Kit w ap eseye pwoteje tèt ou oswa ede yon pwòch ou yo arete, lè w konnen ki desizyon pou w pran, sa ka fè yon gwo diferans.
Aaron Reichlin-Melnick, ki fè travay rechèch nan Konsèy Imigrasyon Ameriken an, mete aksan sou enpòtans pou w jwenn asistans legal bonè. Li fè konnen: “Gen kèk moun yo arete ki rete nan sant detansyon imigrasyon, alòske gen lòt yo ka lage. Gen kèk ki te deja gen pwoblèm imigrasyon ki ka fè yo jwenn depòtasyon imedya, alòske gen lòt ki pat ko janm gen okenn kontak ak ICE ki apèn antre nan pwosedi tribinal imigrasyon.
Chak ka diferan — se rezon sa ki fè li enpòtan anpil pou w pale ak yon avoka pou w konprann risk ak rezilta ki posib pou sitiyasyon chak moun.”
Chache reprezantasyon legal
Nan sitiyasyon sa a, ou bezwen asistans yon avoka. Toujou asire w avoka oswa reprezantan legal ou a an gen lisans. Si yon moun pwòch ou nan prizon nan vil Nouyòk epi li pa gen mwayen pou peye yon avoka, gen sèvis legal gratis ki disponib nan New York Immigrant Family Unity Project (NYIFUP). Fòmilè referans lan disponib nan lyen sa a.
Ou kapab kontakte lòt òganizasyon sa yo ki gen bon repitasyon:
Lokalize moun pwòch ou nan prizon ICE
ICE mete yon Sistèm Lokalizasyon Detni An Liy (ODLS) pou ede fanmi yo konnen nan ki prizon pwòch yo ye. Ou ka fè rechèch avèk:
- Non konplè, dat nesans, ak peyi orijin
- nimewo alien moun nan (A-Number) si w genyen li
- Verifye pou evite erè òtograf, sitou lè w ap chache non fanmi ki gen tirè oswa ki gen de (2) siyati.
- Sistèm lokalizasyon sa a pa ka fè rechèch pou dosye moun ki poko gen 18 ane. Pou yon minè, fanmi l ka kontakte Sant Apèl Nasyonal Biwo Reyentegrasyon Refijye yo nan 1-800-203-7001. Sant lan ouvè 24 sou 24, 7 jou sou 7.
- Si w pa gen okenn enfòmasyon disponib, kontakte konsila oswa anbasad peyi w pou w jwenn asistans.
Rete konekte epi bay sipò
Yon fwa ou lokalize moun nan, kontakte prizon an pou w jwenn enfòmasyon sou opsyon kominikasyon yo. Gen kèk sant ki pèmèt vizit an pèsòn, men gen lòt ki pèmèt sèlman apèl videyo. Chak sant gen pwòp règ pa yo, tankou kijan pou w kreye yon kont telefòn pou moun nan ka rele w.
Si w ta renmen voye lajan pou bezwen pèsonèl oswa manje, mande sant detansyon an kijan pou w kontribye nan kont kantin moun nan.
Dabitib yo pa bay dwa pou w pote bagay fizik tankou rad oswa manje, paske sant detansyon yo bay sa yo dirèkteman. Sepandan yo ka otorize kèk bagay, tankou dokiman legal, liv ak lèt selon règleman sant lan.
Rasanble dokiman enpòtan yo
Prepare epi konsève kopi dokiman esansyèl ki ka nesesè pou defans legal moun nan. Lè w gen sa yo pare, sa ka ede avoka a bati yon dosye ki pi solid.
Dokiman sa yo kapab:
- Idantifikasyon (paspò, kat idantite)
- Dokiman imigrasyon (viza, avi pou odyans tribinal)
- Sètifika nesans ak maryaj
- Dosye medikal
- Ansyen dokiman legal oswa tribinal yo
E si w se yon paran?
Si w pa sitwayen epi w responsab yon timoun, li enpòtan pou w planifye davans. Hasan Shafiqullah, avoka sipèvizè imigrasyon nan The Legal Aid Society, rekòmande pou w pwoaktif.
Gid Legal Aid Society a sigjere pou w:
- Mete enfòmasyon kontak ijans nan lekòl pitit ou ajou
- Fè oswa renouvle paspò pitit ou
- Otorize yon moun ou fè konfyans pou pran desizyon sou zafè sante ak edikasyon pitit ou
- Etabli yon pwokirasyon ki se yon dokiman legal ki bay yon moun ou fè konfyans pouvwa pou jere pwopriyete ak/oswa finans ou si w pa la
Mezi sa yo ka asire gen yon moun ou fè konfyans k ap pran swen pitit ou si ou menm ou pa la.
Rete enfòme epi pridan
Finalman, sèlman pran enfòmasyon nan sous ki fyab. Move enfòmasyon gaye rapid sou rezo yo ak nan mesaj, epi yo ka lakòz panik ki pa nesesè.