Men sa w dwe konnen sou egzijans travay SNAP yo:
- Gen kèk moun ki dwe montre yo fè omwen 80 èdtan pa mwa nan travay, nan fòmasyon, lekòl oubyen volontarya pou yo kontinye resevwa SNAP.
- Nan pifò zòn nan Nouyòk, règ yo ap kòmanse aplike apati premye mas 2026.
- Si w pa ranpli kondisyon yo, ou ka resevwa SNAP sèlman pandan twa mwa nan yon peryòd twa ane.
- Timoun ki sitwayen ameriken yo ka toujou resevwa SNAP menm si paran yo pa kalifye.
Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an Janvye 2025.
Kisa k ap chanje nan SNAP?
Gen moun ki resevwa Asistans Pwogram Nitrisyon Siplemantè (SNAP), ke yo rele tou koupon manje. Kounye a, moun sa yo dwe pwouve yo fè 80 èdtan pa mwa nan yon travay oswa yon lòt aktivite ki ekivalan pou yo ka kontinye resevwa benefis yo.
Nouvo règ yo aplike pi souvan lè w ap fè resètifikasyon, ki se pwosesis renouvèlman an kote w dwe konfime enfòmasyon sou revni familyal ou.
Èske règ travay SNAP sa yo aplike pou tout moun?
Non. Gen kèk moun ki dwe suiv règ travay SNAP yo, men anpil lòt moun gen eksepsyon. Anplis, SNAP gen de (2) sistèm règ travay diferan.
Premye a se règ travay jeneral SNAP yo, ki aplike pou anpil moun ki kapab travay. Dezyèm nan se règ limit pou kèk moun, ki ka kanpe benefis SNAP yo apre kèk mwa si yo pa ranpli kondisyon 80 èdtan an.
Ki règ jeneral konsènan travay SNAP genyen?
Règ travay yo aplike an jeneral pou moun ki gen ant 16 ak 59 ane e ki kapab travay. Daprè règ sa yo, SNAP ka mande w pou enskri pou travay, aksepte yon òf travay ki apwopriye, epi patisipe nan pwogram travay ak fòmasyon.
Si w pa suiv règ sa yo, yo ka diskalifye w nan SNAP pou omwen yon mwa, epi pinisyon an ka pi long si sa rive ankò.
Rès atik sa a pale de moun gouvènman an klase kòm moun ki an sante, ki kapab travay, epi ki pa gen moun sou responsablite yo. Moun sa yo gen lòt kondisyon anplis pou yo resevwa SNAP regilyèman, epi yo ka fè fas ak pinisyon ki pi sevè si yo pa ranpli kondisyon yo.
Si w abite Nouyòk, w ap jwenn eksplikasyon ofisyèl eta a konsènan règ travay yo nan lyen sa a.
Kisa règ limit SNAP ki pi sevè a vle di?
Daprè One Beautiful Bill Act ki se yon lwa prezidan Donald Trump te pase, plis moun k ap resevwa SNAP ap oblije travay pou yo ka resevwa koupon manje yo, oswa bay gouvènman an prèv yo ta dwe jwenn eksepsyon pou règ travay sa a.
Pi gwo chanjman yo konsène moun gouvènman an konsidere kòm adilt san depandan ki kapab travay (ABAWD). Sa vle di moun ki gen ant 18 ak 64 ane, ki pa gen depandan, ki pa gen andikap ki anpeche yo travay, epi ki pa tonbe anba lòt règ ki egzante yo.
Si w tonbe nan kategori ABAWD epi ou pa fè omwen 80 èdtan pa mwa nan yon travay oswa yon aktivite ekivalan, an jeneral ou ka resevwa SNAP sèlman pandan twa mwa nan yon peryòd twa ane. Lè twa mwa sa yo fini, benefis yo ap kanpe sof si w vin ranpli kondisyon yo an aprè oswa si yo ba w yon eksepsyon.
Ki sa ki konte kòm 80 èdtan pa mwa?
Pou w ka kontinye resevwa SNAP, ou dwe dokimante omwen 80 èdtan travay pa mwa. Ou ka satisfè kondisyon sa a atravè travay ou touche pou li, fòmasyon nan milye travay, oswa yon konbinezon aktivite ki apwouve.
Aktivite yo rekonèt anjeneral yo kapab: travay a plen tan oswa a tan pasyèl, echanj travay pou byen, oswa sèvis (tankou lojman), fè volontarya nan yon kote ki apwouve, oswa patisipe nan yon pwogram travay ak fòmasyon ki apwouve. Ou kapab konbine lè travay ak lè fòmasyon oswa volontarya, depi total la bay 80 èdtan pa mwa.
Biwo SNAP ki nan zòn ou an ap deside ki pwogram yo aksepte epi ki kalite prèv ou dwe montre.
Mwen se yon paran. Èske m toujou kalifye pou eksepsyon an?
Sa depann de laj timoun nan.
Si dènye pitit gen ant 14 a 17 an, ou ka oblije ranpli kondisyon 80 èdtan an pou w kontinye resevwa SNAP, menm si se ou ki chèf fanmi an.
Kiyès ki pa oblije suiv règ 80 èdtan an?
Gen anpil moun ki jwenn eksepsyon pou règ sa a. Anjeneral, ou pa bezwen ranpli 80 èdtan yo si w ansent, si w ka montre papye medikal ki pwouve ou gen yon pwoblèm fizik oswa mantal ki limite kapasite w pou travay, oswa si w ap pran swen yon timoun lakay ou ki poko gen 14 zan.
Ou ka jwenn eksepsyon tou si w ap pran swen yon moun ki pa kapab pran swen tèt li, si w ap patisipe nan yon pwogram tretman pou dwòg oswa alkòl, oswa si w se yon elèv ki enskri omwen a mwatye tan. Elèv yo ka gen dwa pa suiv règ la, men gen lòt règ espesyal pou elèv nan SNAP, kidonk li enpòtan pou w verifye sitiyasyon w ak biwo zòn ou an.
Ki pwoteksyon nouvo lwa Trump lan siprime ?
Lwa a siprime kèk pwoteksyon tanporè yo te mete an plas nan dènye ane yo. Moun ki te egzante poutèt yo se ansyen sòlda, yo pa gen kay, yo te nan òfelina, pa jwenn pwoteksyon sa yo otomatikman ankò. Kounya moun ki nan gwoup sa yo ka oblije ranpli règ 80 èdtan an.
Kisa sitiyasyon an ye nan Nouyòk?
Granmoun san depandan ki kapab travay dwe kòmanse suiv règ travay yo apati premye mas 2026. Si w pa sèten si règ la aplike kote w ap viv la, biwo SNAP ki nan zòn pa w la ka konfime sa pou ou.
Premye mwa yo ka koupe benefis yo se jen 2026 pou moun ki pa t ranpli kondisyon yo pandan mwa mas, avril ak me.
Èske benefis SNAP mwen yo ap kanpe si m pa respekte nouvo règ yo?
Non, pa otomatikman. An jeneral, moun ki deja ap resevwa SNAP kontinye resevwa benefis yo. Yo souvan verifye nouvo kondisyon yo lè w ap renouvle dosye w. Si w panse règ yo ka afekte w, li pi bon pou w aji bonè.
Resètifikasyon se fason pou w renouvle benefis SNAP. Si w deja resevwa SNAP nan Nouyòk, an jeneral yo voye yon pakè renouvèlman ba w pa lapòs anviwon 2 mwa anvan dat benefis ou yo gen pou fini. Pakè a gen ladan l yon fòmilè renouvèlman ak yon randevou pou entèvyou ki ekri sou premye paj la.
Pwosesis la gen twa etap enpòtan:
- Ou dwe voye fòmilè renouvèlman an anvan yo fè entèvyou a. Ou ka voye li pa lapòs, sou entènèt nan myBenefits.ny.gov, pa faks, oswa pote li an pèsòn nan biwo sèvis sosyal ki nan zòn lakay ou.
- Ou dwe fè entèvyou a, ki souvan fèt nan telefòn.
- Apre entèvyou a, biwo SNAP la ka mande lòt papye, tankou prèv revni oswa si gen chanjman nan fanmi an.
Si w soumèt fòmilè renouvèlman an apre dat entèvyou ki nan pakè a, ou responsab pou w pran yon lòt randevou entèvyou anvan peryòd renouvèlman an fini. Si w rate dat limit yo, benefis ou ka anreta oswa sispann, menm si w toujou kalifye.
Kijan SNAP mache nan kay kote moun gen diferan estati imigrasyon?
Timoun ki sitwayen ameriken yo ka toujou kalifye menm si paran yo san papye oswa si yo pa kalifye ankò. Nan yon kay kote moun gen diferan estati, biwo SNAP mande enfòmasyon sou imigrasyon sèlman pou moun k ap aplike pou benefis yo. Benefis yo kalkile selon kantite moun ki kalifye nan kay la, kidonk kantite lajan an ka pi piti si tout moun pa kalifye.
Kisa mwen ta dwe fè anvan pwochen renouvèlman mwen an?
Si w panse règ travay yo ka valab pou ou, bagay ki pi enpòtan an se verifye si w pa oblije suiv règ la, epi fè biwo SNAP la konnen sa pi vit posib. Si w ansent, si w gen yon andikap, oswa si w ap pran swen yon timoun ki poko gen 14 ane, fè biwo SNAP la konnen epi mande ki papye yo aksepte.
Si w ka travay, mande biwo SNAP la ki aktivite yo rekonèt pou konte nan 80 èdtan yo epi kijan pou w fè rapò sou èdtan w yo chak mwa. Si w prè pou pèdi benefis w yo, mande yon eksplikasyon alekri sou estati limit ou an, ansanm ak ki mwa yo deja konte.
Si m pèdi SNAP, ki kote mwen ka jwenn èd pou manje nan New York?
Menm si benefis SNAP ou diminye oswa yo kanpe, gen lòt pwogram ki disponib pou ede w. Anpil fanmi ka toujou jwenn èd atravè: