Nouvo frè 100 dola administrasyon Trump lan mete pou moun k ap aplike pou azil yo te kreye konfizyon ak dezòd akòz gwo reta administrasyon an te pran pou kreye yon sistèm pou resevwa pèman yo, epi konfizyon sou ki moun ki dwe peye frè yo.
Gen kèk moun ki jwenn refi pou aplikasyon yo paske yo pa t peye frè a, malgre gouvènman an pa t bay bon jan enstriksyon ak mwayen pou fè sa. Kounye a, gen soulajman pou moun k ap aplike pou azil yo.
Nan dat 30 oktòb 2025 lan, yon jij federal te bloke tanporèman aplikasyon frè azil anyèl gouvènman an te mete a. Yo te pran desizyon sa akòz yon pwosè òganizasyon Asylum Seeker Advocacy Project te depoze. Sa vle di pou kounye a pa gen okenn moun ki nan pwosesis demann azil ki oblije peye frè anyèl la.
òm batay legal sa a ap kontinye, desizyon sa a ka chanje epi gouvènman an ka kòmanse egzije moun pou peye frè sa a ankò.
“Pifò kliyan yo kontan sispansyon frè a, men gen konfizyon sitou ak ensètitid yon lòt apèl nan gouvènman federal la,” Emerson Argueta, ki se Direktè Adjwen nan Sant Feerick pou Jistis Sosyal nan Fordham Law School, fè konnen.
Argueta prevwa administrasyon Trump lan pral fè apèl kont desizyon jij la. Li ajoute, “Pou nenpòt moun ki pè pou yo pa nan pwoblèm, m ap di yo, yo kapab peye frè a si sa fè yo santi yo pi alèz.”
Mwen vle aplike pou azil pou premye fwa, èske mwen oblije peye frè a?
Li toujou koute 100 dola pou w voye yon nouvo aplikasyon azil. Si w pa peye frè a oswa w pa soumèt fòm ki kòrèk la ak enfòmasyon peman an, USCIS ka rejte epi retounen aplikasyon azil ou a.
Aplikasyon mwen annatant depi yon ane oswa plis, èske mwen oblije peye frè a?
Desizyon tribinal la kanpe egzijans peman pou aplikan ki annatant yo, sa vle di ou pa oblije peye frè a kounye a. Akoz batay legal sa a ap kontinye, ou ka oblije peye frè a lavni.
E si mwen deja peye frè a, èske m ka jwenn yon ranbousman?
Si w deja peye 100 dola a, ou pap ka jwenn yon ranbousman. Ou ta dwe asire w ou kenbe yon resi sikoka yo mande w prèv peman a lavni. Ou ka jwenn prèv peman an sou sit entènèt sa a.
Ki kalite resi oswa prèv m ta dwe kenbe si m deja peye oswa si m pral peye frè a?
Men yon egzanp sou jan resi a ta dwe ye. Pou w jwenn prèv peman an, ale sou sit entènèt sa a epi tape nimewo A ou a, ak nimewo suivi peman an. Si ou pa konnen nimewo suivi peman w lan, ou ka jwenn li pandan 5 jou apre w fin fè peman an lè w retounen sou paj peman an liy sa a. Antre nimewo A w la, epi chwazi “Frè Azil Anyèl” pou kalite dosye a.
Dat odyans tribinal mwen an pwòch epi m vle peye jis pou evite pwoblèm. Ki kote mwen ka peye frè a?
Sa a se pòtay kote w ka peye frè azil la.