Logo
Jul 21, 2025 | Faye Qiu

Men kote w ka jwenn rad gratis nan vil Nouyòk

Kote w ap jwenn rad gratis nan vil Nouyòk, soti stòk rad vil la genyen pou rive nan distribisyon kominotè yo ak donasyon manto pou sezon fredi yo. Yo louvri pou tout moun.

Si ou fenk rive Nouyòk epi w bezwen rad pou ou oswa pou fanmi w — kit se rad drive, rad pou wnal travay, rad pou sezon fredi, oswa rad pou timoun — gen anpil kote nan vil la ou kapab jwenn rad gratis san w pa bezwen peye ni reponn okenn kesyon sou estati imigrasyon w.

Kote yo fè kado rad gratis e ou ka ale san w pa bezwen gen randevou (Ou pa bezwen pyès idantite)

NeON Clothing Closets

NeON Clothing Closets se youn nan pi bon kote ki pi fasil pou w jwenn rad gratis nan vil Nouyòk. Yo louvri pou tout moun ki nan bezwen — tankou imigran ak moun kap chache azil — e yo pa mande okenn pyès idantite ni papye imigrasyon. Gen yon sant nan chak zòn nan vil la :

  • Manhattan: 100 Centre Street, 10th Floor, New York, NY 10013
  • Brooklyn: 345 Adams Street, Brooklyn, NY 11201
  • Bronx: 198 East 161st Street, Bronx, NY 10451
  • Queens: 162-24 Jamaica Avenue, Jamaica, NY 11432
  • Staten Island: 340 Bay Street, Staten Island, NY 10301

Orè ouvèti yo varye selon lokal yo. Men, pifò nan yo fonksyone nan maten ak aprèmidi pandan jou lasemèn. Ale sou sit entènèt NeON Clothing Closet la pou w jwenn detay sou lè chak lokal yo ouvè.  

Depo rad sa yo bay divès kalite rad pou gason, fi ak timoun, epi soulye ak lòt akseswa. Gen kèk kote ki gen rad pou travay tou, tankou kostim oswa rad yo mete pou al travay nan biwo.

Legliz Episkopal St. Mary

Legliz Episkopal St. Mary ap fè distribisyon rad depi lontan nan 230 Classon Avenue, Brooklyn. Yo ouvè lendi, madi, jedi, vandredi, ak samdi soti 8 è nan maten rive 1è nan apremidi. Ou pa bezwen randevou. Legliz la bay tout kalite rad pou moun ak fanmi ki nan bezwen.

Depo rad Xavier Mission

Lokal li nan 46 West 16th Street, ant 5yèm ak 6yèm avni nan Manhattan. Xavier Mission Clothing Room distribye rad gratis chak dezyèm, twazyèm, ak katriyèm dimanch nan mwa a. Yo bay rad pou gason, fi, ak timoun, epi yo gen rad pou al travay nan biwo tou pou moun k ap chèche travay oswa ki pral nan entèvyou.

Rad gratis pou timoun

Si ou gen timoun ki bezwen rad, gen kèk pwogram espesyal ki okipe yo de rad pou timoun. 

Yon lòt bon kote se Little Essentials, ki bay rad pou ti bebe ak timoun piti ki gen ant 0 ak 5 lane. Pou w ka resevwa rad sa yo, se youn nan òganizasyon ki patnè Little Essentials yo ki pou refere w. Si w bezwen bagay esansyèl pou pitit ou, konsilte lis òganizasyon patnè ki ka ede w yo.

Lòt mwayen ak asistans pou jwenn rad gratis

Cathedral Community Cares

Cathedral Community Cares chita kò li nan legliz St. John the Divine, adrès la se 1047 Amsterdam Avenue, 112th Street nan Manhattan. Cathedral Community Cares’s clothing closet bay rad gratis pou moun ki nan bezwen. Li gen opsyon rad moun mete chak jou ak rad pou biwo pou moun k ap chache travay.

Moun ka resevwa rad yon sèl fwa pa mwa. Gen yon jou distribisyon san randevou chak mwa, an jeneral madi oswa mèkredi. Distribisyon an kòmanse a 10zè nan maten. Yo konseye moun yo rive a 9:30 am pou yo jwenn yon plas. Tout moun dwe pote yon pyès idantite valab ki gen yon foto.

Moun ki bezwen rad pwofesyonèl pou al pase entèvyou oswa pou al travay dwe pote yon referans ki soti nan yon òganizasyon k ap ede yo chache travay la. Tout rad yo bay yo gratis, selon kantite ki disponib yo.

The Salvation Army

An jeneral, Salvation Army pa bay moun rad gratis dirèkteman, men yo gen magazen kote yo vann rad dezyèm men pou ede finanse pwòp pwogram imanitè pa yo. Sepandan, moun ki gen bezwen espesyal kapab jwenn yon kat ki ba yo dwa achte rad gratis nan youn nan magazen dezyèm men sa yo ki nan zòn yo.

Anplis, Salvation Army se founisè ofisyèl rad pou imigran ki fenk rive nan sant akèy vil Nouyòk mete sou pye an. Yo bay chak moun yon kat gratis ki ka kouvri acha rad jiska 75 dola, oswa 200 dola pou yon fanmi ki gen twa moun oswa plis, atravè patenarya ak ajans vil la. Mande yon travayè sosyal oswa pèsonèl nan sant kote w ye a kijan ou ka jwenn kat gratis sa a.

Pwogram pou rad pou peryòd fredi (sèlman pandan mwa fredi yo)

Si w bezwen rad ki kenbe w cho pou sezon fredi a, gen pwogram espesyal ki la pou ede moun prepare yo pou peryòd ki fè frèt yo.

Ant mwa novanm ak mas, New York Cares Coat Drive distribye rad pou peryòd li fè frèt gratis nan plizyè kote atravè vil la, tankou bibliyotèk, sant kominotè, ak legliz. Ou ka jwenn kote yo bay rad yo sou sit entènèt yo, epi nan pifò kote, ou pa bezwen pyès idantite (ID)

Yon lòt mwayen pou jwenn rad pou sezon fredi se Rauschenbusch Metro Ministries, ki chita kò li nan Hell’s Kitchen, Manhattan, nan 410 West 40th Street. Yo distribye rad pou sezon fredi chak lendi pandan mwa fredi yo, anjeneral soti 10zè 10 pou rive 11zè 30 nan maten. Yo bay rad, djakèt, foula, gan, ak lòt bagay enpòtan pou konbat fredi a. 

Men kèk lòt mwayen pou w jwenn rad gratis

Toujou veye distribisyon rad gratis k ap fèt de tan zan tan nan diferan katye. Gen plizyè zouti sou entènèt ki ka rapidman ede w jwenn pwogram distribisyon rad gratis nan zòn ou.

YourPeer NYC ofri yon kat jewografik ki fasil pou migran itilize, ki montre yo kote yo ka jwenn rad gratis nan tout zòn vil Nouyòk la. Anpil nan kote sa yo pa mande pyès idantite ni referans.

GoGetta NYC se yon lòt bon resous, li bay lis kote ou ka jwenn rad, manje ak pwodwi ijyèn gratis — anpil moun ki fè azil oswa ki fèk rive Nouyòk sèvi ak sèvis sa yo.

FindHelp.org pèmèt ou fè rechèch atravè kòd postal pou jwenn sèvis rad gratis ak lòt sipò sosyal tankou manje ak kay pou w rete

Ou kapab rele NYC 311 epi mande dirèkteman pou “asistans rad gratis pou migran”, oswa ou ka chèche sou  sit entènèt NYC 311 pou jwenn nouvo enfòmasyon sou pwogram ki disponib yo.

Kèlkeswa distans ou sòti a oswa difikilte w ap fè fas ak yo kounya, sonje ou pa pou kont ou nan Nouyòk. Gen anpil moun ak òganizasyon nan chak zòn ki pran sitiyasyon w a kè, epi ki vle asire yo ou menm ak fanmi w jwenn sa nou bezwen. Li pa bezwen sèlman manje ak kote pou w dòmi, men tou rekonfò, konfò ak diyite.

Si w gen plis kesyon sou sijè sa a epi ou vle konnen nan ki nivo ou konsène, kontakte yon espesyalis sou sit Documented.info pou w kapab jwenn repons ki gratis epi konfidansyèl. Klike sou lyen sa a pou plis enfòmasyon.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt