Logo
Mar 13, 2026 | Ralph Thomassaint Joseph

Sispansyon azil USCIS la: Konsekans sou desizyon imigrasyon aplikan yo

Enfòmasyon sou dènye desizyon sispansyon azil administrasyon Trump lan te pran an ak enpak li sou aplikan yo. Chache konnen sa sa vle di pou ou epi kisa pou w fè

Administrasyon Trump la kanpe tout desizyon sou aplikasyon azil ki te depoze nan USCIS. Aksyon sa a afekte plizyè santèn milye moun k ap tann pwoteksyon. Ofisye USCIS yo te resevwa enstriksyon pou yo pa apwouve oswa refize ka azil afimatif yo jiskaske yo jwenn lod pou sa.

Gid sa a eksplike enpak sispansyon an, ki moun ki afekte, ak ki etap moun yo ta dwe konsidere kounye a. Li gen ladan l enfòmasyon Andres Santamaria, ki se avoka imigrasyon nan Make the Road New York, yon òganizasyon ki sèvi kominote imigran yo Nouyòk.

Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an Septanm 2025.

Men sa w dwe konnen sou sispansyon azil la:

  • Entèvyou azil USCIS yo ap kontinye pwograme men apwobasyon ak refi yo sou poz.
  • Poz la aplike pou kèlkeswa peyi orijin moun nan.
  • Pòz la pa afekte ka azil tribinal imigrasyon yo rekonèt kòm azil defansif.
  • Li rekòmande pou w ale nan tout odyans tribinal ak entèvyou USCIS ki pwograme yo. Si w pa ale, sa ka lakoz yo ba w lòd depòtasyon oswa yo konsidere w abandone dosye w la.
  • Pèmi travay ak lòt benefis yo pa revoke otomatikman, men y ap tann mizajou nan men USCIS nan 90 jou.
  • Kandida ki kalifye yo ta dwe kontinye depoze aplikasyon pou azil ak benefis ki asosye yo.

Ki moun ki pa afekte nan poz azil la

Chanjman an afekte sèlman aplikasyon azil afimatif ki se demann moun ki pa nan pwosedi depòtasyon depoze dirèkteman nan USCIS.

Pou kounye a, jij imigrasyon yo ap kontinye trete demann azil, òganize odyans epi bay desizyon pou aplikasyon azil defansif, ki depoze nan tribinal imigrasyon.

Apati 2 desanm, USCIS te mete tout desizyon imigrasyon yo sou poz. Poz la konsène rezidans, sitwayènte, otorizasyon travay ak aplikasyon azil, pou aplikan ki soti nan 19 peyi “ki gen gwo risk” yo. Kidonk, sitwayen imigran ki soti nan peyi Afganistan, Birmani, Bouwonndi, Tchad, Kiba, Eritre, Gine, Ayiti, Iran, Lawòs, Libi, Repiblik Kongo, Syera Leyòn, Somali, Soudan, Togo, Tirkmenistan, Venezyela oswa Yemenn, deja anba yon poz azil.

Èske m dwe ale nan odyans tribinal oswa nan entèvyou mwen an?

Wi. “Kandida yo ta dwe toujou ale nan odyans tribinal yo,” Santamaria te di “Si yon moun pa ale, gen anpil chans pou jij la bay yon lòd depòtasyon an absans li.”

Yo ta dwe ale nan entèvyou nan USCIS tou sof si yon moun resevwa yon konfimasyon alekri ki di randevou a te anile oswa repwograme.

E pèmi travay yo?

Pou kounye a, pa gen okenn endikasyon gouvènman federal la gen plan pou revoke pèmi travay oswa pou sispann aplikasyon pou otorizasyon travay ki lye ak ka azil yo an jeneral.

Santamaria fè remake, pa gen anyen nan poz la ki afekte kalifikasyon pou pèmi travay epi USCIS espere bay plis konsèy detaye nan 90 jou. Moun ki te fenk soumèt yon premye aplikasyon pou otorizasyon travay pa afekte anba règleman ki an plas jodi a, byenke yo ka fè fas ak reta.

Èske mwen ta dwe toujou depoze yon aplikasyon azil?

Wi. Poz la limite kapasite gouvènman an pou l bay desizyon, men li pa limite kapasite yon moun pou l aplike. Si w rate dat limit legal pou w aplike sa ka mete kalifikasyon w an danje.

“Moun ki kalifye pou azil ta dwe kontinye aplike nan dat limit yon ane a,” Santamaria te di. “Si w panse ou kalifye, ou ta dwe konsilte yon avoka.”

Menm lè entèvyou afimatif pou azil yo ka toujou pwograme, aplikan yo dwe atann yo entèvyou sa yo ka anile oswa retade.

Èske mwen ta dwe tann pou m aplike pou lòt benefis imigrasyon?

Non. Anpil benefis gen dat limit strik. Santamaria konseye pou w depoze aplikasyon yo alè. Si w soti nan yon peyi ki kapab gen lòt restriksyon federal, konsilte yon avoka pou w konprann kijan lòt règleman sa yo ka afekte ka w la.

Ki etap mwen ta dwe konsidere kounye a?

Santamaria ankouraje moun yo pran plizyè etap kounye a pou yo pwoteje tèt yo. Premyeman, rete an kontak avèk yon avoka imigrasyon ki ka revize ka w la epi ba w konsèy sou nenpòt risk.

Dezyèmman, pa rate okenn odyans oswa entèvyou ki pwograme. Twazyèmman, konsève tout dokiman ou resevwa nan men USCIS oswa tribinal imigrasyon, tankou avi ak resi.

Finalman, rete okouran sou operasyon ICE yo epi prepare yon plan nan ka arestasyon.

Ou gen lòt kesyon sou sijè sa a oswa sou fason li ka afekte w? Ou ka kontakte yon espesyalis nan Documented.info pou w jwenn repons gratis e konfidansyèl.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt