Logo
Dec 01, 2025 | Dashiell Allen and Roberto Bolaños

Nimero ITIN: Yon lòt mwayen pou w peye enpo kòm imigran

Yon ITIN (ki vle di Nimewo Idantifikasyon Enpo Pèsonèl) sèvi pou fè deklarasyon enpo ak IRS, epi li kapab sèvi tou kòm yon pyès idantite pou w louvri yon kont labank oswa menm lwe yon apatman.

Etranje ki Etazini ki pa kalifye pou jwenn yon nimewo sekirite sosyal (SSN) pou fè deklarasyon enpo yo, ka sèvi ak yon Nimewo Idantifikasyon Enpo Pèsonèl (ITIN). Nimewo sa a se IRS (Internal Revenue Service) ki bay li, epi yo rele li tou nimewo idantifikasyon fiskal (Tax ID).

Documented te pale ak Ahmad Elmaradny, Direktè sèvis Enpo ak Sipò nan seksyon Revni nan Urban Upbound, ak Gregory Blackmon, ki se manadjè Pwogram Enpo nan Northern Manhattan Improvement Corporation. Men sa yo rekòmande lè w ap aplike pou yon Nimewo Idantifikasyon Enpo (Tax ID Number).

Poukisa yo itilize yon ITIN epi ki avantaj ou jwenn lè w gen youn? 

Elmaradny fè konnen ITIN itilize sitou pou fè deklarasyon enpo ak IRS, men li kapab itil tou kòm pyès idantite pou louvri yon kont labank, fè demann pou yon pèmi kondui nan eta Nouyòk, jwenn kat kredi, epi pafwa pou lwe yon apatman.

Lè yon moun gen yon ITIN epi li gen pitit ki fèt Etazini, sa ka fè li kalifye pou benefisye kredi enpo pou timoun li yo epi resevwa ranbouseman fiskal. Daprè sa Blackmon di, peye enpo ak ITIN ka ede tou nan kad yon demann sitwayènte.

Nan ki ka ou pa kapab itilize ITIN, epi kiyès ki kalifye pou jwenn li?

Tout moun ki pa kalifye pou jwenn yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN) epi ki touche lajan Etazini ka fè demann pou yon ITIN. Ou ka fè demann pou ITIN lè w ap fè deklarasyon enpo w, apre w fin touche 400 dola pou pi piti pandan ane fiskal ki sot pase a.

Yon envestisè oswa yon antreprenè ki soti nan yon lòt peyi, epi ki mete lajan nan yon biznis Etazini kapab fè demann pou ITIN tou.

Elmaradny ak Blackmon eksplike gen yon ITIN pa chanje estati imigrasyon yon moun. Li pa ranplase pèmi travay, e yo itilize l sitou pou rezon enpo.

Elmaradny te fè konnen : “Gen moun ki panse se premye etap la pou yo jwenn travay, men an reyalite, se dezyèm etap la apre yo fin travay, touche lajan, epi yo bezwen peye enpo”

Kijan pou w aplike pou yon ITIN:

Ou dwe ranpli fòm W-7 lan, epi mete ladan l non konplè w, adrès postal ou Etazini, ansanm ak yon adrès aletranje.

Dapre Elmaradny, moun ki ap aplike yo dwe soumèt fòm W-7 yo ansanm ak yon paspò ki poko ekspire, oswa de (2) nan dokiman sa yo :

  • Kat idantite nasyonal etranje ki gen yon adrès ladan l
  • Ak de nesans etranje
  • Pèmi kondui etranje
  • Kat militè etranje
  • Pèmi kondui yon eta nan Etazini
  • Kat idantite USCIS

Elmaradny konseye pou moun yo aplike anvan “sezon enpo” a, avan 15 avril, pou yo ka gentan pare pou depoze deklarasyon enpo yo.

Kat idantite lokal, tankou IDNYC nan vil Nouyòk, pa akseptab.

Kijan pou soumèt yon aplikasyon ITIN (Fòm W-7)

Ou ka voye fòm W-7 nan pa lapòs, ansanm ak deklarasyon enpo federal Etazini a (si sitiyasyon ou an mande sa), oswa lòt dokiman ki nesesè si règleman yo pèmèt ou sa, ansanm ak dokiman ki nan lis egzijans pou dokiman sipò ou wè pi wo a, nan adrès sa a:

Internal Revenue Service
ITIN Operation
P.O. Box 149342
Austin, TX 78714-9342

Oswa atravè yon sèvis livrezon prive nan adrès sa a:

ITIN Operation
Mail Stop 6090-AUSC
3651 S. Interregional, Hwy 35
Austin, TX 78741-0000

Yon lòt fason pou w aplike se ale nan yon sant yo bay asistans pou dosye fiskal, kote yo ka verifye dokiman ou yo. Nan pifò ka, ou pa bezwen bay dokiman orijinal yo. Ou ka jwenn adrès sant sa yo nan lyen sa a lè w antre adrès pa w la. Ou dwe pote deklarasyon enpo ou ranpli a, epi tout moun k ap aplike pou yon ITIN dwe prezan. Sant sa yo pa ede nan preparasyon enpo. Rele nan nimewo 844 545-5640 pou w pran randevou.

Ou kapab aplike an pèsòn tou. Ale kay yon ajan sètifye IRS otorize, ki ka verifye dokiman ou yo epi ede w prepare enpo w. Lè sa a, ou pa bezwen voye dokiman w pa lapòs.

Konbyen tan pwosesis la pran?

Dapre Blackmon, li ka pran jiska 4 mwa soti lè w soumèt fòm W-7 rive lè w resevwa nimewo ITIN ou. “Gen dosye kèk moun ki sanble trete pi vit pase lòt moun ki te aplike nan menm peryòd la.”

Kilè pou renouvle yon ITIN?

Elmaradny di: “Chak ane, IRS soti yon lis ak de (2) chif ki nan mitan nimewo yo, tout moun ki gen yon ITIN ki genyen de (2) chif sa yo dwe renouvle li. An jeneral, sa konsène ITIN ki gen plis pase 10 lane.”

IRS ap voye yon avi tou bay moun ki gen ITIN pou fè yo konnen yo bezwen renouvle li.

Elmaradny ajoute: “Si w te soumèt deklarasyon enpo ou san ou pa t konnen ITIN ou te ekspire, ou ka voye yon nouvo fòm W-7 apre sa.” Li fè konnen sa ka retade oswa bloke ranbousman yo.

Èske genyen risk pou imigran iregilye ki aplike pou yon ITIN?

IRS pa pataje enfòmasyon moun ki genyen ITIN ak ajans imigrasyon yo. “Mwen konprann anpil moun gen gwo kè sote pou pataje nenpòt enfòmasyon ak gouvènman federal la,” Elmaradny di. “Men se pa estati moun yo ki enterese yo, se kolekte lajan taks.”

Men òganizasyon ki ede moun k ap viv Nouyòk aplike pou ITIN

Emerald Isle Immigration Center (EIIC)
Kontak: Telefòn: (718) 324-3039 ext. 101
Sit entènèt: https://eiic.org/   | Facebook: https://www.facebook.com/EIICNY

Urban Upbound
Kontak: Telefòn : 862-397-0457
Sit entènèt: https://urbanupbound.org/  | Facebook: https://www.facebook.com/urbanupboundny

Ariva
Adrès: Spring Bank, 69 East 167th Street, Bronx, NY 10452
Pou pran randevou: rele 718-292-2983 oswa voye yon imèl nan info@ariva.org
Sit entènèt: https://ariva.org/
Facebook: https://www.facebook.com/arivaimpact

Northern Manhattan Improvement Corporation (NMIC)
Adrès: 45 Wadsworth Avenue, New York, NY 10033
Pou pran randevou: rele 929-415-8745 oswa ale sou nmic.org/taxes 
Sit entènèt: https://www.nmic.org/taxes/

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt