Travayè konstriksyon yo ka jwenn fòmasyon sekirite sou chantye gratis atravè Depatman sèvis pou ti antrepriz vil Nouyòk yo.
Nan mwa avril 2024 yo te anile 17,000 kat fòmasyon sekirite sou konstriksyon aktif ki te soti nan Valor Consulting, yon ajans ki sipoze bay fòmasyon nan sekirite sou chantye (SST) pou travayè konstriksyon yo.
Tribinal kriminèl Manhattan te kondane konpayi an akoz li t ap vann travayè yo fo kat san li pa bay fòmasyon sou sekirite chantye. Vil Nouyòk ankouraje travayè sa yo pou yo kontakte Depatman Sèvis Ti Antrepriz yo epi pran fòmasyon sou sekirite ki sètifye pou yo kapab kalifye pou travay nan chantye konstriksyon.
Kisa fòmasyon sekirite sou chantye ye?
An 2017, Nouyòk te pase Lwa Lokal 196, ki egzije pou travayè sou chantye ki mande prezans yon Sipèvizè Konstriksyon, yon Kowòdonatè Sekirite oswa yon Manadjè Sekirite pou yo gen yon minimòm 40 èdtan fòmasyon sekirite. Travayè konstriksyon yo ka travay pandan 6 mwa apre yo fin resevwa 10 èdtan fòmasyon. Pandan tan sa a, travayè yo bezwen pran 30 èdtan kou anplis pou yo jwenn yon kat SST, ki valab pou senk ane.
Kou SST yo gen ladan yo 8 kou obligatwa, ki totalize 32 èdtan ansèyman, ansanm ak kou fakiltatif jeneral ak espesyalize. Kou obligatwa yo gen plan sekirite sou chantye (SSP), sansibilizasyon sou dwòg ak alkòl, reyinyon avan travay, diskisyon sou bwat zouti, prevansyon aksidan, itilizasyon echafodaj, ak administrasyon sekirite sou chantye. Si w deja konplete kou depatman an sètifye, gen chans ou gentan gen kredi pou yon pati nan lè yo mande pou SST a. Ou ka tcheke sa nan dokiman sa a “Lis Klas Depatman Konstriksyon Apwouve.” Ou ka jwenn fòmasyon sekirite sou chantye gratis atravè Depatman Sèvis Ti Antrepriz vil Nouyòk.
Ki kote m ka jwenn kou SST?
Depatman Sèvis pou Ti Antrepriz (SBS) nan vil Nouyòk yo (NYC Department of Small Business Services) ofri kou SST gratis gras ak yon kolaborasyon ak NYC’s industrial and construction industry partnerships ansanm ak Workforce1 Industrial and Transportation Career Center. Tanpri ranpli sondaj sa a si w enterese pran klas la.
Kou SBS ofri a disponib pou moun k ap viv Nouyòk ki gen plis pase 18 ane. Orè 40 èdtan sa a gen ladan l 30 èdtan Depatman Konstriksyon Nouyòk apwouve, uit (8) èdtan prevansyon aksidan, ak de (2) èdtan fòmasyon sou sansibilizasyon dwòg ak alkòl.
Si w ki gen yon kat OSHA 30 valab ki soti nan senk dènye ane yo, SBS ofri yon mwayen rapid pou w jwenn kat SST a depi w fini 10 èdtan fòmasyon ki rete yo, ki gen ladan l uit (8) èdtan prevansyon aksidan ak de (2) èdtan fòmasyon sou sansibilizasyon dwòg ak alkòl.
Fòmasyon sa fèt nan Sant Karyè Workforce1 SBS yo ki nan senk awondisman yo. Yo ofri klas yo an anglè, espanyòl, chinwaak lòt lang. Men enfòmasyon sant yo:
Sant Karyè Workforce1 Bronx
400 E. Fordham Road, 8yèm etaj, Bronx, NY 10458
Sant Karyè Workforce1 Brooklyn
9 Bond St., 5yèm etaj, Brooklyn, NY 11201
Sant Karyè Workforce1 Upper Manhattan
215 W. 125th St., 6yèm etaj, New York, NY 10027
Sant Karyè Workforce1 Queens
168-25 Jamaica Ave., 2yèm etaj, Jamaica, NY 11432
Sant Karyè Workforce1 Staten Island
120 Stuyvesant Place, 3yèm etaj, Staten Island, NY 10301
Apa klas SBS yo, ou kapab tcheke lis “Klas Apwouve yo” sou sitwèb DOB a. Anpil ladan yo ofri kou a nan diferan lang.