Logo
Oct 27, 2025 | Rommel H. Ojeda

Travay ak fòmasyon pou imigran Nouyòk ki gen pèmi travay

Opòtinite travay ak fòmasyon pou imigran Nouyòk ki gen pèmi travay

Depi ane 2022 vil Nouyòk pran an chaj plis pase 60,000 moun. Anpil nan yo se moun k ap chèche azil ki resevwa dokiman otorizasyon travay yo (EAD), epi ki pare pou travay. 

Pouw  travay Etazini li obligatwa pou w gen yon pèmi travay oswa yon estati pèmanan legal. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou pèmi travay ak estati rezidan legal nan lyen sa a.

Gouvènè Nouyòk la, Kathy Hochul, te prezante yon inisyativ ki te bay yon lis ki gen plis pase 40,000 travay ki disponib pou imigran ki gen pèmi travay nan eta Nouyòk. Prèske mwatye nan travay sa yo disponib nan vil Nouyòk. Se yon fason pou ede moun k ap chèche azil ki fenk rive yo epi k ap viv nan abri yo, jwenn travay epi vin endepandan. 

 Se yon kowalisyon ki gen ladan l ajans gouvènman federal ak lokal, sendika travayè, founisè sèvis ak òganizasyon ki dirije inisyativ sa, daprè Kara Burke, yon pòtpawòl Depatman Travay Eta Nouyòk (NYSDOL).

Imigran k ap chache opòtinite travay ka ranpli fòmilè Demann Asistans Pwofesyonèl la. Fòm nan ap mande enfòmasyon kontak ou, si w te resevwa oswa si w ap tann pèmi travay ou, ak lang ou prefere a.

Kijan inisyativ ki asiste imigran jwenn travay la fonksyone?

Dapre sa Burke eksplike, anplwaye NYSDOL yo ap  “kontakte imigran ki gen pèmi travay yo pou kolekte enfòmasyon sou eksperyans travay yo, edikasyon, konpetans ak karyè ki enterese yo.” Apre sa, selon sitiyasyon yo – si yo deja resevwa pèmi travay yo oswa yo preske jwenn li – NYSDOL ap fè suivi ak sèvis akonpayman ki gen ladan l: konekte moun yo ak anplwayè, referans klas anglè pou moun ki pale lòt lang (ESOL), ekri CV, konsèy pwofesyonèl, elatriye.

Burke te di “N ap òganize tou evènman rekritman pou konekte moun ki gen otorizasyon travay ak anplwayè ki gen travay ki enterese yo.” Li te eksplike pou moun k ap chèche azil yo se sou envitasyon sèlman, paske yo vize travay ak endistri espesifik.

Youn nan egzanp ki soti nan inisyativ la,se yon kolaborasyon ant Pwogram Careers through Culinary Arts Programs (C-CAP) (Karyè atravè Atizay Kilinè) ak DOL, ki te bay 50 moun k ap chache azil konpetans ak sètifikasyon nesesè pou travay nan endistri sèvis manje a.

Burker eksplike tou, tout evenman piblik yo, tankou fwa karyè vityèl chak mwa yo nan tout rejyon nan eta Nouyòk la, ansanm ak atelye yo, nan lis sa a: https://statistics.labor.ny.gov/career-zone/career-calendar.shtml 

Ou ka chwazi fwa karyè yo daprè rejyon, ak kategori evènman an — tankou sesyon enfòmasyon, fwa travay.

Òganizasyon k ap ede imigran yo jwenn pèmi travay ak travay

Sa yo se lòt òganizasyon k ap ede imigran yo jwenn fòmasyon travay ak opòtinite travay:

Upwardly Global, yon òganizasyon k ap ede imigran ak refijye ki gen kalifikasyon entènasyonal yo rekòmanse karyè yo Etazini, resevwa plis pase 400 aplikan chak ane, epi li ede anviwon 200 imigran k ap chache travay jwenn travay nan Nouyòk chak ane.

Pwogram yo ofri yo, ki gen fòmasyon sou pakou pwofesyonèl nan peyi Etazini, mantora ak plis toujou, adapte pou ede imigran ki gen sètifika ak diplòm antre nan mache travay la nan endistri yo deja gen ekspètiz ladan yo, daprè Lourena Gboeah, Direktè Pwogram pou Upwardly Global Nouyòk.

La Colmena se yon òganizasyon kominotè ki te fonde an 2014 k ap travay pou ranfòse otonomizasyon ak kapasite travayè domestik ak lòt travayè imigran k ap touche ti monnen kòm salè nan zòn Staten Island atravè edikasyon, òganizasyon, kilti, ak devlopman ekonomik.

Yo bay opòtinite edikasyonèl ki anseye konpetans sosyal ak teknik, tankou OSHA 30 + SST 10, atelye pre-aprantisaj, atelye ekriti, atelye devlopman lidèchip ak plis ankò.

New Immigration Community Empowerment (NICE) se yon òganizasyon san bi likratif ki bay sèvis ak resous esansyèl pou anpeche eksplwatasyon travayè yo epi asire sekirite ak dwa yo respekte. NICE aprann travayè yo pou yo òganize yo kont pwoblèm kle ki gen enpak sou kominote yo atravè Sètifikasyon Sekirite nan Travay (OSHA, SST), atelye fòmasyon nan Elektrisite, Ankadreman, Demolisyon, ak lòt konpetans sosyal kle (klas anglè, teknoloji).

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt