Aprann kijan imigran yo ka itilize FOIA pou jwenn dosye imigrasyon, dosye detansyon, ak lòt dokiman gouvènman an ki gen rapò ak estati yo.
Men sa w dwe konnen sou demann Freedom of Information Act la (FOIA):
- Ou ka itilize FOIA pou w jwenn dosye imigrasyon w, dosye prizon w, oswa lòt dokiman gouvènman an ki konsène w.
- Demann yo dwe klè, presi, epi yo dwe gen enfòmasyon pèsonèl ou tankou nimewo A w, ak dat ou fèt.
- Ajans yo ka pran tan pou reponn, epi yo ka kenbe oswa efase kèk enfòmasyon jan lalwa prevwa sa.
- Si demann ou an refize oswa gen reta, ou ka fè apèl, chache èd nan Office of Government Information Services, oswa ale nan tribinal.
- Si yo te ba w yon lòd depòtasyon, pale ak yon avoka imigrasyon oswa yon pwofesyonèl akredite anvan w depoze yon demann FOIA.
Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan ki akredite. Dènye mizajou nan atik sa a fèt an novanm 2025
Kiyès ki ka itilize FOIA?
Nenpòt moun ka fè yon demann FOIA. Ou pa oblije sitwayen ameriken.
Imigran yo kapab itilize pwosesis sa a pou mande yon kopi dosye imigrasyon yo. Sa ede yo konnen egzakteman ki enfòmasyon gouvènman an genyen sou fason yo antre Etazini.
Imigran ki sou lòd depòtasyon yo riske tonbe anba siveyans ICE apre yo fin soumèt yon demann FOIA, paske USCIS pataje demann sa yo regilyèman ak ICE, daprè avoka imigrasyon Hasan Shafiqullah, ki se avoka sipèvizè imigrasyon nan Legal Aid Society.
Shafiqullah di:“Lè yon moun ki anndan peyi a gen yon lòd depòtasyon epi yo fè yon demann FOIA pou li, Depatman Sekirite Teritoryal la vin konnen moun nan toujou la, epi sa ka lakòz yo pran mezi kont li.”
Poukisa yon imigran ta bezwen fè yon demann FOIA?
Si w ap aplike pou yon rezidans oswa sitwayènte, regade dosye w yo ka ede w prepare pou entèvyou a paske li ba w tout enfòmasyon gouvènman an deja genyen sou ou, tankou deklarasyon ou te fè devan ajan imigrasyon nan entèvyou anvan yo.
Si yo ta pran reta oswa yo ta refize w youn nan demann sa yo, dosye FOIA a ka fè w dekouvri rezon espesifik la, sa ki pèmèt ou adrese pwoblèm nan kòrèkteman.
Lè w genyen yon kopi konplè dosye ofisyèl ou, ou gen sa ki esansyèl pou nenpòt pwosedi legal ou ta gen pou ou fè alavni oswa si w bezwen konsilte yon avoka imigrasyon. Sa fè w gen menm enfòmasyon gouvènman an itilize pou pran desizyon konsènan lavi w.
Ki ajans gouvènman ki konsève dosye imigrasyon?
Plizyè ajans nan Depatman Sekirite Enteryè (DHS) ak Depatman Jistis (DOJ) jere dosye imigrasyon
- (USCIS) U.S. Citizenship and Immigration Services jere aplikasyon pou viza, rezidans « green card », natiralizasyon, ak lòt sèvis imigrasyon.
- (ICE) U.S. Immigration and Customs Enforcement konsève dosye ki gen rapò ak mezi ranfòsman lalwa, detansyon, ak pwosedi depòtasyon.
- (CBP) U.S. Customs and Border Protection konsève dosye antre ak sòti w nan fwontyè ak pò antre Etazini.
- Depatman Deta (Department of State) jere dosye aplikasyon viza ou fè nan konsila ameriken aletranje.
- Office of Biometric Identity Management ka bay enfòmasyon sou entèraksyon ou te genyen ak ajan sou fwontyè.
- (EOIR) Executive Office for Immigration Review konsève dosye lòd tribinal, papye akizasyon, ak desizyon tribinal imigrasyon yo.
Ki kalite enfòmasyon mwen ka jwenn atravè yon demann FOIA?
Ou ka resevwa plizyè kalite dokiman, tankou kopi tout aplikasyon oswa petisyon ou te depoze yo ak dosye sou antre ak sòti w Etazini.
Ou ka jwenn tou transkripsyon ofisyèl entèvyou w yo (tankou entèvyou pou azil oswa rezidans ki baze sou maryaj), korespondans ant ajans lan ak ou oswa avoka w, nòt entèn ak nòt ajans lan sou dosye w.
Imigran souvan fè demann pou:
- Dosye yo genyen nan USCIS.
- Dosye DHS oswa ICE ki gen rapò ak detansyon, depòtasyon, oswa aksyon ranfòsman lalwa.
- Dosye lòt ajans yo ki gen rapò ak ka yo, tankou Depatman Deta, Customs and Border Protection, oswa lapolis.
- Dosye sipèvizyon oswa politik ki eksplike poukisa yo te pran yon desizyon.
Li enpòtan pou w konnen gouvènman an pa pral kreye nouvo dokiman pou ou; FOIA sèlman bay aksè a dosye ki deja egziste.
Etap pou konsidere lè w ap fè yon demann FOIA
Suiv etap sa yo pou asire demann ou a byen trete:
Idantifye bon ajans lan. Detèmine ki ajans ki gen plis chans pou li gen dosye sou ou. Pou pifò dosye ki baze sou aplikasyon, se USCIS ki trete sa. Pou dosye ki gen rapò ak ranfòsman lalwa, li ka nan men ICE oswa CBP. Si w pa sèten, ou ka depoze yon demann nan biwo santral FOIA Depatman Sekirite Enteryè, k ap voye l bay ajans ki responsab yo.
Rasanble enfòmasyon yo mande yo. Ou pral bezwen bay detay espesifik pou ede ajans lan jwenn dosye w yo. Ou dwe bay non konplè w, dat ou fèt, peyi kote ou fèt, ak Nimewo Imigran w (A-Number). Si w te konn itilize lòt non, bay yo tou. Mete nenpòt nimewo resi oswa nimewo dosye w genyen.
Byen klarifye dosye ou vle a alekri. Fòk li klè ak presi, paske sa ka fè demann FOIA ou a avanse pi vit, daprè sa Shafiqullah esplike.
Yon demann senp ta dwe di klèman w ap fè yon demann FOIA, lis dosye w bezwen yo, mete idantifikasyon pèsonèl ou (non konplè, nimewo A, nimewo resi, dat ou fèt), bay enfòmasyon pou kontakte w, presize kijan ou vle resevwa dosye yo (pa imèl oswa telechajman an liy).
Si w bezwen yo trete demann ou pi vit paske ou fè fas ak yon gwo danje — tankou yon ijans medikal oswa depòtasyon ki pwòch — mete yon demann klè pou yo trete li rapid, epi bay prèv ki sipòte sa. Toujou kenbe yon kopi tout sa w soumèt.
Ou ka soumèt demann FOIA ou a ak fòm G-639 la, men sa pa obligatwa.
Soumèt demann lan. Depi Janvye 2026, depatman sekirite enteryè (DHS) pa resevwa demann FOIA pa lapòs. Metòd ki pi rapid pou pifò demann FOIA ki gen rapò ak imigrasyon se sèvi ak pòtay sou entènèt la. Pou USCIS, se sistèm FOIA sou entènèt USCIS la.
Tann yon repons. Daprè lalwa, ajans yo dwe reponn nan 20 jou ouvrab. An reyalite, akoz kantite demann yo, FOIA ki gen rapò ak imigrasyon ka pran plizyè mwa, pafwa plis pase yon ane. Y ap voye yon konfimasyon ak yon nimewo suivi pou ou.
Daprè sit FOIA a, tan repons lan depann de konpleksite demann nan ak kantite demann anreta ajans lan genyen. Gen ajans ki ka voye yon pati nan dosye yo si kèk dokiman pare pandan lòt yo toujou ap trete. Ajans yo ka bay yon pati nan dosye a si gen kèk enfòmasyon ki pare pandan lòt yo ap trete.
“Si w deja nan pwosedi tribinal imigrasyon epi ou bay prèv ou gen yon dat odyans ki pwòch, yo ka mete demann FOIA a nan lis dosye ki gen priyorite. Yo sipoze bay w dosye w la pi vit pase pwosesis nòmal la,” daprè sa Shafiqullah deklare.
- Si w panse yo pran twòp reta, kontakte reprezantan piblik FOIA a .
Èske mwen bezwen yon avoka pou fè yon demann FOIA?
Non, ou pa bezwen yon avoka pou fè yon demann FOIA. Yo mete yon pwosesis ki fasil piblik la ka itilize.
Men, si ka w la konplike, li gen apèl ladan l, oswa si dokiman w resevwa a gen anpil enfòmasyon yo retire e ki difisil pou entèprete, li ka itil pou w konsilte yon avoka imigrasyon ki gen eksperyans.
Yon avoka kapab pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou epi konseye w sou risk ki genyen anvan w soumèt demann FOIA a.
“Si yo te ba w yon lòd depòtasyon, oswa si w te gen nenpòt entèraksyon ak ajan imigrasyon nan fwontyè a ki te ka mennen nan yon lòd depòtasyon, pale ak yon avoka imigrasyon oswa yon reprezantan akredite anvan ou fè demann FOIA a,” daprè sa Shafiqullah te di.