Logo
Dec 05, 2025 | Elizabet Chavez

Finansman etid inivèsite pou etidyan imigran

Pifò elèv imigran yo, selon estati yo, pa kalifye pou èd finansye federal. Men, gen plizye1 sibvansyon ak bous etid ki toujou disponib pou imigran yo.

Pwosesis aplikasyon pou inivèsite yo bay anpil strès, sitou pou etidyan ki imigran yo. Gid sa a ap ede w konprann opsyon ki genyen pou ede w peye pou inivèsite.

Èd finansyè se lajan ki soti nan pwogram federal oswa eta ki ka ede w peye pou inivèsite. Leta bay èd sa a atravè bous federal, prè, ak travay nan campus nan kad pwogram etid-travay. Pou w aplike pou èd federal pou etidyan, itilize Fòmilè Aplikasyon Gratis pou Èd Federal pou Etidyan (FAFSA), ki gratis.

Kijan pou m itilize fòmilè FAFSA a?

  • Veye dat limit la epi soumèt fòmilè FAFSA a osito li vin disponib ki jeneralman se nan dat premye oktòb.
  • Rasanble tout dokiman ki nesesè yo. Fòm FAFSA a pran inèdtan oswa mwens pou w ranpli, epi li mande plizyè detay finansyè ak pèsonèl.
  • Kreye yon Nimewo idandite pou èd federal pou etidyan (FSA), k ap mande nimewo sekirite sosyal ou ak pwòp adrès imèl ou.
  • Mete tout inivèsite ou vize yo ak kòd ki idantifye yo. Pou w jwenn kòd inivèsite a chwazi eta a epi chèche non lekòl la.
  • Yon fwa ou fin ranpli tout enfòmasyon ki nesesè yo epi soumèt aplikasyon an, yo ta dwe ba ou yon  Student Aid Report (SAR)  oswa Rezime Aplikasyon FAFSA a, ki se yon rezime enfòmasyon ou te bay nan FASFA a. Tcheke rezime rapò a pou presizyon epi fè koreksyon si sa nesesè.

Konprann FAFSA

Diksyonè FAFSA a eksplike pifò tèm yo. Pou èd nan lòt lang, ou ka mande yon titè sou sit FederalStudentAid la. The New School bay yon gid nan plizyè lang pou konprann pwosesis èd finansye a.

E si m pa kalifye pou èd federal?

Pifò etidyan imigran yo, selon estati yo, pa kalifye pou èd finansye federal. Gen plizyè sibvansyon ak bous ki toujou disponib pou etidyan imigran yo.

Sibvansyon pou frè ekolaj an fonksyon eta w ap viv la

Pwofite de pwogram eta yo genyen ki ede ak frè inivèsite yo. Apati mwa mas 2025, 23 eta ak Washington D.C bay elèv migran yo frè ekolaj nan eta a. Rezidan New York yo ka ekonomize omwen 50 pousan sou frè ekolaj inivèsite si yo aplike nan eta a.

Pou tcheke si eta w la bay sibvansyon frè ekolaj pou etidyan imigran, ale nan lyen sa a: Higher Ed Immigration Portal’s tuition map tool. Li gen lis eta ki bay èd finansye yo. 

Si eta w la ofri sibvansyon frè ekolaj pou etidyan migran, pou kalifye jeneralman fòk ou te lekòl nan eta a pandan plizyè ane epi fòk ou te gradye nan lekòl segondè oswa te pran GED w nan eta a.

Chak eta gen pwòp aplikasyon yo pou èd finansyè. Selon eta w la, chèche pwogram èd finansyè yo a sou sitwèb yo pou ka wè si w kalifye ak kijan pou w aplike.

Èd finansyè eta Nouyòk

Lwa sa a yo rele DREAM Act nan eta Nouyòk la bay etidyan imigran ki te resevwa diplòm lekòl segondè yo oswa GED yo nan eta Nouyòk ak elèv k ap resevwa sibvansyon frè ekolaj nan eta a aksè a èd finansye pou etidyan ki administre pa eta Nouyòk pou ede yo peye pou inivèsite.

  • Tcheke si w kalifye pou aplike nan seksyon NYS DREAM Act Steps to Apply sou sitwèb la.
  • Si ou kalifye, kreye yon kont NYS DREAM Act, epi konekte ak imèl pèsonèl ou.
  • Aprè w fin kreye yon kont, ou ka aplike pou kèk sibvansyon ak bous detid leta finanse epi aplike pou pwogram DREAM Act eta Nouyòk la.
  • Aplikasyon NYS DREAM lan senp epi y ap itilize enfòmasyon w bay yo sèlman pou detèmine si w kalifye pou pwogram finansyè yo. Yo pa mande adrès lakay elèv ki pa gen estati imigrasyon legal yo epi yo p ap bezwen telechaje dosye finansyè yo.
  • Yon fwa ou fin soumèt aplikasyon an, asire w ou tcheke estati li tanzantan sou sitwèb la. Yo ka mande w pou telechaje lòt dokiman obligatwa pou detèmine si w kalifye.
  • Y ap enfòme w pa imèl si w kalifye pou bous ou te aplike yo. Si yo ekri w, pwochen etap la a se aksepte bous la.

Bous etid ki baze sou merit

Yon èd merit se yon fòm èd finansye pou inivèsite yo bay sèlman sou baz merit akademik, atletik, atistik, lidèchip oswa yon talan espesyal. Li ki pa konsidere bezwen finansye yon etidyan. Kontakte biwo admisyon inivèsite ki enteese w yo pou w konnen pou ki bous ou ka kalifye ak kijan pou w aplike.

Si w nan lekòl segondè, li rekòmande pou w kòmanse rechèch bous sa yo depi nan twazyèm ane a. Kontakte biwo oryantasyon lekòl segondè w la pou w kòmanse pwosesis rechèch la.

Bous prive

Gen òganizasyon ki finanse bous etid prive, tankou biznis, fondasyon, gwoup relijye, òganizasyon kominotè, ak plis ankò. Bous sa yo ka ede w kouvri depans pou edikasyon w.

Pou w jwenn epi aplike pou bous sa yo kontakte konseye oryantasyon lekòl segondè w la oswa chache opòtinite yo sou entènèt.

Yon fwa ou jwenn yon bous ou ta renmen aplike pou li, li enfòmasyon sou bous la avèk atansyon. An jeneral, yo bay ki lè aplikasyon an ouvri ak fèmen, kantite lajan bous la, kalifikasyon pou bous la, epi si enfòmasyon pèsonèl oswa yon redaksyon obligatwa. Konfime ou soumèt tout materyèl ki nesesè yo anvan dat limit aplikasyon an pou asire w aplikasyon w lan konsidere.

Sonje byen: ou pa dwe peye pou jwenn bous. Fè atansyon ak fwod, epi tcheke konseye oryantasyon lekòl ou a pou verifye si opòtinite ki enterese w yo lejitim.

Men kèk sit ki fokis sou rechèch bous etid ou ka itilize pou ede w jwenn opòtinite. Yon fwa ou fin kreye yon kont gratis, ou ka antre enfòmasyon pèsonèl ak akademik ou pou ede w jwenn bous ki enterese w yo:

Resous nan Nouyòk yo

Men kèk òganizasyon nan Nouyòk ki ka ede w ak sipò endividyèl pou ede w nan pakou w nan inivèsite.

New York Public Library College and Career Pathways (Chemen inivèsite ak karyè nan bibliyotèk piblik Nouyòk)

Yon pwogram edikasyon Tisch pou jèn yo: Bibliyotèk piblik Nouyòk la bay resous ki gen aplikasyon pou inivèsite epi pou w detèmine ki karyè ki pi bon pou ou. Yo ka mete w an kontak ak sèvis konsèy endividyèl, atelye preparasyon pou inivèsite ak karyè, ak lòt pwogram. Klike lyen sa a pou jwenn lokal bibliyotèk piblik Nouyòk ki toupre w, epi mande enfòmasyon sou pwogram edikasyon Tisch pou jèn yo.

Lekòl piblik Nouyòk yo

Preparasyon pou karyè nan inivèsite pou etidyan k ap aprann lang anglè yo: Paj sa a ofri enfòmasyon pou paran etidyan k ap kòmanse pwosesis aplikasyon pou inivèsite. Vizite Lekòl piblik Nouyòk pou elèv miltileng.

Hudson Guild

Sèvis pou adolesan ak jèn adilt: Hudson Guild ofri sipò akademik, konsèy pou travay, ak plis sèvis pou jèn ki ant 13 ak 24 an. Sèvis sa yo gen ladan yo pwogram aksè nan inivèsite ak preparasyon pou karyè ki gen ladan yo Preparasyon pou SAT, preparasyon pou etid aprè lekòl segondè, ak plis ankò. W ap jwenn plis enfòmasyon epi w ka ranpli fòmilè a sou sit entènèt Hudson Guild la.

The Door (Pòt la)

Inivèsite ak Chemen pou lavni: The Door ofri sipò pou jwenn edikasyon siperyè ak sèvis gratis tankou konsèy ak leson patikilye pou inivèsite. Yo gen plizyè lokal nan Manhattan ak Bronx. Ou ka chèche yon lokal ki toupre w nan lyen sa a: The Door.  

Sèvis kominotè Sunnyside

Preparasyon pou Kolèj: Sèvis kominotè Sunnyside ofri yon pwogram preparasyon pou inivèsite ki ofri kou preparasyon pou SAT, atelye admisyon nan inivèsite, kou ak atelye sou aplikasyon pou inivèsite, ak anpil lòt sèvis. Chèche konnen si w kalifye epi kontakte yo pou rezève plas ou nan lyen sa a: Sèvis mominotè Sunnyside – Preparasyon pou inivèsite.

Sipò nan inivèsite CUNY yo

CUNY Immigrant Success Liaisons (Ajan lyèzon pou siksè imigran nan CUNY): Chak inivèsite CUNY deziyen yon ajan lyèzon pou ede elèv imigran yo ak èd finansyè, enskripsyon, ak lòt zafè. Ou ka kontakte ajan lyèzon lekòl ou a nan lyen sa a: Sipò pou etidyan san papye nan CUNY.

Resous SUNYSipò: SUNY bay resous èd finansyè pou elèv imigran yo ak FAQs. Ale sou sit SUNY – Bigger Aspirations

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt