Logo
Nov 06, 2025 | Faye Qiu

Èske w kalifye pou w jwenn yon rabè chak mwa sou bil kouran Con Edison ou an?

Pwogram enèji asistans Con Edison nan (EAP: Energy Affordability Program) bay rabè chak mwa sou bil kouran pou moun ki kalifye yo.

Pafwa w ka santi jere bil kouran se tankou yon gwo fado. Pwogram enèji asistans Con Edison nan (EAP) bay rabè chak mwa sou bil kouran pou moun ki kalifye yo.

Kalifikasyon an senp epi li baze sou patisipasyon w nan kèk pwogram asistans gouvènman an. Moun ki pa sitwayen ameriken, pa ekzanp, refijye ak moun ki sou azil, kalifye pou pwogram sa a tou depi y ap resevwa asistans nan pwogram ki kalifye yo.

Enskripsyon otomatik

Si w resevwa benefis nan pwogram tankou Pwogram Asistans Enèji Domestik la (HEAP), Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (SNAP), Revni Sekirite Siplemantè (SSI), oswa Asistans Sosyal (SNA), otomatikman Con Edison ap enskri w nan EAP lè ajans k ap ede w la ba yo avi. 

Apre w  enskri otomatikman, Con Edison ap voye pou ou yon lèt ki gen detay sou ki lè rabè bil kouran an ap kòmanse. Si w pa sèten si w te resevwa lèt la, ou ka verifye si w enskri nan Pwogram Enèji Asistans lan lè w antre sou Kont Con Edison ou oswa lè w revize bòdwo w la.

Enskripsyon manyèl

Si w se yon benefisyè pwogram tankou Medicaid, Asistans Federal pou Lojman Piblik, Pansyon pou Veteran ki Andikape, oswa Sivivan, oswa Pwogram Sèvis Telefòn Lifeline (Lifeline), ou pa enskri otomatikman. Ou dwe aplike manyèlman.

Kijan pou w aplike pou Pwogram Asistans Enèji a

Si w bezwen aplike manyèlman, men yon gid etap pa etap ak tout opsyon ki disponib yo.

Pou w aplike sou entènèt, vizite sit Con Edison nan. Pwosesis enskripsyon rapid epi li fasil.

Pou w aplike pa lapòs, telechaje fòmilè aplikasyon an sou sit entènèt Con Edison nan. Fòmilè yo disponib nan plizyè lang. Ranpli epi siyen aplikasyon an epi rasanble tout dokiman w ap soumèt kòm prèv yo tankou lèt benefis sosyal oswa nenpòt lòt prèv ki konfime patisipasyon w nan omwen youn nan pwogram ki kalifye yo.

Lè w finn ranpli aplikasyon an voye l bay Con Edison pa lapòs nan adrès: PA Central 4 Irving Place, 9yèm etaj, Bwat 34 New York, NY 10003.

Pou w aplike pa imèl, telechaje fòmilè aplikasyon an sou sit entènèt Con Edison nan. Ranpli fòm nan epi siyen l. Nan imèl ou a, mete dokiman ki montre patisipasyon w nan omwen youn nan pwogram ki kalifye yo, tankou yon lèt benefis sosyal.

Voye yon imèl bay EAP@conEd.com; nan sijè a mete : Aplikasyon pou pwogram asistans enèji. Asire w ou atache aplikasyon w lan ak dokiman sipò yo nan imèl la.

Pou w aplike pa faks, ranpli fòmilè aplikasyon an epi prepare tout dokiman sipò ki nesesè yo. Fakse materyèl yo nan nimewo sa a: 1-212-844-0110.

Pou w aplike an pèsòn, ale nan yon sant Con Edison. Ou pa bezwen randevou. Sant yo ouvè lendi jiska vandredi, 8:30 a.m. rive 5 p.m. Men adrès pou chak awondi

  • Bronx: 1775 Grand Concourse
  • Brooklyn: 345 Jay Street nan National Grid
  • Manhattan: 122 East 124th Street
  • Queens: 89-67 162nd St. Jamaica nan National Grid
  • Staten Island: 1140 Richmond Terrace
  • Westchester: Nan Food Bazaar Supermarket, 1 Bogopa Plaza, Mount Vernon

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt