Logo
Nov 04, 2025 | Documented.info

Nouvo frè pou demann azil: Ou dwe peye 100 dola chak ane

Kit ou te depoze demann azil ou nan tribinal imigrasyon kit ou te fè sa nan biwo USCIS, ou oblije peye 100 dola chak ane pou asire demann azil ou an rete nan pwosesis la.

Nan dat 4 jiyè 2025, Prezidan Donald Trump siyen yon nouvo lwa bidjè ki rele One Big Beautiful Bill Act (OBBBA). Nouvo lwa sa a ogmante anpil frè ki gen rapò ak imigrasyon epi li rann li pi difisil pou kèk moun jwenn oswa kontinye pwosesis imigrasyon yo.

Chanjman sa yo konsène plizyè kalite dosye, tankou demann azil ki devan tribinal imigrasyon yo oswa nan biwo USCIS. Kounye a, moun k ap fè demann azil yo dwe peye 100 dola pou yo depoze fòm I-589 la. Y ap peye yon lòt 100 dola chak ane demann azil la toujou an atant. Anvan lwa sa a, pa t gen okenn frè pou yon moun te fè oswa kontinye yon demann azil.

Moun k ap mande azil yo pa gen okenn fason pou yo jwenn rabè sou frè aplikasyon an jan sa te ye avan. Si w pa peye alè, sa ka fè demann azil ou a jwenn reta oswa refi.

Nouvo: Jou kite 30 oktòb 2025 lan, yon jij te bloke egzijans frè azil chak ane a apre òganizasyon Asylum Seeker Advocacy Project (ASAP) te lanse yon pwosè. Kòm rezilta, moun ki gen yon dosye aplikasyon azil yo pa oblije peye frè a chak ane a.  Otorite yo pa ta dwe rejte okenn aplikasyon azil akoz frè sa a ki pa peye. Pwosè sa a konteste pwosesis aplikasyon an, men, se pa egzijans frè a. kidonk poz ki genyen sou sou frè azil chak ane a, tanporè. N ap fè w konnen lè poz la fini.

Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an Septanm 2025.

Sa w dwe konnen sou frè chak ane pou demann azil yo

Nan dat 23 septanm 2025, Biwo Egzekitif pou Revizyon Imigrasyon (EOIR) te anonse li fè mizajou nan sistèm peman sou sit li a. Kounye a, ou kapab peye kèk frè pou aplikasyon oswa odyans tribinal imigrasyon sou sit la. Ou ka fè pèman nenpòt lè sou lyen EOIR la.

Pwosesis pou w peye frè a ka varye selon jij ou genyen an. Byen suiv enstriksyon jij imigrasyon an, oswa kontakte grefye tribinal imigrasyon an si w gen nenpòt kesyon.

Mwen gen yon dosye demann azil. Kisa sa vle di pou mwen?

Kit ou te depoze demann azil ou nan tribinal imigrasyon an, kit ou te depoze l nan biwo USCIS ou dwe peye 100 dola chak ane pou w kontinye kenbe dosye azil ou an annatant.

Si w te depoze dosye w la nan USCIS, yo fè konnen y ap voye yon avi pèsonèl ba ou pou fè w konnen kilè pou w peye frè a, kijan pou w peye li, ansanm ak konsekans si w pa peye li.

Si w dosye w la nan tribinal imigrasyon, EOIR poko pibliye okenn direktiv sou kijan pou w peye frè anyèl la, kounye a, sistèm nan pèmèt ou peye sèlman frè inisyal la sou sit la.

EOIR poko bay okenn direktiv klè sou fason pou moun peye frè anyèl pou demann azil ki depoze nan tribinal imigrasyon an. Se poutèt sa, gen kèk avoka oswa reprezantan akredite k ap sèvi ak opsyon pèman frè inisyal la sou sistèm pèman EOIR la pou peye 100 dola frè anyèl la. Yo kenbe resi a kòm prèv yon efò ki montre yo gen bon volonte pou peye frè sa a. Akoz pa gen okenn direktiv ofisyèl sou kesyon sa a, lè w peye frè anyèl pou demann ki poko fin trete yo, sa pa bay okenn garanti sa ap sifi pou ranpli obligasyon pèman frè anyèl la nan moman an.

M gen yon odyans nan yon tribinal kote m vle fè demann azil mwen an. Èske m ka peye nan tribinal la?

Si w ap fè yon demann azil, ou pral oblije peye frè demann nan ki se 100 dola epi mete resi peman an nan dosye aplikasyon an kòm prèv. Si w ap depoze demann lan nan tribinal imigrasyon, ou dwe peye nouvo frè 100 dola a atravè sistèm pèman EOIR la anvan ou soumèt dosye w la. Yo pa aksepte pèman an pèsòn oswa pa lapòs.

Lè w fin peye, w ap jwenn yon resi. Mete resi a nan dosye w la ansanm ak yon nimewo suivi pou w ka verifye oswa enprime resi a ankò. Li rekòmande pou w kenbe dokiman sa yo an sekirite.

Mwen fenk soumèt yon demann, kounye a m vle aplike pou pèmi travay (EAD). Kijan pou m fè sa?

An jeneral, moun ki aplike pou azil ka mande yon premye pèmi travay 150 jou apre yo fin soumèt aplikasyon azil yo nan tribinal imigrasyon oswa nan USCIS. Apre sa li pran anviwon 30 jou pou w resevwa kat EAD a. Depi 22 jiyè 2025, frè aplikasyon pou premye pèmi travay kòm moun k ap chèche azil yo se 550 dola.

Aplikasyon pou otorizasyon travay ak pèman frè yo dwe soumèt nan USCIS, atravè sistèm pèman EOIR la. Pou plis detay, li enfòmasyon òganizasyon ASAP bay sou fason pou w renouvle yon pèmi travay ak sou kijan pou w aplike pa lapòs.

Kijan pou m peye frè pou plizyè moun ki gen menm dosye azil?

Ou kapab fè yon sèl pèman pou yon demann azil ki gen plis pase yon moun ladan l nan yon pwosedi ki rele konsolide (pa egzanp, demandè prensipal la ansanm ak madanm/oswa mari l ak pitit li).

Lè w ap fè pèman sou EOIR Payment Portal, antre Nimewo A moun ki demandè prensipal la nan pati ki koresponn lan.

Ou gen lòt kesyon sou sijè sa a oswa sou fason li ka afekte w? Ou ka kontakte yon espesyalis nan Documented.info pou w jwenn repons gratis e konfidansyèl. 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt