve ki tou pre kòd postal ou. Pou w jwenn pwogram SBS HHA yo klike lyen sa a, antre kòd postal ou epi kòmanse chache lekòl yo.

Sèvis Kominotè Sunnyside

Òganizasyon sa a bay yon fòmasyon gratis pou èd swayan a domisil ki dire kat semèn, avèk opòtinite travay dirèk lè w fini. Pwogram nan fèt an anglè ak panyòl.

Pou plis enfòmasyon sou fòmasyon an, klike la a epi ranpli fòmilè ou jwenn sou sit la. Ou kapab vizite biwo yo tou oswa kontakte yo pa telefòn oswa imèl.

Telefòn: 929-335-9634
Imèl: info@scsny.org

Adrès yo
43-31 39th Street
Sunnyside, NY

5241 Center Boulevard
Long Island City, NY

Sant Opòtinite Edikasyonèl Bronx (EOC)

Kòm yon pati nan sistèm Inivèsite Eta Nouyòk (SUNY), Sant Opòtinite Edikasyonèl Bronx la ofri admisyon jeneral nan plizyè pwogram pwofesyonèl, tankou fòmasyon èd swayan a domisil pou rezidan Nouyòk ki kalifye yo. Li bay yon minimòm 120 èdtan fòmasyon sou swen pèsonèl.

Kourikoulòm nan gen ladan l tou devlopman CV, preparasyon pou entèvyou ak asistans pou jwenn travay.

Pa gen okenn diplòm lekòl segondè oswa ekivalan ki nesesè pou aplike. Aplike sou entènèt nan lyen sa a  oswa kontakte yo pou plis enfòmasyon.

Telefòn: (718) 530-7039 or (718) 530-7002
Adrès: 2467 Jerome Avenue, Bronx, New York

Sant Opòtinite Edikasyonèl SUNY Queens

Sant Opòtinite Edikasyonèl Queens (Queens EOC) ki chita  nan Jamaica, Queens bay pwogram fòmasyon akademik ak pwofesyonèl gratis pou rezidan Eta New York ki kalifye yo.

Yo pral anonse dat kòmansman pou pwochen pwogram èd swayan a domisil  la byento. Pou enfòmasyon sou aplikasyon ak fòm yo, kontakte biwo a dirèkteman. Sonje: yon pyès idantite ak foto ki valab obligatwa pou yo admèt ou nan Queens EOC.

Men yon fòm kontak pou kite yon mesaj.

Telefòn: 718-725-3300
Imèl: freeclasses@queens.eoc.suny.edu
Adrès:158-29 Archer Avenue, Jamaica, New York.

Northern Manhattan Improvement Corporation (NMIC)

Òganizasyon sa a ofri yon kou sètifikasyon èd swayan a domisil gratis an anglè ak espanyòl. Nan kat semèn, patisipan yo resevwa fòmasyon pou bay asistans swen pèsonèl epi pou yo jwenn sètifikasyon nan Depatman Sante Eta Nouyòk la.

Sonje: òganizasyon sa a an bay moun ki aktyèlman ap resevwa SNAP priyorite.

Telefòn: (212) 822-8300
Imèl: ecs@nmic.org
Adrès: 8 Clinton Place, Bronx, NY

Kijan pou m chwazi yon pwogram èd swayan a domisil gratis?

Lè w gen plizyè opsyon gratis, men kèk pwen enpòtan pou w konsidere.

Asire w pwogram nan gen akreditasyon Depatman Sante Eta Nouyòk (NYSDOH) oswa li satisfè tout estanda eta yo. Ou ka fè sa lè w mande founisè a nimewo sètifikasyon NYSDOH li. Pwogram yo ofri atravè NYC SBS oswa Workforce1 deja an patenarya ak lekòl eta a apwouve.

Apre sa, konsidere orè ak fòma pwogram nan. Evalye si yon opsyon an pèsòn, ibrid, oswa sou entènèt ak laboratwa an pèsòn ap pi byen adapte ak disponiblite epi bezwen aksè ou yo.

Anplis ekolaj la, kalkile pri total la — pran an kont depans tankou liv, inifòm, founiti, ak frè egzamen yo.

Li enpòtan tou pou w tcheke nenpòt angajman travay, konprann si w ap oblije travay pou òganizasyon ki patwone pwogram nan e pou konbyen tan.

Mande opsyon lang yo (anglè, espanyòl, oswa lòt) ak sipò ki disponib pou moun ki pa pale anglè.

Anpil pwogram gen enskripsyon limite, kidonk tcheke dat enskripsyon yo epi ale nan jounen pòt ouvèt yo pou w asire plas ou.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt