Logo
Dec 03, 2025 | Rommel H. Ojeda

Sipòte lekòl pitit ou: Men kijan pou w antre nan yon Asosyasyon Paran-Pwofesè nan vil Nouyòk

Yon Asosyasyon Paran-Pwofesè se yon fason enpòtan pou w patisipe nan kominote lekòl pitit ou epi defann siksè li.

Chak lekòl piblik nan vil Nouyòk oblije gen yon Asosyasyon Paran-Pwofesè (PTA). Pafwa yo rele li tou Asosyasyon Paran (PA). PTA yo se gwoup kote paran ak gadyen legal yo reyini pou defann elèv yo epi rete enfòme sou devlopman lekòl yo. Gwoup sa sèvi tou kòm pon ant fanmi yo ak anplwaye lekòl yo, tankou pwofesè ak direktè lekòl yo.

Ou pa bezwen fè anyen pou w rantre nan yon PTA. Lè w enskri yon timoun nan lekòl nan Vil Nouyòk, ou otomatikman yon manm.

Men sa ou bezwen konnen sou rantre ak patisipe nan yon PTA

  • Paran ak gadyen legal yo otomatikman manm yon PTA epi yo ka patisipe nan reyinyon yo otan yo vle. Li pa koute anyen pou w rantre.
  • Patisipe nan yon PTA se yon fason pou tout paran yo ka patisipe nan desizyon lekòl la, tankou kijan bidjè lekòl la depanse.
  • Ou ka patisipe nan reyinyon PTA yo a distans oswa an pèsòn.
  • Si w pa ka prezan nan youn nan reyinyon yo, ou ka toujou jwenn aksè a rezime reyinyon an ak videyo anrejistreman reyinyon an si w mande kowòdonatè PTA nan lekòl ou a.

Pou jwenn enfòmasyon sou reyinyon PTA lekòl ou a, antre non lekòl la nan ​​zouti rechèch Lekòl Piblik vil Nouyòk la,  epi klike sou “rechèch”. Kat jeyografik la ta dwe ajou epi montre w enfòmasyon lekòl la sou bò gòch la. Klike sou lekòl la, epi desann anba paj la pou chwazi opsyon “kontak ak enfòmasyon lekòl yo”.

Klike sou opsyon imel pou “kowòdonatè paran” pou w ekri yon imel pou w mande enfòmasyon sou kowòdonatè PTA a, ak orè reyinyon y ap fè pou manm yo.

Kisa yon asosyasyon paran-pwofesè ye?

Yon asosyasyon paran-pwofesè (PTA) reyini paran ak gadyen legal pou travay ansanm pou defann byennèt ak edikasyon tout elèv yo.

“Fondamantalman se fason paran yo ka enplike tèt yo nan desizyon k ap pran nan lekòl pitit yo.” Sa se deklarasyon Antonia Martinelli, kowòdinatris nan PTA Link, yon òganizasyon san bi likratif ki sipòte PTA nan lekòl piblik nan Vil Nouyòk.

Martinelli eksplike paran yo ka vote sou nouvo devlopman y ap fè nan lekòl yo tankou:

  • Konstriksyon yon nouvo lakou rekreyasyon sou teren lekòl la
  • Ajoute sèvis tradiksyon ak entèpretasyon
  • Devlope yon kourikoulòm ki pi enklizif
  • Finansman yon soti edikatif oswa yon asistan pwofesè
  • Kijan pou lekòl la selebre seremoni gradyasyon

Martinelli deklare, “[PTA a] vle tande vwa tout moun ki gen yon enterè nan kominote sa a,”.

Non sèlman PTA pèmèt ou patisipe nan kominote lekòl la, men li ale pi lwen. PTA yo kapab sèvi tou kòm premye pa nan patisipe nan yon demokrasi patisipatif, kèlkeswa estati imigrasyon ou.

Martinelli di “Se kote ou gen yon prezidan, yon sekretè, yon trezorye. Li aprann ou kijan pou dirije yon òganizasyon k ap fonksyone avèk kontribisyon tout kominote a.”

Konbyen reyinyon yo genyen?

Daprè Gid PTA Depatman Edikasyon Vil Nouyòk la, manm yo ap reyini omwen dis (10) fwa pou ane lekòl la. Reyinyon sa yo ouvè pou piblik la, kidonk nenpòt moun ka patisipe.

Anplis reyinyon jeneral yo, genyen tou dis (10) reyinyon pou konsèy egzekitif la ak reyinyon chak twa mwa ak direktè lekòl la ki fèt pandan tout ane a.

Martinelli di paran yo ka patisipe nan reyinyon yo otan yo vle. “Ou ka kandida pou prezidan oswa ou ka yon manm an jeneral.” Li ajoute “Ou ka deside si ou vle fè bonbon pou yon vant pou leve fon oswa yon volontè pou pase feyè.”

Kijan pou m resevwa enfòmasyon sou kijan pou m patisipe nan yon reyinyon?

PTA a dwe avize paran yo omwen 10 jou davans. Y ap voye avi a pa imèl, alèt tèks, oswa platfòm lekòl la itilize a. Yo chwazi dat ak lè reyinyon an ak objektif pou rive jwenn tout paran yo.

Avi a ap gen ladan l tou ajanda y ap diskite jou sa a tankou evènman lekòl k ap vini yo (kòm egzanp konferans paran-pwofesè), dènye nouvèl sou lekòl la, nouvo klèb ak plis ankò.

E si anglè pa premye lang mwen?

Martinelli di “Li toujou vo lapenn pou paran ki pa pale anglè yo patisipe nan apèl sa yo,”. Li te ajoute paran yo ka itilize sèvis lekòl la ofri, tankou entèpretasyon similtane. Lekòl yo resevwa lajan pou ede paran elèv miltileng yo ak tradiktè nan reyinyon yo. Si w bezwen sipò lang, ou dwe mande moun ki nan tèt PTA a pou resous sa a pi vit posib.

Anfèt, lè w patisipe nan yon PTA, ou reprezante yon kominote enpòtan paske ou ka pale nan non elèv miltileng ki ka bezwen plis èd pou reyisi nan klas yo.

Èske mwen ka jwenn denyè nouvèl yo si mwen pa ka ale nan reyinyon an?

Travay ak lòt responsablite ka anpeche paran yo ale nan reyinyon PTA yo. Si sa rive w, ou ka toujou patisipe. Lalwa egzije asosyasyon paran yo pou yo kenbe anrejistreman videyo reyinyon vityèl oswa ibrid yo epi yon rapò ekri (yon rezime sou sa ki te diskite). Tou de (2) zouti sa yo toujou disponib pou paran yo e y ap jwenn yo nan men kowòdinatè PTA ki responsab pou dirije reyinyon yo.

Ou gen lòt kesyon sou sijè sa a oswa sou fason li ka afekte w? Ou ka kontakte yon espesyalis nan Documented.info pou w jwenn repons gratis e konfidansyèl. 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt