Logo
Mar 05, 2026 | Ralph Thomassaint Joseph

Pwokirasyon: Kijan pou w pran yon avoka epi peye lwaye w pandan w nan prizon

Yon pwokirasyon pèmèt yon moun ou chwazi jere tout sa ki konsène lajan pou ou epi anboche yon avoka pou ou si yo arete w.

Enfòmasyon ou dwe konnen sou pwokirasyon:

  • Yon pwokirasyon (POA) se yon dokiman legal ki bay yon moun, yo rele ajan, dwa pou l aji nan plas yon lòt moun, yo rele prensipal.
  • Yon pwokirasyon ka ede imigran jere tout sa ki konsène dosye lajan yo si yo nan prizon oswa depòte.
  • Si yon imigran nan prizon, yon pwokirasyon ka pèmèt ajan an transfere lajan soti nan yon kont labank pou peye sèvis avoka oswa pou soutni manm fanmi prensipal la.
  • An fonksyon sitiyasyon moun nan, li posib pou yon pwokirasyon pa nesesè.
  • Chèche èd legal si dokiman pwokirasyon an difisil pou w konprann.

Selon done Documented jwenn, plis pase 250,000 imigran resevwa lòd depòtasyon nan tribinal imigrasyon Nouyòk pandan 25 dènye ane yo. Pou prepare yo si depòtasyon ta frape pòt yo, anpil imigran san papye pran kèk mezi pou pwoteje fanmi yo ak lajan yo.

Youn nan opsyon yo se yon pwokirasyon (POA), ki pèmèt yon moun yo chwazi jere tout zafè ki konsène lajan yo pou yo. Menm si yon pwokirasyon pa nesesè nan tout ka, li bon pou w byen enfòme sou wòl li ak fason li fonksyone.

Ki sa yon pwokirasyon ye?

Yon pwokirasyon (POA) se yon dokiman legal ki bay yon moun yo rele ajan, manda, pou li aji nan plas yon lòt moun, yo rele prensipal, lè moun sa a pa kapab fè sa pou tèt li. Menm si yo souvan itilize pwokirasyon lè yon moun pa kapab pran desizyon akòz laj oswa yon pwoblèm medikal, li kapab tou ede imigran jere zafè ki konsène lajan yo si yo nan prizon oswa depòte.

Pa egzanp, yon pwokirasyon ka pèmèt ajan an transfere lajan oswa fè retrè nan yon kont labank pandan yon moun nan prizon. Lajan sa yo ka sèvi pou peye frè pou reprezantasyon legal, peye lwaye, epi ede soutni manm fanmi yo.

Èske yon pwokirasyon toujou nesesè?

Sa depann de sitiyasyon w. Si gen yon lòt moun ki siyen sou kont ou oswa ki gen dwa siyati sou kont labank ou, petèt ou pa bezwen yon pwokirasyon. Men, si w posede yon kay  epi ou bezwen yon moun vann li apre ou ta depòte, pwokirasyon an ka vin esansyèl.

Yon pwokirasyon kapab pèmèt ajan an fè retrè oswa transfere lajan pou ou soti nan bank Etazini apre depòtasyon w. Sepandan, si bank ou pèmèt ou jere kont ou menm si w pa Etazini, petèt ou pap bezwen yon pwokirasyon.

Pi bon apwòch la se evalye sitiyasyon pèsonèl pa w la.

Èske mwen ka siyen yon pwokirasyon si mwen nan prizon?

Ou ka kontakte yon notè piblik pou l vini nan sant detansyon an pou l rankontre avè w. Chak prizon gen pwòp règ pa yo epi yo ka mande yon apwobasyon alavans pou vizit la.

Kijan pou m depoze yon dosye pou pwokirasyon?

Yon fwa ou fin konprann ou bezwen yon pwokirasyon, epi ou fin pale ak yon moun ou fè konfyans pou vin ajan ou, ou ka kòmanse kreye dokiman legal la.

Eta Nouyòk ofri yon fòm legal ki byen senp pou pwokirasyon (Statutory Short Form POA), ki gen tout enfòmasyon ki nesesè pou w bay ajan an otorite pou tranzaksyon pou kay,  labank, operasyon biznis, ak divès lòt bagay. Moun yo ka pèsonalize pwokirasyon yo jan yo vle.

Prensipal la ak ajan an dwe siyen dokiman an devan yon notè piblik. Otorite ajan an kòmanse otomatikman yo fin siyen devan notè a. Nan Nouyòk, yon pwokirasyon pa ka fèt a distans

Èske genyen yon frè pou w peye pou yon pwokirasyon?

Soumèt yon pwokirasyon gratis, e pifò ajans gouvènman yo gen enstriksyon nan fòm nan sou kijan pou ranpli li.

Nan Eta Nouyòk, pou w valide pwokirasyon an, ou bezwen siyati yon notè piblik, ki koute 2 dola pou chak siyati. Si notè a oblije deplase pou vinn jwenn ou, pri a ka pi wo.

Si ou pran sèvis yon avoka oswa notè pou kreye yon pwokirasyon pèsonalize, pri a ka sòti ant 150 pou rive 500 dola. Pi bon bagay la se poze kesyon anvan ou kòmanse pwosesis la.

Èske mwen ka anile yon pwokirasyon?

Wi. Dapre enfòmasyon nan fòmilè a, “ou ka revoke oswa mete fen nan yon pwokirasyon nenpòt kilè, pou nenpòt rezon, depi w gen kapasite mantal. Si w pa  gen kapasite mantal ankò, yon tribinal ka retire yon ajan ki mal aji.”

Yon fwa ou revoke pwokirasyon an, ou dwe enfòme tout ajans ak enstitisyon ki te an kontak ak ajan an pou ou.

Èske yon pwokirasyon ka sèvi pou zafè imigrasyon?

Non. Yon pwokirasyon pa bay ajan an pouvwa pou li aji sou dosye ki konsène imigrasyon, tankou prezante nan odyans imigrasyon kòm reprezantan legal oswa soumèt fòm pou ou. 

Men, ou ka itilize yon pwokirasyon pou ede w jwenn sèvis yon avoka imigrasyon DOJ akredite.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt