Logo
Dec 30, 2025 | April Xu and Rommel H. Ojeda

Swen sante gratis oswa a pri abòdab pou imigran san papye yo ak sila k ap mande azil yo

Men tout sa w dwe konnen sou kijan imigran Nouyòk yo ka jwenn swen sante.

Asirans sante enpòtan pou imigran yo, tankou sila yo ki pa gen yon estati imigrasyon legal. Li ede kouvri depans pou swen prevantif, medikaman sou preskripsyon, vizit doktè, ak lòt sèvis medikal.

Documented te pale ak espesyalis nan domèn sante sou opsyon asirans sante ki disponib pou imigran Nouyòk yo, epi kijan yo ka aplike.

  • Moun k ap mande azil ka aplike pou asirans sante si yo deja depoze dosye demann azil yo.
  • Medicaid ijans disponib pou imigran san papye ki gen 19 ane oswa plis. Pwogram sa a kouvri sitiyasyon ijans, tankou ka grav oswa sitiyasyon kote lavi an danje, sitou atravè sèvis ijans lopital yo.
  • Imigran san papye ki pa kalifye pou pwogram sante yo ka aplike pou NYC Care, yon pwogram ki bay sèvis medikal pou moun k ap viv Nouyòk yo an fonksyon lajan yo touche.

Ki kalite asirans sante ki disponib pou imigran yo Nouyòk? 

Vivian Feng, espesyalis asirans sante nan Depatman Travay Sosyal Charles B. Wang Community Health Center, ak Luis Estevez, kowòdonatè pou konekte moun ak benefis asirans nan Alliance for Positive Change, fè konnen, imigran ki pa gen asirans sante atravè travay yo ka kalifye pou kèk pwogram selon kantite moun ki genyen nan fanmi yo, lajan yo touche, estati imigrasyon yo, ak laj yo.

Pwogram sa yo gen ladan yo:

  • Medicaid: Pwogram sa a bay asirans sante pou timoun ak granmoun ki pa touche anpil kòb. Medicaid kapab tou peye frè lopital ou poko peye menm jiska 90 jou anvan dat ou fè demann lan. Moun k ap viv nan eta Nouyòk depi plis pase senk (5) ane ka enskri nan Medicaid.
  • Essential Plan: Pwogram sa a fèt pou granmoun ki pa touche anpil kòb epi ki pa kalifye pou Medicaid. Li ofri asirans sante gratis oswa a pri abòdab. Imigran yo ka kalifye yon ti tan apre yo fin vin viv Nouyòk, si yo gen yon viza valab oswa yon estati espesyal tanporè. Nan mwa out 2024, moun ki gen DACA te vin kalifye pou Essential Plan.
  • Child Health Plus: Pwogram sa a bay asirans sante gratis oswa a pri abòdab pou timoun ki poko gen 19 ane epi ki pa gen Medicaid oswa yon lòt asirans.
  • Qualified Health Plan: Se yon plan asirans sante mache asirans sante a sètifye epi konpayi asirans yo ofri dirèkteman. Opsyon sa a pèmèt imigran achte asirans prive atravè platfòm NY State of Health, souvan ak èd finansye. Nenpòt moun ka achte asirans sante prive

Chak plan sa yo disponib sou nystateofhealth.ny.gov.

Feng fè konnen, moun ki gen plis pase 65 ane, ki pa gen pitit ni responsab timoun piti, ansanm ak moun ki gen Medicare ak moun ki gen andikap, ta dwe fè demann asirans yo atravè New York City’s Human Resources Administration (HRA) oswa rele 347-396-4705 pou yo jwenn asistans pou enskripsyon.

Èske imigran san papye ka achte asirans sante atravè New York State of Health?

Imigran san papye pa kalifye pou achte asirans sante atravè platfòm New York State of Health. Men, gen lòt opsyon pou yo jwenn swen sante:

  • Imigran san papye ki gen pou pi piti 19 ane kalifye pou sèvis ijans Medicaid, ki baze sou lajan moun nan touche, men pa sou estati imigran li. Pwogram sa a kouvri sitiyasyon ijans, tankou maladi grav oswa lè lavi moun nan an danje, sitou atravè sèvis ijans lopital yo.
  • Fanm ansent ka jwenn kouvèti Medicaid konplè.
  • Imigran san papye ki gen mwens pase 19 ane yo kalifye pou pwogram Child Health Plus.

Feng fè konnen, imigran san papye ki gen difikilte finansye epi ki pa kalifye pou pwogram asirans sante yo ka jwenn swen medikal atravè NYC Care. NYC Care se yon pwogram sante vil Nouyòk ki bay sèvis medikal gratis oswa a ba pri pou moun ki pa kalifye pou asirans sante oswa ki pa gen mwayen pou peye li. Pwogram sa sèvi imigran san papye.

Tout sèvis NYC Care yo disponib atravè NYC Health + Hospitals. Pou plis enfòmasyon, rele 646-NYC-CARE oswa vizite sit entènèt pwogram nan.

Ki kondisyon pou w aplike pou asirans sante sa yo?

Yon moun ka fè demann lan pou kont li atravè sit entènèt New York State of Health, oswa li ka chèche asistans nan men konseye (konsiltan, konseye sètifye pou aplikasyon, oswa ajan enskripsyon platfòm nan sètifye). Ou ka konsilte lis konseye yo pou w jwenn yon moun ki pale lang ou nan zòn ou an lè w antre kòd postal ou ak lang ou prefere a.

Li enpòtan pou w prepare dokiman sa yo davans:

Enfòmasyon sou fanmi an:

  • Nimewo Sekirite Sosyal (SSN). Feng fè konnen si aplikan an pa gen SSN, li pral bezwen pase nan yon pwosesis verifikasyon idantite avèk èd yon navigatè.
  • Dat nesans
  • Enfòmasyon sou travay ak konbyen lajan w ap touche nan moman an, tankou fich ou touche, deklarasyon taks, oswa fòm W-2. Feng konseye pou w prepare fich lajan ou touche ki soti nan dènye ane a.
  • Kat asirans sante pou manm fanmi ki deja gen asirans
  • Lis plan asirans doktè oswa sant sante ou konn itilize yo aksepte, si sa nesesè
  • Prèv adrès, tankou bòdwo kouran/dlo oswa kontra lwaye
  • Kontak ou: nimewo telefòn ak adrès imel

Feng fè konnen si moun nan pa ka pwouve idantite li, sa ka konplike pwosesis pou l jwenn asirans sante atravè Marketplace la.

Dokiman ki montre yon estati legal nan Etazini kapab: 

  • Kat Rezidan Pèmanan (Green Card / I-551)
  • Kat Otorizasyon Travay (I-766)
  • Sètifika Natiralizasyon
  • Fòm Antre / Sòti (I-94 oswa I-94A)
  • Fòm Verifikasyon Liberasyon ORR (ORR UAC/R-1)
  • Paspò
  • Viza Etazini ki gen so sou li I-94
  • Dokiman konfimasyon USCIS (I-797)
  • Akize resepsyon USCIS (I-549, pou moun k ap chèche azil)

Estevez fè konnen, imigran san papye yo souvan bezwen yon prèv idantite, tankou kat idantite eta Nouyòk, paspò etranje, oswa lisans chofè nan eta a.

Pou moun ki pa gen prèv idantite yo, yo ka chèche asistans pou ranpli fòm DOH-5090 (Fòm Deklarasyon Idantite) nan Marketplace la, ki ede konplete pwosesis la menm san pyès idantite.

E si mwen se yon moun k ap mande azil?

Dapre Diana Kohout, espesyalis swen sante nan Salvation Insurance, moun k ap mande azil yo ka kalifye pou Essential Plan, Medicaid Eta Nouyòk, Child Health Plus, ansanm ak plan asirans sante prive/kalifye.

Kohout fè konnen moun k ap mande azil yo ka fè demann pou pwogram sa yo depi yo voye dosye demann azil yo pa lapòs. Li eksplike, dosye azil la pa bezwen apwouve pou moun nan kapab aplike pou swen sante.

Ki dokiman yon moun k ap fè demann azil bezwen pou aplike pou swen sante ?

Moun k ap fè demann nan dwe bay yon kopi pyès idantite l, tankou yon paspò etranje ki valab oswa yon kat idantite Eta Nouyòk.

Kohout fè konnen, prèv prezans legal la nesesè. Prèv sa a kapab vini atravè dosye demann azil ki deja soumèt la (Fòm I-589) ansanm ak resi lapòs la, oswa atravè dokiman konfimasyon (Fòm I-797). Dokiman sa a montre otorite yo resevwa epi anrejistre demann nan.

Li ajoute tou, prèv adrès pa obligatwa, men kat asirans lan dwe kapab rive nan yon adrès ki resevwa lapòs. “Sa kapab kay moun nan, yon abri, adrès yon zanmi, oswa yon biwo lapòs ki ofri sèvis livrezon jeneral.”

Ki resous ki disponib pou imigran Nouyòk ki bezwen èd pou konprann sistèm asirans sante a?

Moun ki vle aplike ka fè rechèch pou jwenn ajan ki la pou ede yo ak aplikasyon an selon lang yo pale ak kòd postal yo sou sit entènèt New York State of Health Marketplace la. 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt