Logo
Jan 06, 2026 | Rommel H. Ojeda

Kijan yon imigran iregilye kapab kalifye pou yon estati tanporè oswa pèmanan Etazini

Men sa espesyalis yo di sou ki fason yon imigran ka jwenn yon green card (kat vèt) Etazini epi vin rezidan pèmanan legal.

Gen plis pase 11 milyon imigran Etazini ki pa gen estati imigrasyon legal, oswa yo konsidere kòm imigran san papye.

Dapre espesyalis nan imigrasyon, anpil imigran san papye pa kalifye pou jwenn yon estati legal. Menm pou moun ki kalifye yo, pwosesis legal la trè konplike, epi kalifikasyon an depann de sitiyasyon pèsonèl chak moun. Se poutèt sa, li pi bon pou w konsilte yon pwofesyonèl legal ki kalifye.

Atik sa a ansanm ak sitasyon ki ladan l yo, se sèlman pou bay enfòmasyon. Pa konsidere l kòm konsèy legal.

Ki moun yo rele imigran san papye ?

Malgre mo imigran san papye a souvan itilize pou pale de moun ki antre Etazini san pèmisyon oswa san enspeksyon, anpil moun ki san papye te antre nan peyi a legalman Pa ekzanp, genyen ki antre ak yon viza touris oswa yon viza etidyan, epi yo rete nan peyi a apre viza yo ekspire. Nan ka sa yo, yo pale de “overstaying a visa” ki vle di vizit moun nan depase dat ekspirasyon viza a.

Kijan yon imigran san papye ka kalifye pou yon estati legal tanporè oswa pèmanan ?

Gen plizyè chemen yon moun ka pran pou l jwenn yon estati legal, kit li tanporè oswa pèmanan, epi sa depann de sikonstans pèsonèl chak moun. Pi bon fason pou w konnen si w kalifye pou yon estati legal Etazini, se pale ak yon avoka imigrasyon ki gen lisans oswa yon reprezantan legal Depatman Jistis akredite .

Moun ki pè retounen nan peyi yo paske yo te sibi pèsekisyon, oswa paske yo pè yo ka pèsekite yo, poutèt rasis, relijyon yo, nasyonalite yo, opinyon politik yo, oswa paske yo fè pati yon gwoup sosyal espesifik, ka gen posiblite pou yo mande azil Etazini. Azil la bay yon chemen pou w vin rezidan pèmanan legal. Gen règ trè strik sou ki moun ki kalifye pou azil, kijan pou  w aplike, ak kilè pou w aplike. Se poutèt sa, li enpòtan anpil pou w pale ak yon pwofesyonèl ki kalifye, tankou yon avoka imigrasyon ki gen lisans oswa yon reprezantan Depatman Jistis akredite , si w vle fè demann azil.

Kèk imigran san papye ka aplike pou rezidans Etazini gras ak yon fanmi ki kalifye, yon sitwayen ameriken, oswa yon Rezidan Pèmanan Legal (LPR).

“Lè gen imigran san papye ki vin vizite nou oswa poze nou kesyon, nou koute istwa yo epi nou eseye fè kèk koneksyon ak fanmi ki deja isit Etazini. Nou eseye chache fason pou jwenn green cards atravè koneksyon fanmi yo…” se sa Shawn Rahman ki se yon avoka ki responsab biwo Fòmasyon ak Devlopman konpetans nan CUNY Citizenship Now! di. Li fè konnen, yon moun ka kalifye pou yon estati legal pèmanan oswa tanporè nan peyi a nan lòt fason tou.

Pa egzanp, moun ki viktim vyolans domestik oswa sèten krim. Viktim trafik moun, oswa timoun ki te sibi abi, neglijans oswa yo abandone yo ka kalifye pou asistans imanitè ki bay yon chemen pou jwenn estati pèmanan. Anplis, moun ki soti nan peyi ki ap fè fas ak dezòd akòz lagè oswa katastwòf natirèl ka kalifye pou Estati Pwoteje Tanporè (Temporary Protected Status, TPS). TPS pa yon mwayen pou yon moun jwenn estati pèmanan.

Èske m ap gen dwa travay si m kalifye pou yon estati legal?

Kèk moun ki pa sitwayen, tankou rezidan pèmanan legal (moun ki gen green card), moun ki resevwa azil, moun ki jwenn estati T kòm viktim trafik moun, ak moun ki jwenn estati U kòm viktim krim, gen dwa travay otomatikman lè yo resevwa estati yo. Lòt moun, tankou sila yo ki gen Estati Pwoteje Tanporè (Temporary Protected Status, TPS), dwe fè yon demann separe pou jwenn pèmisyon pou travay apre yo fin resevwa estati yo. Gen lòt moun ki ka mande pèmisyon pou travay pandan aplikasyon pou estati legal yo an atant.

Èske fason yon moun antre Etazini fè yon diferans ?

Fason yon moun antre Etazini ka afekte pwosesis pou li jwenn rezidans. Moun ki te antre Etazini legalman oswa ki te anba pwogram pawòl imanitè kèk fwa kapab mande yon ajisteman estati pandan yo toujou nan peyi a, men yo ka bezwen jwenn yon otorizasyon espesyal ki retire entèdiksyon antre si yo te rete ilegalman oswa travay san pèmisyon pandan nenpòt peryòd. 

Yon moun ki pa gen okenn dosye admisyon oswa pawòl imanitè, ka oblije kite Etazini epi aplike pou yon viza nan yon konsila ameriken aletranje. Gen kèk eksepsyon, kidonk li enpòtan anpil pou w pale ak yon avoka.

Èske yo ka arete yon moun k ap kite peyi a paske moun sa te antre ilegalman?

Tout moun k ap kite peyi a dwe pase nan pwen kontwòl sekirite, kote yon Ajan Sekirite Transpòtasyon (TSA) ap verifye paspò yo. 

Yo kapab arete moun ki pa gen estati legal, moun ki pa gen viza oswa so nan paspò yo ki montre yo te jwenn pèmisyon pou antre nan peyi a, oswa yo te jwenn pawòl imanitè pou yo pase enspeksyon devan yon ajan Customs and Border Protection (CBP). Ajan sa a ap deside si yo ap kenbe moun nan oswa mete l nan pwosedi depòtasyon.

“Lè w sou fwontyè a, dwa w toujou limite. Li ra pou yo kenbe yon moun lè li ap kite peyi a. Si w gen yon manda arestasyon kriminèl, yo ka arete w. Si w depase tan viza w, li pa fasil pou yo kenbe w, men y ap anrejistre depa w elektwonikman nan plizyè fason.”

Lenni B te di, yon pwofesè ki okipe yon plas distenge nan Dwa Imigrasyon ak Dwa Moun nan Inivèsite Dwa Nouyòk, di: “Menmsi Etazini pa gen yon obligasyon fòmèl pou yon “viza sòti”, gouvènman an ranmase done nan lis pasaje avyon yo ansanm ak anrejistreman paspò yo lè yo antre nan pwochen peyi a.”Moun ki te deja vyole lwa imigrasyon yo ka pa jwenn viza oswa yo ka refize yo antre Etazini alavni.

Si yo kenbe w pandan w ap kite peyi a, men ou gen yo dosye annatant pou ajisteman estati, Rahman rekòmande pou w fè avoka w la prezante dosye w la bay (ICE) Immigration and Customs Enforcement byen vit.

Konbyen tan m ap bezwen tann pou m jwenn yon green card?

Tan yon moun dwe tann anvan li ka aplike pou rezidans pèmanan ka varye selon ki jan li kalifye. Pou “green card” ki baze sou maryaj, pa egzanp, Benson  fè konnen, pwosesis la ka depann de 2 eleman:  « Premyeman, èske kategori imigrasyon w ladann nan gen yon limit kantite moun? Gen kèk kategori imigrasyon ki pa gen reta, tankou maryaj ak yon sitwayen ameriken. Men, maryaj ak yon rezidan pèmanan legal oswa yon estati ki depann sou maryaj ou ak yon moun k ap imigre atravè yon parennaj fanmi oswa travay, vle di ou ka sibi reta akoz limit ki genyen nan kantite moun yo ka aksepte.”

Ki konsekans tan ou pase Etazini san pèmisyon ka genyen sou kalifikasyon w pou estati pèmanan oswa kapasite w pou antre nan peyi a alavni 

Dapre lwa sou imigrasyon ak nasyonalite, moun ki rete Etazini san pèmisyon pou nenpòt peryòd tan vinn inadmisib. Sa vle di, yo pa kalifye pou estati legal pèmanan, sof si yo kalifye pou yon otorizasyon espesyal.

Si yo kite Etazini apre yo fin pase 180 jou oswa plis san pèmisyon, yo pap ka antre ankò nan peyi a pou 3 ane. Apre yo fin pase yon ane oswa plis san pèmisyon, yo pap ka antre ankò pou 10 ane. Lòt moun, tankou moun ki retounen antre Etazini apre yo te gen lòd depòtasyon, ka fè fas ak entèdiksyon pèmanan pou tounen antre nan peyi a.

Gen anpil rezon ki ka fè yon moun pa kapab kite peyi a, tankou jan sa te rive nan kòmansman pandemi kowonaviris la lè ayewopò yo te fèmen. Moun ki Etazini ak viza tanporè dwe mande pwolongasyon estati yo nan USCIS pou asire vwayaj yo ta gen pou fè Etazini alavni pa an danje.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt