Logo
Feb 10, 2026 | Documented.info

A kisa pou w atann lè w rele yon avoka

Li enpòtan pou w jwenn epi rankontre yon avoka pou w diskite ka imigrasyon pèsonèl ou pou l ka ba w bon jan eksplikasyon sou opsyon k ap bon pou ou yo.

Kontakte yon avoka kapab entimidan, se sak fè ou dwe sonje yo la pou ede w. Premye apèl ak yon avoka trè senp. Lè w rele biwo yo selman bay enfòmasyon sa yo:

  • Non konplè w
  • Nimewo telefòn ou (ki gen ladan l kòd zòn nan)
  • Di ou bezwen reprezantasyon legal
  • Di ou ta renmen pwograme yon premye konsiltasyon (ki vle di tou senpleman yon premye reyinyon ak avoka a pou diskite dosye w ak opsyon yo)

Asire w ou kenbe yon lis avoka ou te eseye kontakte oswa ou deja an kontak avèk yo. Ou ka itilize dokiman nan lyen sa a pou w pran nòt. Konsa l ap pi fasil pou fè suivi epi sonje ki moun pou w kontakte. Ou ka itilize dokiman sa a tou pou w montre jij la w ap eseye jwenn reprezantasyon legal.

Gen avoka ki bay premye konsiltasyon an gratis, konsa gen lòt avoka ki chaje yon frè pou premye konsiltasyon yo. Li enpòtan pou w mande avoka a si w ap gen pou peye yon frè anvan w pran randevou avè l. Si w paka peye frè yo mande a, gen kèk òganizasyon ki ka ofri w yon rabè oswa emiline frè a.

Atik sa a te pibliye pou premye fwa sou Importami.com. Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an Septanm 2025.

Kisa pou m fè si pèsonn pa reponn epi mwen bezwen kite yon mesaj?

Lè w rele biwo yon avoka pou premye fwa, li posib pou pèsonn pa reponn. Ou ka tande yon mesaj vokal an anglè sou yon repondè. Si w pa konprann anglè, ou ka rete sou liy lan epi tann jiskaske ou tande opsyon an Kreyòl. Pou w kite yon mesaj, tann bip la nan fen an. Nan kare ki anba a, w ap jwenn egzanp yon mesaj ou ka kite sou machin nan. Si w sèlman kapab pale sou WhatsApp oswa telefòn selilè, li enpòtan pou w fè yo konnen sa.

  “Bonjou, non mwen se ___________.  Mwen bezwen reprezantasyon legal. Mwen ta renmen konnen pri a ak disponiblite ou pou yon premye konsiltasyon. Nimewo telefòn mwen se ____________ sou WhatsApp oswa apèl nòmal.”

Klike lyen sa a epi ranpli fòm lan pou w mande entèpretasyon.

Kisa pou m fè si yo pa retounen apèl la?

Sonje byen, sa ka pran plizyè semèn pou yon avoka oswa yon òganizasyon reponn ou, paske anpil moun ap kontakte yo. Pa dekouraje, epi kontinye rele yo. Si w pa jwenn repons nan men yon avoka, ou ka tcheke sit entènèt yo pou w wè si yo ofri opsyon pou pran yon randevou sou entènèt.

Ou kapab voye yon imèl bay avoka a ak tout enfòmasyon enpòtan y ap bezwen (non w, nimewo telefòn ou, ke ou bezwen reprezantasyon legal, epi ou ta renmen pwograme yon premye konsiltasyon).

Ou vle poze kesyon sou sijè sa ak sou kijan li aplike nan dosye pa w la? Kontakte yon espesyalis Documented.info ki ap ba w repons konfidansyèl ki gratis. W ap jwenn plis detay la a.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt