Bibliyotèk Nouyòk yo bay sèvis asistans legal gratis, kou anglè, aksè teknoloji, evènman kiltirèl ak plis ankò. Tout pwogram sa yo la pou ede moun ki fenk vin nan vil la enstale yo, epi santi yo lakay yo.
Pou w pwofite tout avantaj bibliyotèk yo ofri, ou bezwen yon kat bibliyotèk. Avèk kat la, ou ka prete liv, itilize òdinatè, enprime, epi patisipe nan aktivite yo gratis — tankou èd pou fè devwa lekòl, kou atizay, oswa gwoup konvèsasyon kote ou kapab pratike anglè.
Kijan pou w fè yon kat bibliyotèk
Aplikasyon yo disponib nan tout bibliyotèk yo. Pou w fè yon kat bibliyotèk ki ba w aksè konplè, ou dwe aplike sou entènèt epi ale nan yon branch bibliyotèk an pèsòn pou w montre yon pyès idantifikasyon valab. Jis pale ak bibliyotekè a nan biwo akèy la, epi y ap kòmanse pwosesis la.
Aplike pou yon kat elektwonik sou entènèt se yon opsyon tou, men li vini ak kèk limitasyon. Pa egzanp, yon kat elektwonik pa bay aksè a liv fizik oswa nan Culture Pass, ki se admisyon gratis nan mize pou rezidan Nouyòk yo. An jeneral, w ap bezwen pale ak yon bibliyotekè an pèsòn pou w jwenn yon kat bibliyotèk ki bay tout avantaj yo.
Li enpòtan pou w konnen yo p ap mande w estati imigrasyon w lè w pral nan bibliyotèk la. Gen kèk bibliyotèk ki mande prèv rezidans lè w ap aplike, sa vle di nenpòt dokiman ki montre non w ak yon adrès lakay ou ki valab. Li kapab yon bòdwo, yon deklarasyon labank, yon akò lokasyon, oswa yon kat idantite ki soti nan gouvènman an si li montre adrès lokal ou. Ka gen mwens kondisyon pou yon kat bibliyotèk pou timoun, selon katye w ap viv la. Nou eksplike kèk nan diferans sa yo pi ba a.
Pyès yo aksepte kòm prèv idantite pral depann nan kiyès nan twa sistèm bibliyotèk Vil Nouyòk yo ou aplike a. Nou rekòmande w tcheke sit entènèt yo oswa rele bibliyotèk lokal ou a pou w konfime sa yo aksepte.
Kijan pou w fè yon kat bibliyotèk si w ap viv nan Manhattan, Bronx, oswa Staten Island
Aplike sou entènèt nan lyen sa a oswa ale an pèsòn nan nenpòt lokal Bibliyotèk Piblik Nouyòk oswa evènman bibliyotèk la patwone nan katye sa yo.
Adolesan ki gen ant 13 ak 17 ane pa bezwen montre pyès idantite lè y ap verifye aplikasyon yo pou kat bibliyotèk fizik. W ap jwenn plis enfòmasyon sou kat bibliyotèk pou adolesan nan lyen sa a.
Si ou pa ka verifye rezidans ou nan eta Nouyòk atravè fòmilè sou entènèt la, w ap resevwa yon kat bibliyotèk tanporè ki pèmèt ou fè rezèvasyon pou atik fizik yo. Pou w konplete pwosesis la epi resevwa kat bibliyotèk ou a, vizite yon branch oswa voye yon imèl bay gethelp@nypl.org.
Kijan pou w fè yon kat bibliyotèk si w ap viv Brooklyn
Tcheke lyen sa a pou w aplike sou entènèt, oubyen ou ka ale nan nenpòt bibliyotèk piblik Brooklyn pou w fè yon kat bibliyotèk.
Moun k ap viv Nouyòk ki gen ant 13 a 17 ane bezwen yon pyès idantifikasyon, men yo pa bezwen prèv adrès. Bibliyotèk yo aksepte lòt fòm idantifikasyon sa yo:
- Yon kat idantite lekòl aktyèl ki gen foto w sou li
- Yon kanè eskolè resan
- Dokiman travay
- Lòt fòm idantifikasyon kredib selon jan anplwaye bibliyotèk la detèmine
Nan sistèm Bibliyotèk Piblik Nouyòk ak Brooklyn yo, si w gen 13 ane oswa plis, ou kapab aplike pou yon kat dijital sou entènèt san ou pa bezwen prèv idantifikasyon. Yon kat dijital ap gen sèten limitasyon konparativman ak yon kat fizik, tankou aksè limite a materyèl fizik yo epi ak avantaj Culture Pass yo. Li ka tou pa ba w aksè a òdinatè yo oswa sèvis enprimri.
Si w se yon adilt, ou dwe bay prèv idantite ak prèv adrès an pèsòn nan yon bibliyotèk Brooklyn pou w resevwa yon kat bibliyotèk fizik.
Kijan pou w fè yon kat bibliyotèk si w ap viv Queens
Aplike sou entènèt atravè lyen sa a oswa an pèsòn nan nenpòt sikisal nan Bibliyotèk Queens yo. Granmoun ak adolesan yo dwe prezante yon pyès idantite ak yon prèv adrès.
Pou granmoun k ap aplike pou timoun ki gen jiska 17 ane, yo bezwen montre youn nan pyès idantite Nouyòk sa yo:
- Lisans chofè ki valid
- Pèmi pou w aprann kondui ki valid
- Yon pyès idantite ki valid
Si dokiman sa yo pa disponib, ou ka tcheke lòt fòm idantifikasyon yo aksepte nan lyen sa a.
Granmoun k ap viv nan Queens ka aplike pou yon kat bibliyotèk sou entènèt, men yo dwe konplete pwosesis la an pèsòn nan youn nan bibliyotèk yo. Y ap bezwen prezante yon pyès idantite kredib kòm prèv idantite.
Lòt kat ki bay imigran avantaj nan vil Nouyòk
Culture Pass (Pas Kiltirèl)
Culture Pass la se yon sèvis ki pèmèt moun ki gen kat bibliyotèk vizite plis pase 100 mize, teyat, jaden, ak plis lòt bagay ankò nan tout vil la gratis.
Pou w patisipe, w ap bezwen yon kat bibliyotèk nan Bibliyotèk Piblik Nouyòk, Bibliyotèk Piblik Brooklyn, oswa Bibliyotèk Piblik Queens.
Pou w itilize Pas Kiltirèl la ou dwe fè yon rezèvasyon sou entènèt epi, selon kote a, ou ka prete pas anplis pou de (2) adilt oswa yon fanmi kat (4) moun.
Men yon lis tout kote ou ka vizite gratis ak kat bibliyotèk ou a.
IDNYC – Kat Idantifikasyon Minisipal Vil Nouyòk
IDNYC a se yon kat idantifikasyon minisipal gratis yo ofri bay tout rezidan vil Nouyòk, kèlkeswa estati imigrasyon yo. Kat sa a fonksyone kòm yon kat idantifikasyon ofisyèl ak foto, sa vle di, ou kapab itilize l pou w jwenn aksè a divès sèvis vil la, labank, epi pou jwenn rabè. Adisyonèlman, li bay abònman gratis pou yon ane nan anpil mize lokal ak enstitisyon kiltirèl.
IDNYC gen sant enskripsyon atravè vil la pou aplike, tankou nan kèk bibliyotèk men ou ka fè l sou entènèt tou nan lyen sa a.
Kat transpò OMNY
OMNY se nouvo fason pou w peye pou transpò piblik nan vil Nouyòk. Kat sa koute $5 epi ou ka rechaje l. Kat OMNY la gen opsyon espesyal pou moun ki gen tarif redui, etidyan, ak moun k ap patisipe nan pwogram Fair Fares. Li gid nou an sou kijan pou w aplike pou kat transpò OMNY la.