Logo
Feb 04, 2026 | Faye Qiu

Men kijan pou w itilize nouvo kat rabè OMNY la

Si w te resevwa yon kat rabè OMNY pa lapòs, ou pa poukont ou! Anpil moun k ap viv Nouyòk ap chanje MetroCards pou OMNY. Men kijan sa fonksyone?

Ane sa a otorite transpò nan Nouyòk deside chanje kat tren jòn nan pou yon nouvo kat koulè nwa pi epè nan kad pwogram 50 pousan rabè a. 

Kat OMNY yo ofri plis avantaj pase kat MetroCard tradisyonèl yo. Anpil moun pa abitye ak nouvo kat OMNY la ak kijan pou yo itilize l. 

Ki sa kat rabè OMNY la ye?

Se otorite transpòtasyon metwopolitèn (MTA) ki bay kat rabè OMNY la. Li pèmèt pasaje ki kalifye yo peye tikè mwatye pri nan bis MTA yo, tren yo, Staten Island Railway, Roosevelt Island Tram, ak Hudson Rail Link.

Kat rabè a se yon avantaj ki disponib pou granmoun ki gen pou pi piti 65 ane ak moun ki andikape. Moun ki kalifye yo resevwa yon rabè 50 pousan sou pri tikè a, ki se 1.45 dola pou tren anba tè ak otobis lokal yo, 3.50 dola pou otobis eksprès (eksepte pandan lè pik pandan semèn nan) ak jiska 50 pousan rabè sou pri tikè Long Island Rail Road ak Metro-North (eksepte pandan lè pik nan maten pandan semèn nan pou ale vil Nouyòk).

Kontrèman ak ansyen MetroCard la, kat OMNY la mande sèlman yon ti tape sou ekran machin pou peye nan tren ak otobis yo. Lè ekran an vin vèt epi li di “GO,” ou pare pou w monte.

Kat OMNY la gen plis avantaj pase ansyen MetroCard la.

Ki avantaj kat rabè OMNY la genyen?

  • Chak semèn pri a limite: W ap peye pou 12 kous nan 7 jou, epi nenpòt kous anplis pou rès semèn nan gratis. Sa asire ou pa janm depanse plis pase $17 nan yon peryòd 7 jou.
  • Transfè gratis: pwofite menm transfè gratis soti nan tren pou ale nan bis ak soti nan bis ale nan yon lòt menm jan ou te fè ak MetroCard la. Jis tape kat OMNY ou a lè w ap transfere nan yon delè 2 zè tan.
  • Opsyon rechaj pratik: Ou ka rechaje kat ou a sou entènèt atravè yon kont OMNY gratis oswa menm pwograme rechaj otomatik pou asire w pa janm pèdi balans ou.

Kijan pou m chaje epi rechaje kat rabè OMNY mwen an?

Ou ka fasilman chaje oswa rechaje kat rabè OMNY la lè w sèvi ak lajan kach, kredi, oswa debi nan plizyè fason:

  • Machin lavant OMNY yo: Vizite yon estasyon tren epi sèvi ak yon machin lavant OMNY. Jwenn kote yo ye sou sit sa a: omny.info/omny-card.
  • Kote yo vann an detay: Rechaje kat ou a nan yon magazen tou pre w. Jwenn youn nan omny.info/retail.
  • Ekip lavant mobil: Vizite yon lokal MTA Mobile Sales. Tcheke orè yo nan mta.info/mobilesales.
  • Sipò telefòn: Rele Sant Apèl OMNY a nan 877-789-6669 pou asistans.
  • Sou entènèt: Ajoute lajan oswa pwograme rechaj otomatik lè w kreye yon kont gratis nan omny.info.

Èske mwen bezwen yon kont OMNY pou m itilize yon kat rabè OMNY?

Non, yon kont OMNY pa obligatwa pou w itilize kat rabè OMNY la.Lè w kreye yon kont sou entènèt, li pèmèt ou pwofite tout avantaj yo. Ou ka tcheke balans ou, suiv lè genyen tren ak bis gratis, epi pwograme rechaj otomatik pou w pa janm bezwen enkyete w pou balans ou. Si kat ou pèdi oswa yo vòlè l, ou ka bloke balans kat OMNY ou a pou plis sekirite. Yon kont bay aksè a plis fonksyon pou ede w jere kat ou fasilman.

Kijan pou m kreye yon kont OMNY?

Suiv etap sa yo pou kreye kont OMNY ou a gratis:

  1. Vizite sit enskripsyon OMNY la pou w kreye yon kont. Ale nan paj enskripsyon ofisyèl kont OMNY la, antre yon adrès imèl ki valab, epi kreye yon modpas ki satisfè kondisyon sekirite yo. Klike sou “Next”.
  1. Antre enfòmasyon pèsonèl ou epi aksepte kondisyon yo. Bay non konplè w, nimewo telefòn ou ak kòd postal ou. Apre sa, tcheke kaz ki nesesè yo pou w aksepte kondisyon jeneral yo anvan w kontinye.
  1. Konfime enskripsyon w. Tcheke imèl ou pou yon lyen aktivasyon, epi suiv enstriksyon yo pou w aktive kont OMNY la.
  1. Kont OMNY ou a aktif kounye a, sa ki pèmèt ou suiv trajè w yo, jere metòd peman w yo, epi pwofite fasilite peman transpò san kontak yo.

Èske mwen ka toujou itilize kat MetroCard tradisyonèl mwen an ki gen pri redui?

Wi, ou ka kontinye itilize kat MetroCard tradisyonèl ou a jiska dat ekspirasyon ki enprime sou do a. MTA rekòmande pou w pase kat MetroCard ou a pou w itilize tout balans ki rete anvan w chanje pou w itilize kat OMNY la. Si w gen lajan ki rete sou kat MetroCard ou a, ou ka vizite yon sant sèvis kliyan nan kèk estasyon tren pou w transfere balans ki rete a sou kat rabè OMNY la.

Kijan mwen ka jwenn èd pou kat rabè OMNY mwen an?

Pou jwenn asistans pou kat rabè OMNY la, rele Sant Apèl OMNY a nan 877-789-6669, disponib lendi jiska vandredi soti 8è nan maten pou rive 8è nan aswè, epi samdi jiska dimanch soti 8è nan maten pou rive 5è nan aswè. 

Ou kapab tou vizite yon sant sèvis kliyan nan kèk estasyon tren 24 sou 24, 7 jou sou 7 oswa nan 3 Stone St., New York, NY 10004 nan Lower Manhattan, lendi jiska vandredi soti 9è nan maten pou rive 5è nan aswè. Ou ka rankontre ekip lavant mobil ki nan zòn kote w rete a pou sipò an pèsòn.

Ou vle poze kesyon sou sijè sa ak sou kijan li aplike nan dosye pa w la? Kontakte yon espesyalis Documented.info ki ap ba w repons konfidansyèl ki gratis. W ap jwenn plis detay la a.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt