Logo
Nov 28, 2025 | Ralph Thomassaint Joseph

Li ilegal pou yon patwon oswa pwopriyetè kay menase pou l rapòte estati yon imigran iregilye

Si patwon w oswa pwopriyetè kay ou ap menase w pou l rele ICE pou ou, ou gen dwa pou w defann tèt ou, kèlkeswa estati imigrasyon w.

Sa w dwe konnen sou menas pou denonse imigran iregilye bay ICE: 

  • Patwon ak pwopriyetè kay pa gen dwa sèvi ak estati imigrasyon w pou yo entimide w, pran revanj sou ou, oswa fè w sibi move tretman. Lwa travay ak lwa lojman pwoteje w.
  • Kenbe tout prèv menas yo, tankou mesaj ekri, imèl, ak deklarasyon temwen. Sa ka ede w si w bezwen fè yon aksyon legal.
  • Kontakte yon avoka imigrasyon oswa òganizasyon ki ofri asistans legal gratis. Lè w depoze yon plent kont menas sa ka pwoteje w epi pwoteje lòt moun.
  • Idantifye moun ou fè konfyans, mete kopi tout dokiman enpòtan w yo yon kote ki an sekirite, epi prepare w pou nenpòt sitiyasyon ou pa atann ki gen rapò ak otorite imigrasyon yo.
  • Ou pa oblije revele estati imigrasyon w. Si ajan ICE debake  sou ou, ou gen dwa rete an silans epi w gen dwa refize siyen kèlkeswa dokiman an san prezans yon avoka.

Menase yon moun pou w denonse li bay sèvis imigrasyon (ICE) kòm yon fason pou fè l pè oswa pran revanj sou li se yon zak ilegal, sitou nan vil Nouyòk, kote gen gwo pwoteksyon pou travayè ak lokatè yo.

Anplwayè ak pwopriyetè kay pa gen dwa sèvi ak estati imigrasyon yon moun pou menase, maltrete, oswa eksplwate li. Nan anpil ka, aksyon sa yo vyole lwa eta a ak lwa federal, tankou lwa travay ak lwa ki pwoteje dwa moun pou jwenn lojman san diskriminasyon.

Vil Nouyòk gen yon lwa ki kategorize kòm krim Klas A menas nan bouch oswa alekri, pou rapòte estati imigrasyon yon lòt moun bay ICE.

Zak ilegal sa a ka pini ak jiska 364 jou prizon ak yon amann 1000 dola.

Daprè Razeen Zaman, direktè dwa imigran nan Asian American Legal Defense and Education Fund, lwa sa a ka tou bay yon opòtinite pou w jwenn yon estati legal.

Imigran iregilye ki sibi menas konsa ka fè yon rapò bay lapolis, e sa ka ede yo kalifye pou yon viza yo rele Viza U. Se yon estati espesyal pou viktim krim ki ka finalman fè yo jwenn yon kat rezidans pèmanan.

Men, li fè konnen, lwa a pa anpeche yon moun depoze plent kont yon imigran san papye bay ICE, men li entèdi itilize menas sa a kòm yon mwayen pou fòse oswa entimide moun.

Si patwon w oswa pwopriyetè kay ou menase pou pote plent oswa denonse estati imigrasyon w bay ICE, ou gen dwa defann tèt ou, kèlkeswa estati imigrasyon ou. Men sa ou ta dwe fè:

Konnen dwa w

  • Revanj oswa reprezay se yon zak ilegal. Patwon yo pa gen dwa menase pou denonse w bay ICE poutèt yon pwoblèm nan espas travay la, tankou lè w mande touche lajan yo pa peye w oswa lè w denonse move kondisyon travay oswa travay nan espas ki danjere. Sa konsidere kòm yon fòm revanj, epi li ilegal daprè lwa federal yo.
  • Lwa sou lojman pwoteje w. Pwopriyetè kay pa gen dwa sèvi ak estati imigrasyon w kòm yon mwayen pou maltrete w oswa degèpi w san rezon ki pa jistifye. Gen kèk eta, tankou Nouyòk ak Kalifòni, ki gen lwa espesyal ki entèdi kalite diskriminasyon sa yo.

Pa pataje enfòmasyon pèsonèl ou

  • Ou pa oblije bay pwopriyetè kay oswa patwon travay ou plis detay sou estati imigrasyon w pase sa ki nesesè pou travay ou.
  • Si ajan ICE vini lakay ou oswa nan travay ou, ou gen dwa rete an silans e pa reponn okenn kesyon.
  • Pa siyen okenn dokiman san ou pa pale ak yon avoka.

Chache èd legal touswit

Fè yon plent kont pwopriyetè kay oswa patwon w pa oblije fè w revele estati imigrasyon w, e ajans tankou Komisyon Dwa Moun Vil Nouyòk (NYC Commission on Human Rights) gen fason pou moun depoze plent anonim. Ajans sa yo fè ankèt sou reklamasyon yo, yo avèti pwopriyetè ak patwon yo sou konsekans legal yo, epi yo ka bay amann oswa pran lòt sanksyon legal si maltretans nan kontinye.

Malgre lwa a entèdi reprezay kont lokatè oswa travayè ki pote yon plent, moun ki san papye ka toujou pè pou yo pa ekspoze. Lè w chache konsèy legal nan men òganizasyon ou fè konfyans sa ka ede w asire aksyon ou pran pa mete ou menm oswa lòt imigran san papye nan risk depòtasyon. Nan kèk ka menm, sa ka louvri pòt pou pwoteksyon tankou viza yo rele U viza a.

Pou w jwenn asistans legal, ou ka kontakte: 

Òganizasyon sa yo bay sipò legal gratis oswa a pri abòdab, epi yo ka ede w konprann epi sèvi ak pwoteksyon ki egziste pou lokatè ak travayè ki san papye. Li rekòmande tou pou w konsilte yon avoka imigrasyon pou jwenn konsèy ki adapte ak sitiyasyon pa w la.

Si w pa gen mwayen pou w peye yon avoka, chache òganizasyon lokal oswa sèvis asistans legal ki ofri sèvis gratis.

Li di l ap denonse w bay ICE? Pote plent kont menas la

  1. Si patwon w nan travay ou ap menase w, pote plent kont li nan National Labor Relations Board (NLRB) oswa Depatman Travay (Department of Labor).
  2. Si pwopriyetè kay ou ap menase w, denonse l bay otorite lokal ki jere lojman oswa yon òganizasyon ki defann dwa lokatè yo.

Prepare yon plan ijans

  • Fè yon plan sizoka ou ta rankontre ICE san ou pa atann.
  • Chwazi yon zanmi oswa yon fanmi w ou fè konfyansyon ka kontakte si gen ijans.
  • Kenbe kopi dokiman enpòtan yo tankou kat idantifikasyon, kontra lwaye, fich pewòl, yon kote ki an sekirite.

Gen moun ki konn sèvi ak menas sou estati imigrasyon yon moun pou fè yo pè, pou fè yo rete an silans, oswa pou fòse yo obeyi. Konnen dwa w epi chache sipò legal ka ede w pwoteje tèt ou. Si ou menm oswa yon moun ou konnen ap fè fas ak sitiyasyon sa a, chèche èd touswit.

Ou gen lòt kesyon sou sijè sa a oswa sou fason li ka afekte w? Ou ka kontakte yon espesyalis nan Documented.info pou w jwenn repons gratis e konfidansyèl. 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt