Depi prentan ane 2022 pou rive mwa out 2024, plis pase 210,000 imigran te rantre Nouyòk pou chache azil. Pou anpil ladan yo, premye bagay ki enpòtan, se rive jwenn yon kote pou yo dòmi. Akòz gen yon lwa Nouyòk ki egzije vil la ebèje moun, otorite yo dwe bay tout moun ki bezwen, yon kote pou yo dòmi. Menm sila yo k ap chache azil.
Pa rapò ak moun ki nan vil la pandan yon ti tan, moun vil la klase kòm nouvo arivan yo (sa vle di moun ki fenk vini) dwe suiv yo pwosesis ki diferan pou yo jwenn espas pou yo dòmi. Majistra Nouyòk la, Eric Adams, te pibliye yon dekrè ki redui kantite tan moun ki fenk vini yo ka rete nan sant ebèjman yo. Nan gid sa a, w ap jwenn detay sou kijan sistèm ebèjman an fonksyone ak kantite tan “Nouvo Arivan” yo kapab rete ladan yo.
Definisyon “Nouvo Arivan”
Yo konside tout moun ki rantre Etazini apre 15 mas 2022 kòm yon nouvo arivan. Sa ki lakòz moun sa yo dwe swiv yon pwosedi diferan lè y ap aplike nan sistèm ebèjman an. Pwosedi sa a pa menm pou moun ki gen plis tan nan peyi a.
Mizajou gid pou migran ki fèk rive k ap chèche ebèjman nan vil nouyòk (gid sa anvigè depi 24 jen 2025)
Apre fèmti sant dakèy imigran yo nan Roosevelt Hotel nan dat 24 jen 2025 lan, imigran ki fenk rive nan vil Nouyòk yo dwe chache ebèjman ak sèvis atravè sistèm Depatman Sèvis pou Moun Sanzabri yo (DHS).
Ki kote w ap jwenn ebèjman ak sèvis sipò:
Imigran yo dwe vizite sant dakèy DHS ki koresponn ak sitiyasyon familyal oswa demografik yo:
- Fanmi ki gen timoun (ki poko gen 21 ane), moun ansent ki selibatè ak fanmi ki gen yon moun ansent: Vizite sant dakèy pou Asistans Prevansyon ak Lojman Tanporè (PATH) ki chita nan Bronx.
- Fanmi adilt (ki pa gen timoun ki gen mwens pase 21 ane): Vizite Sant Dakèy Fanmi Adilt (AFIC) nan Manhattan.
- Gason adilt ki selibatè: Vizite Sant Dakèy 30th Street nan Manhattan.
- Fanm adilt selibatè: Vizite Ebèjman Franklin oswa Sant Fanm H.E.L.P. nan Brooklyn.
Sant sa yo bay ebèjman, asistans legal, swen medikal, ak lòt sèvis sipò.
Kesyon Yo Poze Souvan
Kijan m ka pwouve mwen elijib pou ebèjman?
Lè w rive nan Sant Dakèy la, anplwaye yo ap mande w èske w gen fanmi w oubyen zanmi w k ap viv Etazini ou ka rete lakay yo. Yo kapab kontakte moun sa yo pou yo konfime ak yo si sa posib. Y ap mande w tou èske w kapab peye pou ebèje tèt ou. Li enpòtan pou w bay verite paske, si w pa kopere, yo gendwa refize w ebèjman an.
Pou konbyen tan m ka rete nan yon sant ebèjman?
Si w se yon majè ki poukont li, ou gen dwa rete nan sant ebèjman an pou 30 jou si se premye fwa vil Nouyòk refere w nan sant lan. Pou majè ki poukont yo epi ki gen mwens pase 23 ane, yo kapab rete nan sant lan pandan omwens 60 jou, si se premye fwa vil Nouyòk refere yo nan sant lan.
Fanmi ki gen timoun yo kapab re-aplike pou ebèjman apre 60 jou. Fanm ansent ki sou twazyèm trimès yo ak fanmi ki gen ti bebe ki fenk fèt yo kapab benefisye yon pwolonjman k ap pèmèt yo rete jiskaske timoun nan genyen 6 mwa.
Èske m ka chwazi nan ki sant ebèjman m vle ale?
Non. Y ap refere w yon sant ebèjman sou baz disponibilite l. Si w pa aksepte kote yo ba w la, otorite vil Nouyòk yo ap konsidere l kòm yon refi. Donk, ou dwe chache kote pou w rete poukont ou, men, se pap nan sistèm ebèjman vil Nouyòk la. Men, si w refize akòz sant ebèjman pa sekirize oubyen ou paka antre ladan l akòz yon andikap, yo dwe jwenn yon lòt opsyon pou ou.
E si yo detèmine m pa elijib pou ebèjman?
Si responsab yo estime w pa elijib pou ebèjman, y ap ba w yon lèt ki di w sa, nan lang ou pale a. Yo kapab refize w ebèjman si yo estime ou gen kote w ka rete, ou ka peye lojman w, oubyen si w pa vle kopere nan pwosesis la. Si w pa dakò ak desizyon an, ou ka mande pou yo revize l, sitou si lòt opsyon w genyen an pa sekirize, si li pa disponib oubyen li pa akomode pou moun k ap viv ak andikap.
Sant sèvis pou moun ki sanzabri
Malgre sant sa yo pa bay kabann pou moun dòmi lannuit, yo gen yon seri resous fondamantal epi yo disponib chak jou 24 sou 24, menm jou fèt ak jou konje. Sant sa yo gen sèvis esansyèl pou moun sanzabri tankou:
- Pla cho ak rad
- Aksè ak douch ak espas pou lesiv
- Konsèy ak jesyon konplè dosye sèvis sosyal
- Referans pou swen medikal ak sante mantal
- Asistans nan chanche travay. Epi yo ede moun aplike pou benefis sèvis sosyal yo
Men lis sant sèvis pou sanzabri ki ouvè nan 5 sikonskripsyon vil Nouyòk la:
Bronx
The Living Room
800 Barretto St. (ki Lafayette Avenue)
Si w ap pran tren, pran tren 6 k ap rive Hunts Point Avenue
Brooklyn
Gathering Place
2402 Atlantic Ave. (ant Sackman Street ak Jardine Place)
Si w ap pran tren: Desann Broadway Junction
Manhattan
Mainchance
120 East 32nd St. (ant Park Avenue ak Lexington Avenue)
Si w ap pran tren, pran tren 6 k ap rive 33rd Street
Olivieri Center for Homeless
257 West 30th St. (ant 7th Avenue ak 8th Avenue)
Si w ap pran tren: A, C, E, 1, 2, oubyen tren 3 k ap rive 34th Street-Penn Station
Queens
Breaking Ground
100-32 Atlantic Ave. (nan 102nd Street)
Staten Island
Project Hospitality
150 Richmond Terrace (ant Wall Street ak Schuyler Street)
Sant sa yo bay sèvis imedya ak sipò kontinyèl, pou ede moun afwonte defi ebèjman yo ak diyite epi ba yo aksè ak resous esansyèl.