Logo
Sep 15, 2025 | Faye Qiu

Gid pou Imigran k ap fè livrezon yo: Sa w dwe konnen anvan w lwe yon bisiklèt elektrik nan vil Nouyòk

Èske reparasyon yo enkli? Kisa k ap pase si bisiklèt elektrik la kraze pandan w ap travay? E si yo vòlè li? Men kèk kesyon ou ta dwe poze yon magazen lokasyon anvan w siyen kontra a.

Si w fenk kòmanse ap fè travay livrezon nan vil Nouyòk, sitou si w ap viv nan yon sant ebèjman oswa ou pa gen yon kote pou w mete yon bisiklèt elektrik, lwe youn kapab yon pi bon opsyon pou ou.

Konpayi lokasyon yo konn abize chofè livrezon yo nan fè yo siyen kontra ki gen kondisyon enjis, tarif ki twò wo, oswa ki rann yo responsab yo lè yon bagay mal pase. Gid sa a la pou ede w konprann dwa w epi evite pyèj sa yo.

Kalite bisiklèt elektrik ki legal nan Vil Nouyòk

Anvan w lwe yon bisiklèt, asire w li legal pou kondui l pou w fè livrezon nan vil Nouyòk. Gen twa kalite bisiklèt elektrik ki otorize:

  • Bisiklèt elektrik Klas 1: Bisiklèt sa yo sèlman ede w lè w ap pedale, epi yo rive jiska 20 mil pa èdtan.
  • Bisiklèt elektrik Klas 2: Yo gen yon akseleratè (ou pa bezwen pedal), epi yo rive jiska 20 mph tou.
  • Bisiklèt elektrik Klas 3: Yo mache ak akseleratè, epi yo rive jiska 25 mph. Anpil chofè livrezon itilize bisiklèt Klas 3 yo.

Ou dwe evite itilize motosiklèt ki mache a gaz, scooter, oswa moped gwo vitès yo sof nan ka kote yo anrejistre kòmsadwa nan DMV. Moped ki anrejistre yo ap gen yon plak ak yon Nimewo Idantifikasyon Veyikil (VIN), epi ou bezwen yon pèmi kondui ki valab  pou w kondui yo. Si yo bare w ap kondui youn san bon anrejistreman oswa lisans, lapolis kapab konfiske l epi ba w yon amann.

Diferan kalite bisiklèt elektrik ak moped (Sous: Depatman Transpò vil Nouyòk)

Pa pè mande konpayi lokasyon an, “Èske bisiklèt sa a legal pou livrezon nan vil Nouyòk?” Yon konpayi lejitim ap reponn ou klèman e avèk respè.

Nan yon konpayi ou ka fè konfyans y ap pran tan pou revize akò lokasyon an avè w, reponn kesyon w yo, epi ofri w sèvis k ap itil ou – tankou antretyen bisiklèt la, chanjman batri, ak pwoteksyon kont vòl.

Nou te fè entèvyou ak plizyè chofè livrezon nan Afrikana, yon òganizasyon kominotè ki sipòte imigran yo. Nou te pale ak chofè yo sou pwosesis lokasyon bisiklèt elektrik ak konsèy yo ta renmen pataje ak lòt moun. Dapre yo, konpayi ki pi fyab yo jeneralman, se sa lòt moun nan domèn nan refere w, kit se lè yo pataje l nan gwoup WhatsApp oswa nan konvèsasyon ak lòt chofè nan lari a.

Menm si kontra a pa nan lang ou, yon biznis ki onèt ap toujou pran tan pou eksplike w kondisyon yo klèman olye l ba w presyon pou w kouri siyen. Si sa nesesè, pa ezite sèvi ak zouti tankou tradiksyon Google pou w pi byen konprann kontra a.

Fè atansyon ak konpòtman ou santi ki pa nòmal, tankou si mèt biznis la refize ba w yon kontra, si l ap mande w gwo depo lajan kach davans, oswa l ap eskive kesyon w yo. Pran sa yo kòm yon avètisman.

Toujou mande konbyen frè lokasyon an ye pa semèn. Mande si chaje oswa ranplase batri a nan pri a, epi ki règleman ki genyen si bisiklèt la pran pàn oswa yo vòlè li. Si repons yo pa nan avantaj ou, pa ezite refize kontra a epi kontinye chache lòt opsyon.

Pri ki sou mache a ak prekosyon w dwe pran

Dapre travayè livrezon Afrikana yo, pou w lwe yon bisiklèt elektrik nan vil Nouyòk, an jeneral l ap koute ant $60 ak $100 chak semèn. Pri sa a depann de ki kalite bisiklèt w ap lwe a epi si biznis lan ofri sèvis tankou chaje batri, pwoteksyon kont vòl, oswa reparasyon. Gen kèk konpayi ki mande tou yon depo sekirite lè w enskri pou premye fwa.

Avan w pran nenpòt angajman an, mande egzakteman sa ki enkli. Pa egzanp, gen kèk konpayi ki chaje w anplis si w bezwen chanje batri pandan jounen an, oswa si bisiklèt la an pàn menm si se pa fòt ou. Mande si reparasyon yo gratis oswa si w ap gen pou retire l nan pòch ou. Si yo pa ba ou yon repons klè, fè atansyon.

Eseye vizite diferan biznis epi konpare pri yo. Si w gen plan pou w lwe pou plizyè semèn, mande si yo ofri yon rabè pou lokasyon alontèm. Epi si pri a sanble wo, ou ka mande si yo dispoze fè yon aranjman avè w. Yon biznis ki legitim ap pran tan yo pou omwen eksplike w pri a an detay.

Pa siyen kontra ou pa konprann

Anpil biznis bay kontra an anglè epi yo atann pou w siyen l byen vit. Men, si w pa konprann sa ki ekri a, ou gen tout dwa w pou w mande plis tan ak asistans.

Ou ka fè foto kontra a pou w montre yon moun ou fè konfyans tankou yon kolèg, yon zanmi, oswa youn nan òganizasyon kominotè k ap sèvi imigran yo. Yo ka ede w li l nan lang ou. Li pa yon pwoblèm pou w di, “M ap retounen apre m fin revize kontra a.” Yon biznis onèt p ap penalize w paske w pridan.

Si yon konpayi di w, “Jis siyen la a, pa gen pwoblèm,” san l pa eksplike w detay yo — sa se yon move siy. Se tout dwa w pou w byen konprann angajman w ap pran an.

Kisa k ap pase si yo vòlè bisiklèt la?

Zafè volè bisiklèt se yon gwo pwoblèm nan Nouyòk ki bay tout moun k ap travay nan livrezon anpil enkyetid. Nan tan lontan, gen konpayi ki te konn fè pasaje yo peye plizyè milye dola si yo vòlè bisiklèt la nan men yo, menm si yo te byen lòk li.

Gen chofè livrezon Afrikana ki te di nou anpil konpayi lokasyon kounye a mete aparèy GPS sou bisiklèt elektrik yo. Sa pote yon soulajman paske si yo vòlè yon bisiklèt, konpayi a an jeneral jwenn li byen vit. Yo p ap blame w oswa chaje w depi ou te lòk bisiklèt la epi ou rapòte vòl la tousuit. Gen kèk konpayi k ap menm ba w yon lòt bisiklèt menm jou a, pou w kapab kontinye travay. Men, si sa rive w twò souvan, konpayi an kapab kòmanse sispèk epi li kapab bloke kont ou pou w pa lwe lakay li ankò.

Lè w ap fè lokasyon, mande si bisiklèt la gen GPS. Mande ki règleman yo genyen si yo vòlè bisiklèt la. Epi kòm yon mezi sekirite siplemantè, li bon pou w fè foto lè w finn lòk bisiklèt la chak fwa w ap deplase kite l.

E si bisiklèt la pran pàn?

Lè w ap itilize bisiklèt yo chak jou pandan plizyè èdtan se nòmal pou yo vinn ize. Yon bon konpayi lokasyon ta dwe pare pou ede w si bisiklèt la pran pàn. Anvan w deplase ak bisiklèt ou lwe a, gade l byen. Tcheke kawotchou yo, fren yo, batri a, ak limyè yo. Pran kèk foto bisiklèt la, pou si gen yon bagay ki deja domaje.

Mande si antretyen ak reparasyon yo enkli nan pri w peye chak semèn nan. Si bisiklèt la pran pàn pandan w ap travay, èske y ap ranje l? Èske y ap ba w yon lòt bisiklèt pou ranplase l? Sa yo se enfòmasyon ou dwe konnen anvan yo vin yon pwoblèm.

Èd pou travayè livrezon yo

Òganizasyon tankou Los Deliveristas Unidos ak Afrikana fèt pou ede travayè livrezon ki fenk rive nan peyi a. Yo goumen pou salè ekitab, ekipman bon kalite, ak tretman ki fèt nan respè ak diyite. Yo ka ede w li kontra, rezoud konfli, epi mete w an kontak ak lòt travayè ki pale menm lang avè w.

Epi genyen gwoup WhatsApp ak Facebook kote chofè yo pataje konsèy, avètisman, ak non konpayi ou ka fè konfyans yo. Li toujou bon pou mande lòt chofè livrezon konsèy. Rete pridan!

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt