Si yon manm fanmi w nan men ICE, ou ka voye ba li lèt, lajan, dokiman legal li yo, ak kèk lòt ti bagay ICE otorize. Règ yo strik epi yo varye selon sant detansyon moun nan ye a. Gid sa a eksplike sa w kapab oswa pa kapab voye, epi kijan pou w fè sa kòrèkteman.
Chak sant detansyon gen pwosedi pa l. Ou dwe kontakte sant kote yo kenbe moun ou an pou w konnen kijan pou pran kontak avè l.
Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an Desanm 2025.
Kijan pou jwenn yon pwòch ou ki an detansyon nan men ICE
- Ou ka sèvi ak zouti rechèch sou sit entènèt ICE la pou jwenn kote yo kenbe moun nan.
- Zouti rechèch la mande non ak siyati moun nan egzakteman jan anplwaye gouvènman an anrejistre l nan sistèm nan. Ou ka bezwen eseye plizyè fason yo ka ekri non an pou w jwenn moun nan. Ou ka sèvi tou ak nimewo A (nimewo alyen) moun nan.
- Si w pa jwenn moun nan sou sistèm nan, kontakte yon biwo lokal ICE Enforcement and Removal Operations (ERO) nan zòn kote yo te wè moun nan pou dènye fwa.
Lè w fin konnen nan ki sant detansyon pwòch ou a ye, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou w ekri li, voye lajan, voye dokiman legal, oswa pran randevou pou vizite l, paske chak sant detansyon gen règ pa yo.
Vizite sit entènèt ofisyèl ICE la pou sant detansyon yo. Sèvi ak zouti rechèch la pou w jwenn sant detansyon ki konsène a.
Klike sou diferan onglè yo pou w jwenn nimewo kontak biwo sant detansyon ICE la. Ou ka rele nimewo a pou w konfime kijan pou w ekri l, voye lajan, epi pou w konnen si moun ki nan detansyon yo gen aksè ak tablèt pou yo ka kominike ak fanmi oswa sipòtè yo.
Apre w fin jwenn sant detansyon an, ou ka planifye apèl oswa vizit. Gen kèk sant ki pèmèt vizit an pèsòn. Gen lòt ki pèmèt sèlman apèl videyo.
Si w enkyete paske pwòp estati imigrasyon w ka mete w an danje lè w ap kominike ak ICE, li pi bon pou w kontakte yon avoka.
Enfòmasyon enpòtan sou fason pou w voye lajan bay yon moun ki fèmen nan sant detansyon ICE
Ou pa dwe voye lajan kach oswa chèk dirèkteman bay moun nan. Gen lòt fason pou w voye lajan pou yon moun ki nan sant detansyon ICE pou li ka achte kèk bagay debaz, papye tenb ak manje. Ou dwe verifye ak chak sant detansyon pou w konnen ki metòd peman yo aksepte.
- Voye yon chèk sètifye oswa yon money order dirèkteman nan sant detansyon an. Rele sant lan pou w mande egzakteman ki enfòmasyon pou w mete sou peman an, pa egzanp si li dwe fèt sou non sant detansyon an oubyen sou non konplè pwòch ou a.
- Sèvi ak yon sistèm elektwonik yo aksepte, tankou Western Union oswa Access Corrections.
- Sèvi ak ATM ki disponib pou vizitè yo nan sant detansyon an.
Enfòmasyon enpòtan sou fason pou voye lèt oswa pakè
Pou tout lèt, ou dwe mete non konplè moun ki nan detansyon an jan li parèt nan dokiman ofisyèl yo, kat (4) dènye chif nimewo A li a, ansanm ak non konplè moun k ap voye lèt la ak adrès retou li. Verifye ak chak sant detansyon pou asire w ap adrese lèt la kòrèkteman.
Moun ki nan sant detansyon ICE yo ka voye kantite lèt yo vle, men yo dwe peye frè lapòs la ak pwòp lajan pa yo. Sant detansyon ICE la ka bay papye, plim oswa kreyon, ak anvlòp gratis. Moun ki pa gen mwayen — sa vle di, dapre jan ICE defini li, moun ki gen mwens pase $15 dola sou kont yo — resevwa yon kantite papye tenb ki limite chak mwa.
Gen lòt enstriksyon espesyal pou voye dokiman konfidansyèl oswa dokiman legal. Verifye ak sant detansyon ICE la pou w asire w yo ka resevwa yo an sekirite. Si w ap voye yon paspò oswa lòt dokiman ofisyèl, li rekòmande pou w voye kopi olye dokiman orijinal la.
Pou w voye pakè, rele sant detansyon ICE la anvan pou w mande pèmisyon. Voye sèlman sa yo apwouve. Gen kèk sant ki ka pa aksepte pakè ditou.
Y ap louvri epi enspekte pakè ak lèt yo pou verifye si pa gen bagay yo entèdi ladan yo. Ofisyè ICE yo dwe louvri korespondans legal yo sèlman nan prezans pwòch ou a. Kenbe resi tout transfè lajan ak tout korespondans enpòtan.
Bagay yo ka apwouve yo ka gen ladan yo:
- Ti objè relijye
- Liv relijye oswa sekilè (po liv la dwe fen)
- Dokiman oswa papye legal
- Foto (maksimòm 10, gwosè 5 pa 7 pous oswa pi piti)
- Linèt doktè preskri
- Fo dan (dantye)
- Ti kaye oswa paj adrès pèsonèl
- Korespondans (lèt)
- Bag maryaj
- Lòt bagay administratè sant la apwouve
Men sa w ap jwenn nan lis bagay yo entèdi yo:
- Aparèy elektwonik (telefòn selilè, òdinatè pòtab, tablèt, radyo, razwa elektrik)
- Lajan kach (toujou sèvi ak money order oswa transfè elektwonik)
- Manje
- Rad
- Nenpòt zam oswa zouti ki ka blese
- Pwodui ki fèt ak tabak
Bagay esansyèl pou vwayaj yo ka gen ladan yo:
Ou ka voye bagay pou vwayaj sèlman si y ap depòte pwòch ou a soti Etazini. Yon responsab nan sant detansyon ICE la dwe apwouve yo, epi yo limite a yon sèl ti valiz, anjeneral pa plis pase 40 liv.
- Pa dwe gen okenn aparèy elektwonik, menm andedan valiz la
- Bagay ki nesesè pou vwayaj, tankou rad
- Linèt doktè preskri
- Fo dan (dantye)
- Medikaman esansyèl (ak dokiman ki nesesè yo)