Logo
Nov 10, 2025 | Paz Radovic

Nan vil Nouyòk ou ka jwenn asistans legal gratis pou pwoblèm nan travay ou

Asistans legal gratis oswa a pri abòdab pou pwoblèm salè ak travay nan vil Nouyòk. Ou ka jwenn konsèy sou sitiyasyon tankou si patwon w pa peye w, si w sibi diskriminasyon nan travay, elatriye.

Èske w konnen ki kote pou w ale si w ap fè fas ak pwoblèm nan travay ou, tankou si w pa touche, si w ap sibi diskriminasyon, asèlman, oswa si yo revoke w enjisteman? Plizyè kote Nouyòk bay asistans legal gratis oswa a pri abòdab pou pwoblèm salè ak travay.

Sèvis sa yo disponib pou tout moun k ap viv Nouyòk — kit se imigran, kèlkeswa estati imigrasyon yo — epi avoka sa yo ka gide w nan depoze plent, negosye ak anplwayè yo, epi defann dwa w nan tribinal oswa odyans administratif yo.

Anvan w kontakte yon avoka

Toujou onèt sou estati imigrasyon w. Anpil òganizasyon ofri asistans legal kèlkeswa estati w, espesyalman pou pwoblèm tankou reklamasyon salè oswa diskriminasyon.

  • Tcheke kalifikasyon w anvan paske gen kèk òganizasyon ki priyorize moun ki pa fè gwo kòb, oswa yo sèlman sèvi moun ki abite nan yon zòn patikilye, oubyen k ap jere pwoblèm legal espesifik.
  • Rele bonè pandan lè admisyon yo. Anpil pwogram pa gen anpil anplwaye epi yo gen lè espesyal yo resevwa nouvo kliyan.
  • Pran pasyans paske liy telefòn yo souvan okipe. Si w pa rive konekte, eseye ankò, pafwa ou dwe fè plizyè apèl.
  • Mande ki kalite èd yo bay. Gen kèk gwoup ki sèlman bay konsèy oswa konsiltasyon; gen lòt ki ka reprezante w nan odyans oswa pwosè. Lè w konnen enfòmasyon sa yo davans ou ka pi klè sou kisa pou w atann ou.

Lè w gen randevou ak yon avoka imigrasyon, sonje pote tout dokiman ki pwouve dosye w la. Eksplike avoka a sitiyasyon an yon fason klè e presi, konsantre w sou sa k te pase, ki dat, ak sa w te fè pou sa.

Men kèk dokiman enpòtan pou w pote nan randevou a:

  • Kontra travay oswa lèt òf
  • Chèk travay ou, orè travay ou, deklarasyon salè
  • Nenpòt kominikasyon alekri ak anplwayè a (imèl, avètisman)
  • Avi revokasyon, avi disiplinè
  • Nenpòt korespondans konsènan konje, aranjman, oswa benefis
  • Dokiman ki montre tantativ ou yo pou rezoud pwoblèm yo (lèt, plent nan resouzimèn

Sosyete Èd Legal la

Inite Dwa Travay nan Sosyete Èd Legal la ofri konsèy ak reprezantasyon pou anplwaye ki nan ka ki konsène:

  • diskriminasyon nan travay, 
  • salè, oswa lè siplemantè ki pa peye, 
  • trafik moun ak asirans chomaj, 
  • konje familyal, konje medikal, oswa maladi. 

Atravè pwojè Jistis pou Anplwaye a, yo goumen pou anplwaye k ap fè fas ak diskriminasyon akòz dosye arestasyon oswa pase kriminèl yo.

  • Fason pou w kontakte yo: Rele (888) 663-6880. Yo disponib lendi jiska vandredi soti 10 a.m. rive 3 p.m. 

Gwoup Asistans Legal Nouyòk Pwojè Lwa sou Travay

Inite sa a bay konsèy legal ak reprezantasyon gratis pou dosye ki gen rapò ak diskriminasyon, dispit sou salè ak lè travay, ansanm ak lwa sou konje fanmilyal ak medikal. Avoka nan inite sa a reprezante ouvriye ki pa touche anpil ak anplwaye imigran k ap konbat eksplwatatsyon, diskriminasyon, ak asèlman.

  • Fason pou w kontakte yo: Rele (212) 613-5000. Yo disponib lendi, mèkredi ak jedi soti 9 a.m. pou rive 3 p.m. Lè w ap rele, chwazi opsyon pou yon nouvo dosye, apre sa, chwazi Pwojè Lwa sou Travay, epi kite yon mesaj vokal.

Sèvis Legal NYC

Sèvis Legal NYC ofri asistans legal gratis pou anplwaye ki pa fè gwo kòb. Li bay sèvis tankou konsèy, referans, ak reprezantasyon. Yo bay sèvis tou pou pèt travay, benefis chomaj, reklamasyon salè ak lè siplemantè, diskriminasyon nan travay, konje medikal ak familyal, ak pwoblèm lisans.

Yo sipòte moun ki pa kapab jwenn travay akoz istwa arestasyon yo oswa ki gen rapò nan Rejis Santral Abi ak Move Tretman Timoun (SCR).

  • Fason pou w kontakte yo: Kontakte yo nan (917) 661-4500, lendi jiska vandredi, ant 9:30 a.m. ak 4 p.m.

Mobilizasyon pou Jistis

Mobilizasyon pou Jistis ofri asistans legal gratis pou travayè yo nan dosye tankou reklamasyon salè, vyolasyon salè minimòm ak lè siplemantè, asirans chomaj, ak diskriminasyon nan travay. Yo ede moun jwenn oswa kenbe yon travay, sitou si moun sa oswa yon manm fanmi l malad, oswa si yo gen yon dosye kriminèl.

  • Fason pou w kontakte yo: Rele (212) 417-3838 nan madi, soti 2 p.m. rive 5 p.m.

Ou kapab kontakte yo tou pandan Mobilizasyon pou Jistis ap rankontre ak kliyan nan òganizasyon kominotè yo nan katye toupatou nan Vil Nouyòk.

Sèvis Migrasyon Katolik yo

Inite Anplwa yo a ofri konsèy ak reprezantasyon legal pou anplwaye ki pa touche anpil kòb konsènan divès pwoblèm nan travay, tankou krim nan travay ki ka kalifye yo pou Viza T ak U.

Pou kalifye pou sèvis yo, travayè yo dwe swa abite nan vil Nouyòk oswa gen dispit nan yon travay ki baze nan Vil Nouyòk.

  • Fason pou w kontakte yo: Pou mande asistans, rele (877) 525-2267 Lendi jiska Vandredi soti 9 a.m. rive 5 p.m., oswa voye yon imèl ba yo nan info@catholicmigration.org.

Make The Road NYC

Òganizasyon sa a gen yon inite ki rele  Jistis Travay kote yo ofri asistans legal pou reklamasyon salè ki pa peye, ede anplwaye jwenn aksè a benefis konpansasyon yo, lite kont diskriminasyon nan travay, ak plis lòt sèvis ankò.

  • Fason pou w kontakte yo: Ou ka vizite youn nan sant kominotè nan katye yo oswa rele nimewo ki nan lis anba a.

White Plains
(914) 948-8466
46 Waller Avenue, Westchester

Jackson Heights
(718) 565-8500
104-19 Roosevelt Avenue, Queens

Bushwick
(718) 418-7690
301 Grove Street, Brooklyn

Sant Jistis pou Anplwaye nan Nouyòk

W ap viv andeyò vil Nouyòk? Sant Jistis pou anplwaye a ofri asistans legal gratis pou moun ak gwoup toupatou nan eta Nouyòk, sitou sou pwoblèm ki afekte dwa travayè agrikòl ak lòt anplwaye ki pa touche gwo kòb.

  • Fason pou w kontakte yo: Rele 1-800-724-7020 oswa voye yon imèl ba yo nan info@wjcny.org.

Ou kapab ale tou nan biwo yo ki nòmalman ouvè lendi jiska vandredi soti 9 a.m. pou rive 5 p.m, eksepte jou ferye. Li pi bon pou rele davans paske ofis sa yo gen yon orè ibrid.

Western New York
(585) 325-3050
1187 Culver Road
Rochester, NY

Hudson Valley
(845) 331-6615
9 Main Street
Kingston, NY

Lower Hudson Valley
(845) 331-6615
245 Saw Mill River Road, Suite 106
Hawthorne, NY

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt