Logo
Feb 17, 2026 | Rommel H. Ojeda

Enfòmasyon imigran yo dwe konnen sou nouvo pouvwa ICE genyen pou antre lakay moun

ICE bay ajan li yo gwo pouvwa pou antre lakay moun san pèmisyon yon jij, men sa ka an dezakò ak konstitisyon an.

Yon nouvo memo entèn Imigrasyon ak Ladwàn (ICE) pibliye, otorize ajan imigrasyon yo antre lakay moun san manda ki gen siyati yon jij. Nan sans sa a, ICE bay ajan li yo plis pouvwa, sa ki lakoz konfizyon ak laperèz nan kominote imigran yo.

Defansè dwa imigran ak avoka yo di ICE ap vyole pratik ak pwoteksyon ki te egziste depi lontan. Yo enkyè paske konstitisyon an pa rekonèt nouvo taktik ICE la, epi li an konfli ak katriyèm amandman konstitisyon Etazini an ki entèdi yo fouye ak sezi bagay moun san rezon.

Pou kounye a, avoka yo di moun pa ta dwe louvri pòt pou ICE sof si ajan yo prezante yon manda yon jij siyen. Men sa imigran yo dwe konnen sou ICE ak dwa yo konsènan manda jidisyè yo.

Ou pa oblije louvri pòt lakay ou pou ICE

Sarah Vendzules, ki se direktè Ekip Jistis Imigran nan Legal Aid Society, konseye moun yo pa louvri pòt yo pou ICE si ajan yo pa gen yon manda yon jij siyen. Li di: “Mwen konprann anpil moun ka chwazi mete sekirite yo an premye, paske ICE ka kraze pòt la epi yo ka blese moun pandan entèvansyon an oswa nan move reyaksyon. Men m ap toujou di: ou pa oblije obeyi ak lòd ki pa legal.”

Li bay avètisman si yon moun bay ICE pèmisyon pou antre lakay li lè l louvri pòt li, sa ka fè li pi difisil pou mande jistis kont ICE devan tribinal.

Ginny Nuñez, ki se avoka imigrasyon ak fondatè Nuñez Law, PLLC, fè konnen, pa gen anpil bagay yon moun ka fè si ajan ICE yo eseye kraze pòt la pou yo antre pa fòs. Li di: “Si sa pa mete w an danje, mwen konseye yon moun (yon zanmi, yon moun ki ap viv nan menm kay la oswa yon moun pwòch) filme sa k ap pase a, epi asire videyo a anrejistre yon kote lòt moun ka jwenn li, paske sa ka tounen yon prèv enpòtan pita.”

Li rekòmande tou pou moun pa reziste, paske sa ka fè sitiyasyon an vin pi grav epi lakoz akizasyon kriminèl.

Ki diferans ki genyen ant manda jidisyè ak manda administratif?

Nouvo memo ICE la di ajan yo ka antre lakay imigran yo ak yon manda administratif, ki se yon dokiman ajans lan bay tèt li, olye de yon manda jidisyè, ki pi difisil pou jwenn paske se yon jij ki bay li.

Vendzules eksplike: “Manda administratif ICE la, se tankou lapolis ap ekri pwòp manda yo pral egzekite a.”

Pou yon manda jidisyè, ICE dwe prezante prèv yo devan yon antite ki pa nan pati pri, tankou yon jij, epi jij la deside si gen rezon legal pou l bay manda a.

Daprè Vendzules, yon manda administratif ICE — yo rele li tou fòm I-205 — pa pase devan okenn lòt enstans ki verifye oswa jistifye aksyon pou arete yon moun oswa antre nan yon kay.

Vendzules fè konne, manda jidisyè yo ra anpil. “An jeneral, yon jij ka akòde yon manda sèlman lè li wè gen yon krim ki bezwen prèv epi gen bon rezon pou kwè yo ka jwenn prèv sa yo nan kay la.”

Èske ajan ICE ka antre lakay mwen si yon jij imigrasyon siyen yon òdonans depòtasyon pou mwen? 

Menm si gen yon jij imigrasyon ki siyen lòd depòtasyon w— ki nesesè pou manda administratif ICE la — jij imigrasyon an pa gen otorite pou bay ICE dwa antre lakay yon moun, daprè Vendzules. Yon lòt fwa ankò: san yon manda jidisyè (ki pa menm bagay ak yon lòd depòtasyon), ICE pa gen dwa rantre lakay yon moun san pèmisyon.

Vendzules ajoute: “Jij imigrasyon yo pran desizyon ki gen gwo konsekans, men nan yon domèn ki limite anpil. Yo pa gen menm pouvwa ak jij nan tribinal òdinè yo.”

Yo gentan ap konteste memo a nan tribinal, e menm anvan sa jij yo te deja opoze l.

Nan fen mwa janvye, Greater Boston Latino Network ak Brazilian Worker Center, ki se de òganizasyon ki defann dwa kominote latino ak travayè imigran yo, te depoze yon pwosè nan tribinal federal pou konteste aspè ilegal memo sa a fas ak konstitisyon an. Pwosè a mete aksan sou pwen sa yo:

  • Katriyèm amandman konstitisyon an ak pwoteksyon li bay yo aplike pou tout moun Etazini, kèlkeswa sitwayènte yo oswa orijin nasyonal yo.
  • An konsekans, fouy oswa arestasyon ki fèt anndan yon kay san manda, se yon abi.
  • Nan rasin katriyèm amandman an, se yon dwa chak moun genyen pou l refijye l lakay li an sekirite, san entèvansyon leta a  ki pa jistifye.

Pwosè a site yon ansyen desizyon tribinal federal nan dosye Kidd v. Mayorkas (kounye a Kidd v. Noem), kote yon jij te deside “yon manda administratif ICE pa sifi pou antre nan pati yon rezidans ki pwoteje anba konstitisyon an.” Sa mete an evidans limit ki genyen sou pouvwa ICE pou l antre lakay moun san otorizasyon yon jij.

Paske pwosè a toujou nan premye etap li yo, rezilta final la poko klè. Pa gen okenn chanjman ki ap aplike sof si yon jij bay lòd pou sa.

Kisa pou w fè si yon ajan vin lakay ou

Ginny Nuñez di : “Fè konnen ou pa bay pèmisyon pou yo ni antre, ni fouye lakay ou. Ou gen dwa pou w rete an silans. Pafwa ajan yo ka bay fo enfòmasyon pou fè w dakò louvri pòt la, se poutèt sa li enpòtan pou w konnen epi sèvi ak dwa w pou rete an silans. Si ICE eseye antre lakay ou, men sa ou ka fè:

  • Mande pou w wè manda a san w pa louvri pòt la. Mande ajan yo glise li anba pòt la epi pale ak yo san w pa ouvri.
  • Men egzanp yon manda yon jij siyen nan lyen sa a. Epi sa a se pou yon manda administratif.
  • Si se yon manda administratif ki pa gen siyati yon jij, pa bay otorizasyon pou yo antre. Ou ka di: “Mwen pa bay pèmisyon pou nou antre lakay mwen.”
  • Ou gen dwa pou w rete an silans. Pa reponn kesyon, pa siyen okenn papye.
  • Si ICE eseye antre pa fòs, pa reziste. Fè yo konnen ou pa dakò yo antre, ou ap rete an silans, epi ou vle pale ak yon avoka.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt