Pou anpil imigran, lite pou pi gwo salè oswa pou pi bon kondisyon travay kapab yon defi. Anpil travayè ki pa fèt Etazini — sitou moun ki pa gen papye — vilnerab pou yo sibi diskriminasyon oswa eksplwatasyon pa rapò ak estati imigrasyon yo.
Sendika se yon fason travayè yo ka kolabore ansanm pou atenn objektif yo ansanm, epi pwoteje ouvriye yo nan travay kit yo se sitwayen ameriken oubyen imigran.
Yon sendika gen pou pi piti de (2) travayè ki vle kolabore pou atenn objektif yo pataje. Objektif sa yo kapab ogmantasyon salè, jwenn pi bon benefis sante, resevwa konje maladi peye, amelyore orè travay, oswa asire kondisyon travay ki pi sekirize.
Travayè yo te jwenn dwa pou fòme sendika an 1935, lè Kongrè ameriken an te vote Lwa Nasyonal sou Relasyon Travay. Pou pwoteje dwa sa yo, gouvènman an te fòme Konsèy Nasyonal Relasyon Travay (NLRB), yon ajans federal ki ede sipèvize epi rezoud dispit ant administrasyon travay la ak travayè yo, ki sipèvize epi òganize eleksyon sendika ki jis, epi ki pini anplwayè pou pratik travay ki pa jis.
Lwa sa yo entèdi patwon yo degrade, revoke, oswa pini anplwaye ki rantre nan yon sendika. Li entèdi tou òganizatè sendika yo entimide oswa menase travayè yo si yo pa vle rantre nan yon sendika. Pou finanse sèvis ak negosyasyon sendika yo fè travayè yo fè kotizasyon bay sendika a.
Pandan plizyè ane, sendika yo te batay pou vote lwa ki bay jounen travey 8 èdtan, salè minimòm, lwa sou travay timoun, asirans chomaj, ak benefis swen sante ki baze sou anplwayè a.
Dwa w kòm yon travayè imigran pou fè pati yon sendika
NLRB pwoteje dwa travayè yo pou kreye sendika, kèlkeswa estati imigrasyon yo. Sa vle di ouvriye imigran san papye yo gen dwa rantre oswa vote pou yon sendika epi diskite youn ak lòt sou salè yo oswa tretman yo nan travay. NLRB pa poze kesyon sou estati imigrasyon ouvriye yo, epi yo pa bezwen pataje okenn enfòmasyon sou pwòp estati imigrasyon pa yo oswa estati imigrasyon lòt moun.
Kijan fòmasyon yon sendika fonksyone?
Si w vle kòmanse yon sendika, premye etap la se diskite ak kòlèg travay ou yo sou pwoblèm komen nan travay la epi monte yon komite òganizatè. Aprè sa, ou ka kontakte kèk sendika ki deja etabli pou w chèche konsèy oubyen òganize w kòm yon sendika endepandan poukont ou.
Ou ka jwenn non sendika yo sou sit entènèt Depatman Travay la, men li ta pi bon pou w kontakte yon sant travayè oswa yon lòt òganizasyon ki ta ka mete w an kontak ak yon sendika nan endistri ou ye a paske se pa tout sendika k ap rekrite nouvo manm aktivman.
Apre sa, ou ka kolekte petisyon pou otorizasyon sendika a nan men kòlèg travay ou yo, ki se kat chak travayè ka siyen pou montre sipò yo pou fòme yon sendika. Pifò travayè ki pa nan nivo manadjè nan Nouyòk, a tan pasyèl oswa plen tan, nan sektè prive a ka fè pati yon sendika. Men, travayè domestik, kontraktè endepandan ak travayè agrikòl yo pa ladan l. Nan eta Nouyòk, pifò travayè sektè piblik la kalifye tou.
Si w kolekte kat nan men majorite travayè yo, ou ka mande anplwayè a pou l rekonèt sendika a. Si yo fè sa, ou ka kontinye negosye, sa vle di sendika a ka kontinye negosye yon kontra travay ki kouvri salè, lè travay ak lòt kondisyon travay.
Aprè yon sendika fin kreye, anplwayè a ak sendika a sipoze diskite sou pwoblèm travay yo ak bòn fwa, sa vle di tou de pati yo dwe rankontre regilyèman epi travay ansanm pou jwenn solisyon. Pwosesis la ka pran anpil tan epi si anplwayè a ak sendika a pa ka rive jwenn yon akò, NLRB ka bezwen entèveni epi, nan ka ekstrèm, NLRB ka mande yon tribinal federal pou bay yon desizyon.
Kòmanse
Men kèk òganizasyon nan Nouyòk ki ka ede w lè w ap kreye yon sendika nan travay ou:
- Workers Justice Project (Pwojè pou jistis pou ouvriye)
Yon òganizasyon ki vize bay travayè imigran ki touche ti salè plis otonomi - New Immigrant Community Empowerment (NICE) (Nouvo kominote otonomizasyon pou imigran)
Yon òganizasyon ki dedye a bay nouvo imigran yo otonomi epi ki ofri pwogram pou fòme travayè imigran yo - Flushing Workers Center (Sant pou ouvriye nan Flushing)
Yon òganizasyon ou ka enskri kòm manm ki ouvè pou travayè tout orijin ki vize amelyore kondisyon travay ak lavi pou moun nan zòn Flushing - Chinese Staff and Workers’ Association (Asosiyasyon pou travayè Chinwa)
Yon òganizasyon ou ka enskri kòm man. Se travayè restoran Chinwa ki te kreye l nan fen ane 1970 yo - Laundry Workers Center
Yon òganizasyon ki defann epi bay devlopman lidèchip pou travayè imigran ki touche ti salè - Brandworkers
Yon òganizasyon ki sipòte ouvriye k ap travay nan endistri alimantè ki baze nan Nouyòk ak Noujèze - Cornell Labor Law Clinic (Klinik sou lwa travay)
Yon klinik legal kote etidyan dwa ak pwofesè nan Inivèsite Dwa Cornell bay travayè yo asistans legal