Pou anpil nouvo imigran, sistèm enpo Etazini an konplike, e konnen kijan pou byen deklare enpo tounen yon gwo tèt chaje pou anpil moun. Pou moun k ap viv nan vil Nouyòk yo, anplis enpo federal ak enpo eta a, yo oblije peye enpo sou revni pèsonèl yo bay vil la tou. Tout kategori enpo sa yo fè vil Nouyòk youn nan vil moun peye plis enpo Etazini.
Si yon moun pa fè deklarasyon enpo li kòmsadwa, sa ka lakoz amann ak pinisyon sivil oswa kriminèl nan ka fwod oswa evazyon fiskal.
Kiyès ki dwe peye enpo sou salè pèsonèl yo nan vil Nouyòk?
Tout moun ki abite nan vil Nouyòk dwe peye vil la enpo sou salè yo, kèlkeswa kote lajan yo touche a sòti. Kategori enpo sa a pa konsène moun ki pa abite nan vil Nouyòk. Yo konsidere w kòm rezidan vil Nouyòk si w ranpli youn nan de (2) kondisyon sa yo: kay w ap viv ladan l nan vil Nouyòk la; oswa ou gen yon rezidans pèmanan nan vil Nouyòk epi ou viv nan vil la omwens 184 jou pandan ane fiskal la.
Kisa “ane fiskal” la ye?
Daprè definisyon IRS la, ou dwe kalkile kontribisyon enpo w selon ane fiskal la. Yon “ane fiskal” se peryòd pou w anrejistre epi rapòte salè ak depans ou pandan yon ane. Ou kapab chwazi youn nan peryòd sa yo kòm ane fiskal ou:
- Ane sivil (tankou almanak la): 12 mwa konsekitif, kòmanse 1e janvye epi fini 31 desanm.
- Ane fiskal: 12 mwa konsekitif ki fini dènye jou nan nenpòt mwa eksepte mwa desanm. Yon ane fiskal 52–53 semèn se yon ane fiskal espesyal ki dire ant 52 ak 53 semèn, men li pa oblije fini dènye jou nan yon mwa.
Kisa “tax bracket” la ye, epi kijan enpo a kalkile?
Etazini sèvi ak yon sistèm enpo pwogresif. Sa vle di, yo divize lajan ou touche a an plizyè pati selon estanda enpo ki etabli. Chak pati nan salè w gen pwòp pousantaj enpo pa li yo rele tax bracket, epi kantite total enpo ou dwe peye a se sòm chak pati sa yo mete ansanm.
Men yon egzanp: si w se yon selibatè ki touche 60 000 dola pa ane, an 2024, enpo federal ou dwe kalkile konsa:
- Pousantaj ki pi ba a ki se 10 pousan, aplike sou premye $11,600 dola nan lajan ou touche a.
- Pati ki tonbe ant $11,600 ak $47,150 dola ap takse ak yon pousantaj 12 pousan, epi rès la, sa ki tonbe ant $47,150 dola ak $100,525 dola, ap takse ak yon pousantaj 22 pousan.
- Moun ki touche plis lajan itilize menm metòd la jiskaske yo fin kalkile tout pati lajan yo dwe kontribiye kòm enpo.
Yon sistèm enpo pwogresif ogmante pousantaj taks yo toutotan w fè plis kòb. Sa vle di moun ki touche plis lajan, an jeneral, peye enpo ak pousantaj ki pi wo pase moun ki touche mwens lajan.
Lis pousantaj enpo pou moun ki rete nan vil Nouyòk
- Enpo federal: Pou ane fiskal 2024 la (deklarasyon ou pral soumèt an 2025), IRS fikse sèt (7) “kategori enpo” federal : 10%, 12%, 22%, 24%, 32%, 35%, ak 37%. “Pousantaj enpo w” depann tou de estati w ap deklare enpo a, tankou eske w marye oswa ou gen depandan. Klike sou lyen sa a pou w jwenn plis detay.
- Enpo pou Eta Nouyòk: Pou ane fiskal 2024 la (deklarasyon ou pral soumèt an 2025), gen nèf pousantaj enpo nan Eta Nouyòk: 4%, 4.5%, 5.25%, 6%, 6.85%, 9.65%, 10.3% ak 10.9%. Pousantaj enpo w depann de estati w ak valè kòb ou fè. Estati w kòm abitan eta a detèmine tou konyen enpo w ap peye. Klike sou lyen sa a pou w jwenn plis detay.
- Enpo pou Vil Nouyòk: Pou ane fiskal 2024 la (deklarasyon ou w ap soumèt an 2025), enpo sou salè w nan vil Nouyòk divize an kat (4) kategori pousantaj: 3.078%, 3.762%, 3.819%, ak 3.876%. Pousantaj enpo w depann de estati w ak valè kòb ou fè. Klike sou lyen sa a pou w jwenn plis detay.
Dat fiskal enpòtan
15 avril 2025: se dènye dat pou w soumèt deklarasyon enpo nan eta Nouyòk pou ane 2024 epi peye nenpòt kantite lajan ou dwe, san enterè ni penalite. Si w pa kapab ranpli deklarasyon w anvan dat sa a, ou kapab soumèt fòm IT-370 la pou w pwolonje dat limit la otomatikman pou 6 mwa, jiska 15 oktòb 2025. Ou dwe ranpli fòm IT-370 la ansanm ak nenpòt enpo ou dwe peye anvan oswa 15 avril 2025, ki se dat limit ofisyèl la. Men lis dat fiskal ki enpòtan yo.
16 jen 2025: Si w kalifye pou w soumèt deklarasyon enpo federal ou nan dat 16 jen 2025 lan, dat sa a se dènye delè tou pou w soumèt deklarasyon enpo nan eta Nouyòk pou ane fiskal 2024.
Men moun ki kalifye: Sitwayen ameriken oswa rezidan ki pa sitwayen ki pa p viv Etazini ni Pòtoriko, epi ki gen travay prensipal oswa biwo yo andeyò Etazini ak Pòtoriko, oswa moun ki ap sèvi nan lame ameriken men ki pa Etazini ak Pòtoriko lè peryòd pou ranpli deklarasyon taks 2024 ou a fini. Dat limit pou w peye enpo sou revni nan Eta Nouyòk, Vil Nouyòk, ak Vil Yonkers, ansanm ak nenpòt enpo sou vant oswa taks sou konsomasyon nan Eta Nouyòk, pral pwolonje otomatikman pou tout moun ki antre nan kategori sa yo. Pou plis enfòmasyon sou dat limit ki pwolonje pou moun k ap travay nan lame, gade Piblikasyon 361 an, Enfòmasyon sou enpo pou Eta Nouyòk pou pèsonèl militè ak ansyen sòlda (veteran).
15 oktòb 2025: Si w te soumèt fòm IT-370 pou w jwenn yon pwolongasyon otomatik 6 mwa pou w ranpli deklarasyon taks pèsonèl ou epi peye taks ou dwe yo, ou dwe soumèt deklarasyon taks 2024 ou a anvan oswa pou pita 15 oktòb 2025. Si w pa fè sa, yo pral aplike penalite ak enterè apati dat limit ofisyèl la ki se 15 avril 2025.
15 avril 2025 ; 16 jen 2025 ; 15 septanm 2025 ; 15 janvye 2026: Sa yo se dat ou dwe respekte pou peye enpo pou ane fiskal 2025 la. An jeneral, si w prevwa w ap gen pou w dwe omwen 300 dola enpo e pou eta Nouyòk, vil Nouyòk, oswa vil Yonkers, apre yo fin retire taks ou deja peye davans oswa kredi taks ou kalifye pou yo, oswa nenpòt kantite lajan enpo sou mwayen transpò nan zòn metwopoliten an (MCTMT), ou dwe peye enpo w nan youn nan dat ki make pi wo yo.:
Lis dokiman w ap bezwen pou w soumèt deklarasyon enpo
Lè w ap ranpli deklarasyon enpo ou pou kont ou, oswa w ap chèche asistans nan men yon pwofesyonèl, asire w ou gen dokiman sa yo pare davans:
- Dokiman prensipal yo: pèmi kondui, deklarasyon enpo ane pase a, enfòmasyon kont bankè w, estimasyon pèman enpo, depans gadri timoun ou, resi peman pou etid (nimewo kont 529, Fòm 1099-Q), depans etid ou peye ak yon kont 529, kredi enpo pou timoun ou (Lèt 6419)
- Sous revniw: salè (W-2), travay ak tèt ou oswa travay a tan pasyèl (1099-NEC ak depans travay), revni ak depans nan imobilye, benefis pou chomaj (1099-G), pati lajan mari oswa madanm ou (K-1), lajan pansyon oswa kont IRA (1099-R), Sekirite Sosyal (SSA-1099), enterè ak pataj nan lajan benefis la (1099-INT, 1099-DIV), vant aksyon (1099-B), vant pwopriyete (1099-S), lajan ou sere labank pou koze sante (1099-SA), kriptomonè / Bitcoin, lajan w fè nan jwèt aza (W-2G), anilasyon dèt (1099-C).
- Dediksyon ak kredi potansyèl yo: depans medikal ak lopital, prè etid / frè lekòl ak lòt depans edikasyon (1098-E, 1098-T), enpo pou pwopriyete, Roth IRA / IRA tradisyonèl / SEP IRA, enterè ipotèk (1098), don, kòb ou pèdi nan jwèt aza, kotizasyon lajan labank pou swen sante (HSA).
Kijan pou w ranpli deklarasyon enpo w
Ou ka itilize lojisyèl ofisyèl tankou TurboTax oswa H&R Block pou w soumèt deklarasyon enpo w sou entènèt, oswa w ka travay ak yon kontab kalifye. Daprè nivo revni w ou kapab kalifye pou sèvis gratis pou w soumèt deklarasyon enpo w nan vil Nouyòk.