Yon milyon san mil etidyan entènasyonal te etidye Etazini pandan ane akademik 2023-2024 la, daprè yon nouvo rapò Biwo Afè Edikatif ak Kiltirèl Depatman Deta a ansanm ak Enstiti Edikasyon fenk pibliye. De (2) nan senk (5) pi gwo inivèsite ki resevwa plis etidyan entènasyonal yo chita nan vil Nouyòk — NYU te nan premye plas epi Inivèsite Columbia te klase twazyèm.
Sepandan, pandan plizyè semèn ki sot pase la yo, mouvman administrasyon Trump la pou atake inivèsite yo ak depòte plizyè santèn etidyan entènasyonal ki isit Etazini avèk viza, te lakòz gwo panik nan Nouyòk ak lòt kote.
Daprè plizyè rapò ki fenk pibliye, gouvènman ameriken an ap tounen sou desizyon pou anile kèk viza etidyan, apre yon seri plent ki depoze nan tribinal kont kanpay represyon administrasyon Trump lan. Malgre sa, nou rekonèt sitiyasyon sa a toujou fristran ak ensèten pou anpil moun.
Nou konnen tou konesans se pouvwa, se poutèt sa nou mete tèt ansanm ak Immigrant ARC, yon rezo defansè nan zafè lalwa ak yon enstitisyon fòmasyon ak politik nan lwa imigrasyon, pou reponn kèk nan pi gwo kesyon w sou revokasyon ak anilasyon viza etidyan, ansanm ak sekirite w nan peyi Etazini.
Ki rezon ki ka fè yo anile viza m?
Depatman Deta Etazini gen tout pouvwa nan desizyon pou anile viza. Lontan, etidyan etranje te ka pèdi estati legal yo Etazini si yo pa t respekte kondisyon viza F-1 yo. Sa te ka gen ladan, pa egzanp, si moun nan pa rete enskri kòm etidyan a tan plen, pran travay ki pa djòb etidyan, pa gen ase sipò finansye, oswa pa kenbe yon adrès pèmanan aletranje.
Yo ka anile yon viza tou pou rezon ki pi grav, tankou aktivite kriminèl, kesyon ki konsène sekirite nasyonal, bay fo enfòmasyon oswa fè fwod.
Jodi a, Depatman Deta ap sible etidyan li di ki vini Etazini « pa sèlman pou etidye, men pou patisipe nan mouvman briganday ki ap kraze inivèsite yo, panike etidyan, pran kontwòl bilding, epi kreye dezòd ». Men, selon responsab inivèsite yo, anpil nan etidyan ki pèdi viza yo pa t patisipe nan okenn manifestasyon nan lakou inivèsite yo, ni yo pa t konsidere kòm aktivis.
Gen kèk inivèsite ki rapòte tou etidyan ki pèdi viza yo pou enfraksyon minè oswa enfraksyon ki fèt lontan — tankou kontravansyon lapolis, bwè alkòl lè yo poko gen laj legal, oswa antre nan pwopriyete prive san pèmisyon — menm nan ka kote tribinal la te anile dosye a.
Mwen se yon etidyan entènasyonal e yo anile oswa yo revoke viza mwen. Kisa mwen dwe fè?
Si yo revoke oswa anile viza w, ou ka kalifye pou w fè yon demann pou yo retabli estati w. Si w ap chèche yon avoka imigrasyon pou ede w ak dosye w la, American Immigration Lawyers Association (AILA) se yon bon resous. Ou kapab menm chache avoka ou bezwen an sou lyen sa a menm.
Ti rapèl: si w kite anvan w fè 6 mwa ap viv ilegal Etazini, ou kapab fè yon nouvo demann epi retounen nan peyi a.
Èske diskou politik mwen ka mete m nan pwoblèm ak otorite imigrasyon yo?
Sa depan. Moun ki gen viza pa gen menm dwa libète lapawòl ak sitwayen ameriken yo. Si w se yon etidyan etranje nan peyi Etazini epi ou pè pou viza w, ou dwe konnen Depatman Deta Etazini ka revoke yon viza nenpòt ki lè pou rezon ki gen rapò ak enterè nasyonal oswa zafè kriminèl.
Li enpòtan pou w sonje viza etidyan w lan se jis yon dokiman vwayaj. Se Immigration and Customs Enforcement (ICE) ki jere estati imigrasyon tout moun Etazini. ICE gen otorite pou l antre nan sistèm SEVIS la epi revoke estati yon etidyan nenpòt ki lè.
Èske yon pwoblèm mwen te genyen ak lapolis ka bloke m lè m ap rantre Etazini oswa lè m ap refè yon demann viza?
Sa ka rive. Pou etidyan etènasyonal yo, nenpòt entèraksyon ak fòs lòd, kit li fini ak kondanasyon oubyen li anile, ka kreye pwoblèm lè w ap chache antre Etazini oswa fè yon nouvo demann viza.
Not enpòtan: Menm si sa pase lontan li ka toujou ba w pwoblèm. Si w te gen nenpòt dosye ak lapolis, kit sa te fèt lontan kit se kounya, nou konseye w konsilte yon avoka imigrasyon avan w fè nenpòt plan vwayaj pou Etazini.
Ki diferans ki genyen ant revokasyon ak anilasyon viza etidyan ?
Yon revokasyon viza etidyan fèt nan Student and Exchange Visitor Information System (SEVIS), yon bazdone sou entènèt ki suiv etidyan ki pa imigran pèmanan ak vizitè ki nan pwogram echanj (F-1 ak J-1) Etazini. Se Student and Exchange Visitor Program (SEVP) ki dirije SEVIS la, anba lobedyans Depatman Sekirite Enteryè. Anjeneral, inivèsite a revoke dosye SEVIS yon etidyan lè etidyan an chanje estati li, kite pwogram nan, oswa pa respekte kondisyon estati imigrasyon legal li. Men, nan kèk nouvo ka, se gouvènman ameriken an menm ki pran desizyon pou revoke SEVIS la olye pou se inivèsite yo ki fè sa.
Se Depatman Deta Ameriken ki fè anilasyon viza, sa vle di yo envalide yon viza yo te deja bay ki nan paspò yon moun. Depi viza a anile, li pa ka sèvi ankò pou antre Etazini, kèlkeswa dat ekspirasyon li. An jeneral, etidyan yo resevwa enfòmasyon sou anilasyon viza a atravè anbasad oswa konsila ameriken, men an jeneral yo pa enfòme inivèsite yo sou desizyon sila yo.
Men yon tablo eksplikatif Immigrant ARC mete disponib pou piblik la:
Anilasyon viza etidyan ak fen SEVIS yon etidyan
| Tablo: | Fen SEVIS etidyan | Anilasyon Viza etidyan |
| Kisa li ye? | Estati etidyan an fèmen nan sistèm SEVIS la (sistèm ki la pou suiv moun ki gen viza F, M, ak J yo) | Yon ofisye imigrasyon anile viza F-1 an (oubyen lòt viza ki nan menm kategori sa a) nan paspò etidyan an |
| Kiyès ki fè sa? | Ofisye ki nan inivivèsite yo (DSO) oswa ki nan DHS (Deptman sekirite enteryè). | Ofisye ki nan konsila ameriken, Customs and Border Protection (CBP) oswa sa fèt otomatikman daprè lalwa sou imigrasyon. |
| Poukisa sa rive? | Vyolasyon règ estati viza a, tankou: pran klas a tan pasyèl san pèmisyon, travay san pèmisyon, pa prezante nan sal klas, lekòl la mete w deyò. | An jeneral, rezon yo se: Fèmti SEVIS. Depase tan viza a oswa pa respekte règ viza a. Pwoblèm ki lye ak sekirite. Revokasyon administratif anbasad Ameriken oswa CBP fè. |
| Enpak | Etidyan an pèdi estati F-1 li. Li dwe kite Etazini oswa aplike pou rekipere estati li. | Viza a vin pa valab pou antre nan peyi Etazini ankò. |
| Èske li anile viza a? | Wi, sa lakòz anilasyon otomatik viza a. | Wi, viza a pa valab ankò |
| Èske sa ka repare? | Pafwa, atravè yon aplikasyon pou rekipere estati nan USCIS. | Non, yon nouvo viza li dwe jwenn nan anbasad Etazini. |
Kisa k ap pase si yo lanse yon pwosedi pou depòte m?
Si yo revoke viza yon etidyan, ICE ka kòmanse pwosedi depòtasyon daprè plizyè dispozisyon nan Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite.
Men pwosesis ofisyèl pou depòtasyon an kòmanse lè ICE depoze yon Notice to Appear (NTA) nan tribinal imigrasyon. Dokiman sa a esplike akizasyon yo ak baz legal pou depòtasyon an. Lè sa a, etidyan an gen dwa pou l defann tèt li nan tribinal. ICE dwe pwouve avèk “prèv ki klè e ki konvenkan” rezon depòtasyon etidyan an. Si gouvènman an pa rive bay prèv sa yo, yo dwe fèmen dosye yo.
Si tribinal la jwenn rezon pou depòte yon etidyan, li ka toujou mande lòt èd — tankou azil oswa anilasyon desizyon depòtasyon an. Si yo pa ba li okenn rekou legal, tribinal la ka bay yon lòd depòtasyon.
Li enpòtan pou w konnen pwosedi sa yo ka fèt vit, e li enpòtan anpil pou gen yon avoka, espesyalman paske anpil etidyan ka pa konnen ki opsyon yo genyen. Pou plis detay, gade dokiman Immigrant Legal Resource Center sou pwosesis depòtasyon an.
Yo revoke viza ou? Angaje w nan batay la
American Immigration Lawyers Association (AILA) ap kolekte enfòmasyon sou moun yo revoke viza etidyan yo epi yo fèmen dosye yo nan Student and Exchange Visitor Information System (SEVIS). Yo pral itilize repons yo pou sipòte efò AILA ap fè pou defann moun ki nan sitiyasyon sa a.
Si w vle patisipe, ou ka ranpli fòmilè sondaj sa; gen anpil kesyon ki pa obligatwa. Menmsi se AILA k ap mennen travay sa a, li enpòtan pou w konprann yo pa bay sèvis avoka dirèk, e ranpli fòmilè an pa vle di ou vin gen yon relasyon avoka ak kliyan avèk yo.
Mèsi ak Immigrant ARC pou kontribisyon yo nan gid resous sa a. Pou aprann plis sou travay enpòtan Immigrant ARC ap fè a, vizite sit entènèt yo a.