Logo
Feb 26, 2026 | Documented.info

Èske Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou Ayiti Deja fini?

Pou kounye a, Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou Ayiti toujou an vigè. Depatman Sekirite Entèn (DHS) te gen plan pou mete fen nan TPS pou Ayiti 3 Fevriye 2026, men yon jij federal te bloke revokasyon sa a nan  dat 2  Fevriye 2026. Akòz lòd jij la, TPS pou Ayiti ap kontinye pou kounye a. DHS te di li pa dakò ak lòd tribinal la epi li pral pwobableman fè apèl kont desizyon an.

Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka oubyen yon pwofesyonèl akredite kapab ba ou. Dènye mizajou yo fèt Fevriye 2026.

Kisa desizyon tribinal la vle di pou mwen antanke yon moun ki gen TPS Ayisyen?

Ou kapab kontinye viv epi travay Ozetazini sou proteksyon TPS pou kounya. Ou ka al gade sou  Sitwèb USCIS la pou dènye enfòmasyon sou ka a, oubyen li lòd jij federal la dirèkteman.

Tanpri sonje, menm si TPS la rete aktif jodi a, sitiyasyon an ka chanje selon desizyon tribinal yo nan lavni.

Èske pèmi travay mwen an (EAD) toujou valab?

Wi. Akòz desizyon tribinal federal la, pèmi travay TPS ou a toujou valab si li montre nenpòt nan dat ekspirasyon orijinal sa yo: 

  • 3 Fev, 2026
  •  3 Out, 2025
  •  3 Out, 2024
  •  30 Jen, 2024
  • 3 Fev, 2023
  • 31 Des, 2022
  • 4 Okt, 2021
  • 4 Jan, 2021
  • 2 Jan, 2020
  • 22 Jiyè, 2019
  • 22 Jan, 2018
  • 22 Jiyè, 2017

Ou pa bezwen aplike pou yon nouvo kat sof si USCIS bay nouvo enstriksyon.

Èske mwen bezwen fè anyen kounye a?

Pou kounye a:

Piske TPS pou Ayiti a ka toujou fini nan lavni, si w ka kalifye pou yon lòt fòm èd imigrasyon, li rekòmande pou w chèche èd legal.

Ou pa bezwen enskri ankò pou TPS Ayisyen ak USCIS.

Ou pa bezwen aplike pou yon nouvo EAD, sof si USCIS ba ou nouvo direksyon.

Kontinye tcheke Haitian Bridge Alliance website pou dènye nouvèl sou ka tribinal la. HBA te prepare yon lèt ou ka pataje ak anplwayè yo ki eksplike lòd tribinal la.

Sonje, sipò legal esansyèl. Ou ka kontakte yon avoka imigrasyon prive oswa yon founisè sèvis imigrasyon legal ki san pwofi pou konprann opsyon yo.

Ou vle poze kesyon sou sijè sa ak sou kijan li aplike nan dosye pa w la? Kontakte yon espesyalis Documented.info ki ap ba w repons konfidansyèl ki gratis. W ap jwenn plis detay la a.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt