Bibliyotèk piblik vil Nouyòk yo pa sèlman prete moun liv. Plizyè branch gen pwogram gratis imigran yo ka jwenn nan pwòp lang pa yo. Rezo bibliyotèk vil Nouyòk yo gen ladan l Bibliyotèk Piblik Nouyòk (NYPL), Bibliyotèk Piblik Brooklyn (BPL), ak Bibliyotèk Piblik Queens (QPL).
Bibliyotèk yo kapab yon sant esansyèl pou kominote imigran yo paske yo ofri resous ak pwogram ki fasilite entegrasyon, edikasyon, ak endepandans.
Kontinye li pou w aprann kijan bibliyotèk bò lakay ou a ka w ede ak kou anglè gratis, atelye sou lwa peyi a, enfòmasyon sou pwogram lojman, ak anpil lòt resous.
Kijan pou w kòmanse itilize bibliyotèk piblik bò lakay ou a
Nan eta Nouyòk la, genyen 755 bibliyotèk piblik. Gen anpil chans ou gen youn ki pa lwen lakay ou. Yo trè akeyan epi li senp pou w vinn yon manm. Suiv etap sa yo pou w patisipe:
Chache branch ki pi pre w la
Nan telefòn ou oswa sou odinatè w, ou ekri “public library” nan Google Maps. L ap ba w tout branch yo soti nan sa ki Nouyòk City yo pou rive Brooklyn, oswa Queens, an fonksyon zòn ou abite a.
Tcheke lè yo ouvri ak sèvis yo bay.
Klike sou lokasyon bibliyotèk la pou w wè lè ouvèti yo. Vizite sit entènèt bibliyotèk la oubyen rele davans pou w konfime ki sèvis yo ofri. Anpil branch gen kou anglè gratis, sesyon èd legal, asistans pou w chèche travay, ak plis ankò.
Fè yon kat bibliyotèk
Ou pa bezwen yon sitwayen Ameriken pou w fè yon kat bibliyotèk. Vizite an pèsòn ak yon kat idantite epi ak yon dokiman ki konfime adrès ou (pa egzanp bwòdwo kouran w, kontra lwaye w, oubyen yon lèt ki sou non w. Gen bibliyotèk ki aksepte lòt fòm idantifikassyon tankou kat konsilè
Mande èd nan biwo dakèy la
Anplwaye bibliyotèk yo resevwa fòmasyon pou sipòte nouvo moun yo. Pa pè mande èd nan lang ou prefere a, anpil branch gen anplwaye miltileng oswa aksè a entèprèt.
Enskri nan pwogram ki enterese w yo
Pifò bibliyotèk yo ofri kou ak aktivite tankou: gwoup konvèsasyon anglè, atelye sou egzamen sitwayènte, kou enfòmatik, e menm seyans rakonte istwa pou timoun yo. Anpil nan pwogram sa yo gratis epi yo pa mande enskripsyon.
Itilize espas la
Suiv bibliyotèk zòn bò lakay ou sou rezo sosyal yo oswa enskri pou bilten yo pou w jwenn dènye nouvèl sou nouvo klas, aktivite ak sèvis ki ka itil ou oswa fanmi w.
Menm si w pa enskri nan yon pwogram, ou ka itilize entènèt gratis, li jounal nan lang pa w, oswa itilize yon òdinatè pou w chache travay oswa lojman. Bibliyotèk yo sekirize epi yo ouvè pou tout moun. Anplis, se yon bon kote pou w rafrechi nan ete a epi chofe nan sezon ivè.
Rete konekte
Nan gid sa a, nou mete aksan sou resous ki ka itil ou kit ou fenk rive nan vil la oswa ou gen yon ti tan depi w ap viv la epi w ap chèche sipò nan domèn sa yo:
Preparasyon pou egzamen sitwayènte ak asistans legal gratis
- Bibliyotèk Piblik Brooklyn (BPL): Ofri kou sitwayènte an gwoup. Yo gen enstriktè ak volontè ki gen eksperyans pou dirije preparasyon yo ki fèt chak semèn. Adisyonèlman, BPL bay konsiltasyon legal gratis atravè patenarya ak ActionNYC epi Immigrant Justice Corps, pou ede moun ki bezwen asistans ak aplikasyon pou DACA, kat vèt, elatriye.
- Bibliyotèk Piblik Queens (QPL): Bay resous pou enfòme moun ki fenk natiralize ak moun ki vle natiralize sou dwa yo, ede yo konprann pwosesis imigrasyon an, epi prepare pou egzamen sitwayènte a.
- Bibliyotèk Piblik New York (NYPL): Atravè ActionNYC, NYPL ofri èd legal imigrasyon nan plizyè lang. Sèvis sa gratis e sekirize, kèlkeswa estati imigrasyon w.
Klas pou w aprann anglè ak fòmasyon pou adilt gratis
- BPL: Bay kou anglè pou moun ki pale lòt lang (ESOL), gwoup konvèsasyon anglè, ak kou alfabetizasyon pou granmoun yon fason pou ede imigran yo amelyore konpetans lengwistik yo epi entegre nan kominote a.
- QPL: Ofri divès pwogram pou ede imigran yo aprann anglè, tankou kou fòmèl ak gwoup konvèsasyon enfòmèl. Yo ofri kou ekivalans lekòl segondè nan plizyè nivo pou sipòte divès bezwen kliyan yo. Debitan yo aprann bagay ki esansyèl tankou li kat jewografik, ranpli fòmilè, epi mande direksyon. Elèv ki nan nivo entèmedyè yo konsantre sou anrichi vokabilè yo, konpetans pou lavi kotidyen yo, ak kominikasyon oral. Elèv nivo avanse yo ki deja pale kouramman ap travay pou amelyore ekspresyon oral yo, lekti ak ekriti yo ak yon anfaz sou presizyon. Ou ka chache epi enskri nan klas ki pi byen adapte ak bezwen ou yo atravè sitwèb bibliyotèk la.
Pwogram kiltirèl gratis ak angajman kominotè
- NYPL: òganize evènman pou selebre kominote imigran yo, tankou pwogram miltikiltirèl epi aksè a resous nan plizyè lang. Evènman sa yo souvan gen ladan yo atelye edikatif, tankou sesyon Konnen Dwa w yo, ki ede patisipan yo konprann dwa legal yo lè y ap kominike avèk ajans ki ranfòse lalwa yo.
- QPL: Pwogram The New Americans ofri atelye nan lang matènèl imigran yo sou lwa imigrasyon, dwa lokatè, planifikasyon karyè ak sante, pou fasilite entegrasyon kiltirèl.
Aksè gratis a teknoloji ak lòt resous dijital
NYPL ak BPL ofri aksè gratis a òdinatè, entènèt ak pwogram ki bay kou enfòmatik, pou ede diminye disparite dijital pou imigran ki ka pa gen aksè a teknoloji lakay yo. Sèvis yo fokis sou konekte itilizatè yo ak resous esansyèl pou edikasyon sou entènèt, opòtinite travay ak kominikasyon. Ou bezwen yon kat bibliyotèk pou itilize sèvis sa yo, men li fasil pou w fè youn nan bibliyotèk nan zòn bò lakay ou.
Ki kote m ka jwenn plis enfòmasyon sou bibliyotèk Nouyòk yo?
Pou plis enfòmasyon sou sèvis ki disponib yo: