Logo
Nov 17, 2025 | Paz Radovic

Konprann konsekans ki genyen lè w depase dat otorizasyon viza w la Etazini

Men sa w dwe konnen si w rete Etazini apre peryòd viza w la otorize.

Li pa janm rekòmande pou w rete Etazini pi lontan pase peryòd viza w la otorize. Lè w antre Etazini ak yon viza, ofisye imigrasyon nan ayewopò a ba w yon peryòd otorizasyon pou w rete ki ka pi kout pase peryòd viza w la valab la.

“Si w rete nan peyi a apre peryòd yo otorize w la ka fè yo depòte w,” avoka Hasan Shafiqullah, ki se yon ekspè imigrasyon nan Inite Refòm Dwa Sivil nan Sosyete Èd Legal la, eksplike. Gen lòt konsekans grav tou ki ka prezante lè w depase peryòd viza w la otorize.

Lè w depase peryòd Etazini otorize w sou viza a, ou vinn nan sa yo rele prezans ilegal. Sa kapab anpeche w retounen Etazini. Si w aplike pou yon nouvo viza, ajan imigrasyon yo ka refize demann lan akoz dire sejou w ki te depase peryòd otorizasyon an. Plis ou rete ilegalman, se plis konsekans yo grav. Ou ka menm gen yon entèdiksyon total pou w retounen Etazini.

Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan legal ki akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a 14 mas 2025.

Gravite konsekans sa yo depann de sikonstans endividyèl ou ak tip viza ou genyen an. Pa egzanp, avèk yon viza touris, si w depase peryòd otorizasyon an epi ou pa aplike pou yon ekstansyon anvan peryòd sejou otorize a ekspire, yo ka pa pèmèt ou retounen Etazini yon fwa ou kite peyi a. Pennalite yo varye an fonksyon tan ou te pwolonje sejou w la apre peryòd otorize a:

  • Si w rete ilegalman pou plis pase 180 jou men ou pa rive yon lane, ou ka gen yon entèdiksyon obligatwa twa (3) ane avan w ka retounen Etazini.
  • Si w rete yon lane oswa plis, pennalite a ka yon entèdiksyon obligatwa dis (10) ane avan w ka retounen.
  • Si w rete Etazini pou mwens pase 180 jou apre ekspirasyon peryòd otorize a, ou pap fè fas ak entèdiksyon obligatwa twa (3) zan an, men, se ofisye imigrasyon nan pò antre a k ap deside si li ap otorize w antre ou pa. Kidonk, yo ka toujou refize w antre akoz sejou pwolonje ou te fè anvan an. 

Pi bon konsèy la se aplike pou yon pwolonjman sejou pi vit posib si w vle rete Etazini apre peryòd sejou otorize a. Pifò moun ki gen viza touris ak biznis ka mande yon pwolonjman lè yo ranpli fòmilè I-539 la ki se aplikasyon pou Pwolonje/Chanje Estati Non-Imigran. Lè w ap soumèt demann ou an, ou dwe bay yon rezon klè pou pwolonjman an, epi detay sou plan w genyen pou kite Etazini epi retounen nan peyi w.

Si w prevwa rete Etazini apre peryòd sejou yo otorize w la, depoze demann ekstansyon an anvan sejou otorize w la ekspire. ​​Pwoblèm sa te repete anpil pandan pandemi an lè anpil vwayajè pa t ka kite akòz restriksyon vòl yo.

Pou w evite konplikasyon, toujou kenbe dokiman sou nenpòt sikonstans ki te anpeche w kite alè, tankou anilasyon vòl oswa fèmti fwontyè. Anplis, li toujou rekòmande pou w chache konsèy nan men yon pwofesyonèl legal kalifye pou w byen konprann opsyon ou genyen ak konsekans potansyèl yo.

E si mwen anba pwogram “Visa Waiver” a (VWP)?

Moun k ap vwayaje Etazini nan pwogram “Visa Waiver” a gen menm restriksyon ak nenpòt moun k ap chache antre ak yon viza vizitè. Sa gen ladan l pennalite pou w rete Etazini apre peryòd maksimòm 90 jou sejou otorize a. Anplis, anba VWP, ekstansyon sejou yo pa otorize.

Moun ki te antre atravè VWP epi ki te rete plis pase tan otorize a renonse dwa yo pou konteste depòtasyon, dapre Jodi Ziesmer ki se Direktè Inite Pwoteksyon Imigran Gwoup Asistans Legal New York la.

“Kidonk, si yo te rete plis pase peryòd otorize imigrasyon te ba yo lè yo t ap antre Etazini an, oswa si yo te vyole kondisyon viza yo nan al travay oswa nan aktivite ki entèdi, yo renonse dwa yo pou defann tèt yo kont depòtasyon. Jodi Ziesmer ajoute: “Yo ka sote plizyè etap nan pwosesis la epi depòte moun sa yo byen rapid.”

Mwen deja rete plis pase yon lane. Ki solisyon ki genyen pou regilarize sitiyasyon m nan?

Depase peryòd sejou otorize a ka gen konsekans grav pou rete oswa retounen Etazini, sepandan gen kèk mwayen pou w jwenn soulajman.

Pa egzanp, moun ki jwenn parennaj nan men yon anplwayè ka jwenn yon estati legal nan wout sa a, epi moun ki gen yon mari oswa yon pitit ki sitwayen ameriken kapab chache rezidans pèmanan atravè yon petisyon familyal.

Moun ki pa kapab retounen nan peyi yo akòz laperèz pèsekisyon sou baz ras, relijyon, nasyonalite, opinyon politik oswa manm nan yon gwoup sosyal patikilye kapab chache azil sèlman si yo aplike nan yon ane a pati dènye dat yo antre Etazini. Gen kèk eksepsyon pou dat limit yon ane a.

Lòt moun ki viktim krim, trafik moun, oswa vyolans domestik ka kalifye pou lòt fòm soulajman. Epi moun ki gen plis pase 10 zan depi y ap viv Etazini epi ki gen fanmi pwòch yo ki rezidan pèmanan legal oswa ki sitwayen ameriken, yo ka kalifye pou soulajman kont depòtasyon si absans yo ka lakòz fanmi yo gwo difikilte. Pwosesis pou detèmine si w kalifye pou nenpòt nan fòm soulajman sa yo konplèks, menm jan ak pwosesis aplikasyon an.

Se poutèt sa, li enpòtan pou pale ak yon avoka ki gen lisans oswa yon reprezantan ki akredite nan Depatman Jistis pi vit posib pou konprann opsyon w yo.

Ou gen lòt kesyon sou sijè sa a oswa sou fason li ka afekte w? Ou ka kontakte yon espesyalis nan Documented.info pou w jwenn repons gratis e konfidansyèl. 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt