Menm lè yon imigran pa kapab vote Etazini, sa pa anpeche l jwe yon wòl enpòtan nan avni vil Nouyòk. Kit se nan milite pou dwa ouvriye oswa ede vwazen yo jwenn sèvis vil la, gen anpil fason yo ka rantre nan lavi sivik epi fè kominote yo pi fò. Si w ap chache mwayen pou w rete angaje nan Nouyòk menm si w pa kapab vote, men kèk fason ou ka kontribye sivikman.
Premyèman, konprann kijan gouvènman Nouyòk la fonksyone
Avan menm ou enplike w, li enpòtan pou w konprann kijan politik òganize. Nan nivo siperyè a, gouvènman federal la, ak prezidan an, kongrè, ak ajans federal yo, mete lwa nasyonal ak politik ki ka afekte tout moun, ki gen ladan l imigran.
Dezyèm nivo a gen gouvènman chak eta yo. Eta Nouyòk la gen pwòp gouvènè li, senatè ak manm lachanm ki fè lwa nan tout eta a.
Nan vil Nouyòk gen gouvènman lokal la ki gen nan tèt li majistra a k ap jere ajans vil la, ak manm konsèy vil la, ki yo chak reprezante yon sikonskripsyon ki apwouve fason lajan lokal yo depanse.
Lòt ofisyèl nan tout vil la gen ladan l kontwolè vil la, ki se moun ki kontwole finans vil la, ak avoka piblik, ki koute plent abitan yo epi pwopoze solisyon.
Finalman, nan nivo katye, konsèy kominotè yo ak òganizasyon lokal yo bay rezidan yo yon fason dirèk pou abòde pwoblèm yo epi kontribiye nan desizyon ki afekte lavi yo chak jou.
Enskri nan òganizasyon kominotè lokal yo oswa komite konsèy yo
Anpil ajans lokal ak òganizasyon envite rezidan yo — kèlkeswa estati imigrasyon yo — pou yo rantre nan gwoup konsiltasyon oswa konsèy kominotè yo. Ou ka tcheke konsèy kominote bò lakay ou nan lyen sa a
Espas sa yo enfliyanse desizyon sou lojman, transpò, sekirite, ak edikasyon. Moun ki abite Nouyòk ka patisipe nan reyinyon piblik, soumèt kòmantè epi menm aplike pou pran yon wòl pi aktif kòm yon manm konsèy kominote a.
Manm yo gen yon vwa dirèk nan desizyon sou pwoblèm nan katye a, tankou pak yo, zafè lojman, transpò, ak sèvis vil la.
Nenpòt moun k ap viv nan vil Nouyòk, k ap travay, ki posede yon biznis, oswa ki gen yon lòt enterè enpòtan nan sikonskripsyon an ka aplike pou yo nomine yo nan konsèy kominote a. Yo ba bezwen sitwayen pou sa.
Angaje w nan lekòl ak asosyasyon paran-pwofesè lokal yo
Chak lekòl piblik nan vil Nouyòk gen asosyasyon paran-pwofesè (PTAs), yon espas kote paran ak responsab nan lekòl yo ka ede pran desizyon, pataje lide, epi sipòte elèv yo. Pou enskri ladan yo ou pa bezwen gen yon nimewo sekirite sosyal, kat idantite, oswa prèv sitwayènte.
Vwa w ede fòme kalite edikasyon ak resous pitit ou resevwa. Epitou, PTAs ak komite yo se kote ki san danje pou konekte ak lòt paran, aprann sou dwa moun, epi ranfòse konfyans ak lyen kominote yo.
Patisipe nan odyans piblik ak lameri vil yo
Komite konsèy ak ajans vil la òganize regilyèman odyans piblik pou kolekte opinyon kominote a anvan yo fè règleman, pase lwa, oswa apwouve pwojè yo. Nenpòt moun ka patisipe an pèsòn, atravè Zoom, oswa lè yo ekri kòmantè.
Si w bezwen entèpretasyon pou lang ki pa anglè, voye yon imèl bay translationservice@council.nyc.gov, omwen twa jou anvan odyans piblik la.
Men kèk fason pou w patisipe:
- Odyans Konsèy vil la: Tcheke Kalandriye konsèy la epi ranpli Fòm “Temwanye” a pou w enskri.
- Odyans ajans: Anpil ajans afiche avi ak enstriksyon pou pale oswa soumèt kòmantè sou Sit Règleman Nouyòk yo. Ou kapab fè kòmantè pa imel oswa pa lapòs lè w klike sou lyen sa a.
Lè w patisipe nan odyans sa yo, ou ka pale sou pwoblèm tankou pwoteksyon lokatè, vòl salè, aksè swen sante, oswa transpò. Ou pa bezwen montre idantifikasyon pou w patisipe oswa fè kòmante.
Defann yon politik oswa lide byen presi
Moun Nouyòk yo, kèlkeswa estati imigrasyon yo, kapab patisipe nan de inisyativ kle vil la jere, pou enfliyanse kijan yo depanse lajan piblik yo.
Bidjè patisipatif konsèy vil la ki sipèvize a, pèmèt moun k ap viv nan sikonskripsyon yo pwopoze pwojè pou amelyore enfrastrikti tankou lekòl, bibliyotèk, ak pak. Aprann plis nan council.nyc.gov/pb.
Lajan pèp la se kote abitan vil Nouyòk yo ka pataje pwopozisyon pou sèvis sosyal, evènman, oswa kanpay konsyantizasyon. Tout rezidan, kèlkeswa estati sitwayènte yo, ka patisipe epi vote sou fason vil la pral depanse apeprè $4 milyon dola. Vizite participate.nyc.gov pou w aprann plis.
Milite nan asosyasyon k ap defann dwa imigran ak ouvriye
Lè w mete men nan batay la pou w mande tretman ki jis, pi bon lwa, epi pou tout moun jwenn menm opòtinite, se yon bon mwayen pou w patisipe nan lavi sivik vil la. Òganizasyon imigran ak dwa travayè yo fè rankont ak eli ofisyèl yo, yo òganize manifestasyon ak konferans pou laprès, epi yo travay avèk manm kominote a pou ba yo platfòm pou rakonte istwa yo pou afekte chanjman.
Men kèk fason pou w patisipe:
- Antre nan yon òganizasyon ou fè konfyans k ap travay sou pwoblèm ki konte pou ou, tankou dwa ouvriye, lojman, swen sante, oswa edikasyon.
- Ale nan reyinyon kominotè oswa fòmasyon. Anpil nan espas sa yo fèt nan plizyè lang. Yo gratis, epi ouvè a tout rezidan yo — pa gen okenn kat identifikasyon oswa estati sitwayènte ki nesesè.
- Ede pataje enfòmasyon. Ou ka distribye flayè, pataje pòs rezo sosyal yo, oswa fè benevola nan rasanbleman.
- Ankouraje petisyon ki baze sou pwoblèm kominote a, ki ouvè a tout rezidan kèlkeswa estati imigrasyon yo.
- Devlope konpetans lidèchip ou. Gwoup yo konn pwopoze fòmasyon òganizasyon kominotè kote ou aprann kijan pou defann tèt ou ak lòt moun efektivman.
Fè travay volontè nan yon kanpay politik
Kèlkeswa estati imigrasyon l, nenpòt moun ka fè travay volontè pou yon kanpay politik. Si w gen otorizasyon travay ou, ou ka travay pou yon kanpay. Menm lè moun ki pa sitwayen pa gen dwa fè don nan kanpay politik oswa ranmase siyati pou yon kandida, yo ka toujou patisipe nan fè kanpay nan katye yo, mobilize moun nan apèl telefòn, oswa ede òganize fowòm kandida yo.