Logo
Nov 03, 2025 | Rommel H. Ojeda

Kijan pou w rekipere motosiklèt ou si lapolis Nouyòk ta sezi l

Gen anpil rezon ki ka fè lapolis Nouyòk sezi motosiklèt ou. Men sa w dwe konnen pou w ka rekipere l.

Daprè lalwa nan eta Nouyòk motosiklèt ki fèt pou woule a vitès ki pa twò rapid yo – sa yo rele moped yo – dwe anrejistre nan Department of Motor Vehicles (Depatman Veyikil a Motè). Pou w ka itilize yon moped nan vil la, chofè a dwe genyen yon lisans espesyal, ki depann de vitès veyikil la. Nan kèk ka, yo ka mande asirans ak enspeksyon tou.

Si moped a ou pa anrejistre, Lapolis ka sezi l. Men sa w dwe konnen sou pwosesis pou w rekipere yon moped si Lapolis ta remoke l.

Egzijans pou lisans ak anrejistreman moped

Department of Motor Vehicles (DMV) klase moped yo an twa kategori : Klas A, B, ak C, selon vitès yo.

Klas B ak C se moped ki fèt pou woule 30 mil a lè (MPH) oswa mwens. Ou ka kondui yo ak nenpòt kategori lisans. Klas A, ki li menm depase 30 mil a lè, mande yon lisans motosiklèt (M/MJ), ansanm ak yon enspeksyon. Tout twa kategori yo dwe anrejistre nan DMV.

Ou ka anrejistre yon machin kèlkeswa estati imigrasyon w.

Èske li obligatwa?KLAS A, PLIS PASE  30-40 MIL A LÈKLAS B, PLIS PASE  20-30 MIL A LÈKLAS C, PLIS PASE  20 MIL A LÈ OSWA MWENS
Lisans chofè / pèmiM/MJnenpòt klas lisansnenpòt klas lisans
Anrejistremanobligatwaobligatwaobligatwa
Eske limyè w dwe limen lè wap woule?obligatwaobligatwaobligatwa
Kas ak pwoteksyon pou jeobligatwaobligatwaobligatwa
Ou ka kondui  sounenpòt liy trafikliy adwat oswaliy ijans yo sèlman (sof lè w ap vire agòch)liy adwat oswaliy ijans yo sèlman (sof lè w ap vire agòch)
Asiransobligatwaobligatwaobligatwa
Enspeksyonobligatwaobligatwaobligatwa
Titsa pa obligatwasa pa obligatwasa pa obligatwa

Kijan pou w rekipere yon moped Lapolis Nouyòk konfiske

Lapolis ka sezi yon moped pou plizyè rezon — tankou pakin ilegal oswa amann ki pa peye — chofè a dwe gen tout dokiman ki nesesè yo, tankou anrejistreman ak lisans ki apwopriye, pou l ka rekipere veyikil li a.

Kontakte komisarya nan zòn kote ensidan an pase a. Pou w fè sa, mete adrès kote yo sezi moped la nan NYPD precinct finder nan lyen sa a.

Lè w rele komisarya a, ou ka mande detay sou kote moped ou a ye ansanm ak enfòmasyon sou pwosedi ekzak pou w ka rekipere l.

Aprè sa, pran tout papye moped la tankou anrejistreman ak prèv ki montre w se pwopriyetè a. Si posib, pote rapò polis oswa tikè yo te ba ou lè yo te sezi moped la, epi pa bliye pran lisans ou.

Ou pral oblije peye tout amann ki poko peye, ak frè yo chaje w pou kenbe l nan depo a.

Kou w rele komisarya a, mande nan ki depo yo mete moped ou a, ak lè yo ouvè. W ap gen pou w peye yon frè nan depo a.

Si w gen tout dokiman ki nesesè yo ansanm ak kle moped la, ou ka al pran l nan depo a aprè ou fin peye frè yo. Lè sa a, asire w ou tcheke moped la pou wè si li pa gen domaj, pou w ka fè yo konnen. Pran foto domaj yo si genyen pou w kenbe yo kòm prèv.

Ou vle poze kesyon sou sijè sa ak sou kijan li aplike nan dosye pa w la? Kontakte yon espesyalis Documented.info ki ap ba w repons konfidansyèl ki gratis. W ap jwenn plis detay la a.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt