Logo
Feb 16, 2026 | April Xu

Kijan pou w aplike pou kay ki sibvansyone 

Men kijan moun k ap viv Nouyòk, ladan yo imigran san papye, ka aplike pou kay leta sibvansyone.

Vil Nouyòk se youn nan vil ki pi chè pou moun viv Etazini. Daprè yon rapò resan Consumer Affairs pibliye, Nouyòk klase uityèm pami 10 vil ki pi chè nan peyi a. Mwayèn pri kay pa mwa nan Nouyòk se 1,632 dola, mwayèn lajan yon fanmi rantre pa ane se 67,997 dola, epi mwayèn pousantaj lajan ki ale nan depans kay chak mwa se 28.8 pousan. Men, gen kay ki abòdab nan Nouyòk.

Pou diminye chay depans kay pou moun k ap viv Nouyòk ki pa touche anpil lajan, vil la mete sou pye plizyè mezi, tankou: pwogram lotri pou kay ki sibvansyone ki opere, kay pou moun ki pa touche anpil lajan atravè pwogram NYCHA. Kay pou moun ki gen VIH/SIDA ak sentom klinik, maladi mantal ak lòt kondisyon sante.

Kisa yo rele kay sibvansyone?

Nosyon kay ki pa chè baze sou pousantaj lajan yon fanmi fè an konparezon ak nivo lajan fanmi yo fè nan zòn nan (AMI). Yon kantite gouvènman federal la fikse chak ane. Yo konsidere yon kay pa chè lè pri kay la reprezante anviwon 33 pousan oswa mwens, nan lajan fanmi an fè. Kay sa yo anba restriksyon ki la pou anpeche gwo ogmantasyon lwaye.

Ki moun ki ka aplike pou kay sibvansyone yo?

Pou yon moun ka aplike pou kay sibvansyone yo, li bezwen ranpli kondisyon sa yo:

Moun ki gen andikap, moun ki aje, oswa moun k ap viv nan yon katye administratif oswa yon zòn kominotè kote gen pwogram kay sibvansyone, ka jwenn priyorite pou kèk nan kay sa yo.

Èske imigran san papye ka fè demann pou kay sibvansyone ?

Wi. Vil Nouyòk fasilite pwosesis pou fè demann pou kay sibvansyone depi 2019. Moun k ap fè demann lan pa oblije bay nimewo sekirite sosyal (SSN) ni nimewo idantifikasyon taks (ITIN) pou chak granmoun nan fanmi an. Yo kapab bay prèv yo te peye lwaye yo regilyèman pandan 12 mwa, sa ki pèmèt yo pa pase nan verifikasyon kredi. Chanjman sa yo fè pwogram kay ki pa chè yo vin pi aksesib pou imigran san papye.

Pwogram AMI vil Nouyòk 2024 ak pri lwaye ki abòdab pa mwa

Tablo ki anba yo bay referans sou nivo lajan fanmi yo fè an mwayèn nan zòn nan (AMI) ansanm ak pri lwaye yo konsidere kòm abòdab nan Nouyòk. Chache kantite moun ki nan fanmi w nan kolòn agoch la, epi suiv liy lan pou w wè konbyen lajan fanmi an antre pa ane. Nan tèt kolòn nan, w ap jwenn pousantaj AMI ki koresponn ak lajan fanmi an antre.

Sous : HPD

Pri lwaye abòdab pa mwa nan vil Nouyòk 2024

Kijan pou w aplike pou kay abòdab?

Chache pousantaj AMI w nan tablo ki anlè a. Apre sa, gade menm pousantaj AMI sa a nan tablo a pou w konnen ki pi gwo pri ki konsidere kòm abòdab selon gwosè apatman an (sa w ap wè anba kolòn “Unit Size”).

Daprè enfòmasyon ki nan tablo yo, si lajan fanmi an fè tonbe nan youn nan kategori yo, ou ka ale sou sit NYC Housing Connect pou: Chache pwogram kay kabòdab ki koresponn ak sitiyasyon w, kreye yon kont, voye dokiman yo mande yo, tann rezilta pwosesis seleksyon an, prepare w pou yon entèvyou, si yo chwazi w.

  • Preparasyon: Pwopriyetè kay pa ka refize w sèlman paske kredi w pa bon men yo ka tcheke dosye finansye w. Ou dwe asire enfòmasyon nan rapò kredi w kòrèk epi pran mezi pou w amelyore kredi w si sa nesesè. Ou ka ale sou annualcreditreport.com pou w jwenn rapò kredi w gratis. Pwopriyetè yo ka vle konnen tou si w gen dosye nan tribinal pou lwaye ou pat peye. Ou ka jwenn epi enprime dosye sa yo sou òdinatè ki piblik nan tribinal yo. Ou ka chache adrès tribinal yo ak enfòmasyon detaye sou nycourts.gov/courts/nyc/housing. Asire w gen lajan sou kote pou w peye omwen 2 mwa lwaye pou premye mwa a ak depo garanti a. Ou ka bezwen sere ti lajan anplis pou kouvri depans pou demenajman
  • Aplikasyon: Ale sou sit nyc.gov/housingconnect la pouw  kreye kont ou kote w ap mete enfòmasyon sou fanmi w ak lajan w touche. Ale sou paj “Search” pou w wè lis kay ki pa chè ki ap aksepte demann kounye a, lis sa a montre kantite apatman ki disponib, kondisyon pou w fè demann, ak dat limit yo. Klike sou “Apply” pou w ranpli fòm nan sou entènèt. Ou ka ranpli fòm nan an fòma papye epi poste li bay biwo ki responsab la. Pa voye plizyè demann, sa ka fè w pa kalifye, swa sou entènèt oswa sou papye. Apre sa, tann repons, ki ka pran yon ane oswa plis (pafwa w ka pa resevwa okenn repons).
  • Entèvyou: Si demann ou an apwouve, w ap resevwa yon lèt oswa yon imèl ki esplike kijan pou w pran randevou pou entèvyou pou evalyasyon dosye a. Tout moun ki gen omwen 18 ane epi ki planifye pou viv nan apatman an dwe patisipe nan entèvyou a. Entèvyou a trè enpòtan paske ajan kay la ap detèmine si w kalifye pou apatman an. Prepare w davans epi asire w gen tout dokiman ou bezwen pou entèvyou a. Dokiman sa yo se enfòmasyon sou moun k ap viv avèk ou (prèv idantite, prèv lajan yo touche, elatriye) ak enfòmasyon sou travay w ap fè kounya. 
  • Apre entèvyou a: Apre entèvyou pou evalyasyon an, yo ka apwouve w pou apatman an, mete w sou yon lis datant, oswa refize demann nan. Si w resevwa yon lèt refi, ou gen dwa fè yon apèl. Gade gid la pou plis enfòmasyon sou pwosesis sa a.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt