Men sa moun k ap viv Nouyok yo dwe konnen sou preparasyon ak fason pou yo jere konsekans inondasyon:
- Sousòl yo inonde an premye. Dlo a monte vit epi li ka touye moun.
- Sèvi ak NYC Flood Maps ki se kat ki montre zòn ki gen risk inondasyon yo ak zòn evakiyasyon yo nan Nouyòk.
- Kenbe dokiman enpòtan yo an sekirite, prepare yon valiz ijans, enskri pou w resevwa mesaj alèt yo, epi fè yon plan evakyasyon.
- Kite kay la bonè pandan yon inondasyon, evite dlo inondasyon ak priz kouran yo, epi rele 911 si w bloke.
- Lè w ap retounen lakay ou pran anpil prekosyon: mete ekipman pwoteksyon, epi chache èd nan òganizasyon oswa ajans vil la si w nan bezwen.
Yo estime genyen anviwon 100,000 apatman nan sousòl nan Nouyòk. Daprè yon rapò Federal Reserve Bank of New York, 10% nan moun ki pa gen gwo salè ak imigran Nouyòk ap viv nan zòn kote apatman nan sousòl yo gen gwo risk inondasyon. Se yon veritab danje.
Si w fè eksperyans inondasyon deja oswa ou pè pou w pa viktim, men sa ou ka fè pou w asire sekirite ou menm ak fanmi w pandan gwo tanpèt ak inondasyon.
Konprann risk yo
Dlo inondasyon pote anpil danje: li ka gen dlo tou rego, mwazi ak bakteri ki ka fè w malad. Si dlo a touche priz osnon fil kouran, li ka lakòz gwo aksidan e menm lanmò.
Daprè previzyon NOAA State Climate Summaries, Nouyòk ap fè fas ak yon chofaj san parèy pandan syèk sa a. Sa vle di eta a ap konfwonte yon ogmantasyon nivo lanmè a ki pi wo pase mwayèn mondyal la. Lanmè a monte pi souvan, epi nan sezon ivè, lapli tonbe plis pase lanèj. Menm si apatman oswa kay ki nan sousòl kote w rete a poko janm inonde, chanjman klimatik ki bay pi gwo tanpèt ogmante risk pou w fè fas ak inondasyon.
Zouti pou w tcheke pou wè si w abite nan zòn ki gen gwo risk
Lè w deja konnen si zòn ou abite a gen risk inondasyon, sa ap ede w pwoteje fanmi w epi prepare w anvan pwochen tanpèt la. Men ki kote ou ka antre adrès ou pou w evalye risk inondasyon lakay ou:
- Kat jewografik inondasyon dlo lapli Nouyòk yo montre kote gwo lapli ka inonde lari ak sousòl yo, menm nan zòn ki lwen rivyè oswa bò lanmè.
- Kat inondasyon FEMA bay enfòmasyon sou zòn bò lanmè ki gen pi gwo risk inondasyon.
Si gen yon siklòn k ap vini, otorite vil la ka bay lòd pou evakye nan kèk zòn. Depi kounye a, chache konnen nan ki zòn evakiyasyon w ye pou w pa pran nan move sipriz. Tcheke maps.nyc.gov/hurricane oswa rele 311.
Kisa m ka fè pou m prepare m avan tanpèt la?
Pran on ti tan pou w prepare w depi kounye a, anvan move tan an rive.
- Mete paspò, papye imigrasyon ak dosye medikal ou nan yon sachè plastik ki byen fèmen oswa nan yon bwat ki pa pran dlo.
- Mete dlo pou w bwè, manje, rad, medikaman, yon flach, yon chajè telefòn ak enpe lajan kach nan yon valiz. Kenbe valiz la toupre pòt la pou w ka pran l vit si w ta bezwen kouri sòti kite kay la.
- Enskri nan Notify NYC, sistèm alèt ijans ofisyèl vil la (voye yon tèks bay NOTIFYNYC nan 692-692, reponn ak kòd postal ou, oswa itilize aplikasyon gratis pou iOS oswa Android) epi suiv nouvèl meteyo lokal yo. Pou plis enfòmasyon, ou ka ale sou rainfallready.nyc pou w konnen kisa ou dwe fè.
- Konnen ki kote pou w soti kite kay la byen rapid epi fè plan ak yon vwazen oswa yon zanmi ki abite nan etaj pi wo yo pou si w bezwen yon kote pou w abrite w.
Kisa m dwe konnen sou gwo lapli ak inondasyon?
Lè pra l gen tanpèt, ou dwe aji bonè pou sekirite w. Pa tann se lè dlo antre nan apatman w pou w nan kouri. Depi w wè premye siy inondasyon yo, monte nan etaj ki pi wo nan kay la anvan dlo anvayi sousòl la.
Men kèk siy k ap di w si sousòl lakay ou pral inonde. Ou ka remake:
- Planche, miray ak plafon ki gen mak dlo oswa ki mouye.
- Drenaj ki ap fè yon bri tankou dlo k ap monte
- Dlo k ap antre anba pòt oswa kote ki fisire nan kay la
- Yon move sant dlo tou rego k ap sòti nan tiyo yo
- Bòl twalèt la ap fè bri oswa bouyi ak dlo sal ki ka debòde sou planche a
- Dlo ki bloke nan lòt drenaj nan sousòl la, tankou drenaj planche, douch, oswa lavabo.
Si w wè, tande, oswa pran sant yon bagay ki raple w siy sa yo, konsidere se yon sitiyasyon ijan epi aji vit.
Si dlo a kòmanse monte, pa eseye al sove mèb ou yo. Kouri nan etaj ki pi wo nan kay la. Evite mache nan dlo inondasyon ki antre nan kay la paske sèlman 15 santimèt dlo ka jete w. Rete lwen priz, kòd, ak fil kouran, paske dlo a ka fè w pran nan kouran.
Si dlo a ap monte vit e ou santi w bloke, rete kalm. Monte nan pwen ki pi wo ou kapab — eskalye, bò fenèt, oswa menm sou mèb.
Rele 911 epi di yo ou bloke nan yon sousòl (mande entèprèt si ou bezwen).
Si w kapab sòti, ouvri yon pòt oswa yon fenèt anvan dlo a monte twòp, men pa janm fòse ouvri yon pòt si dlo a anvayi kay la. Si w pa kapab sòti, kenbe tèt ou anlè dlo a epi fè yon jan pou moun konnen kote w ye: fè bri, limen yon flach, oswa frape mi an pou sekouris yo ka jwenn ou.
Kisa m dwe fè apre inondasyon?
Pa tounen desann nan sousòl lakay ou touswit lè dlo a fin bese. Menm si dlo a parèt li seche, ka toujou gen danje ak risk pou sante moun. Inondasyon ka domaje kouran, gaz, ak estrikti bilding nan.
Anvan w retounen nan apatman w apre inondasyon, asire w:
Veye siy avètisman sa yo:
- Si ou pran sant gaz, tande yon ti son k ap sifle, oswa wè limyè k ap limen-etenn, pa antre. Rele konpayi gaz la, konpayi kouran an, oswa 911.
- Rete byen lwen fil kouran ki atè oswa pre espas ki mouye.
- Sonje: priz ak aparèy yo ka toujou ba w kouran menm apre dlo inondasyon an fin soti. Gen kèk pati ki ka kenbe kouran, epi dlo a ka kite imidite nan fil elektrik yo. Li rekòmande pou rele yon elektrisyen pou tcheke avan ou manyen oswa sèvi ak kouran nan apatman an.
Si w estime pa gen danje pou w retounen lakay ou, pwoteje tèt ou:
- Mete yon bon gan solid oswa gan kawotchou, gwo bòt ki rive nan jenou epi ki enpèmeyab, epi si posib mete yon mask N95.
- Evite tout kontak dirèk ak dlo inondasyon an.
- Lave men w ak rad ou yo byen lave pou si yo te kontamine.
Si w santi ou gen tous, gratèl, vant mode, oswa tèt vire, chèche swen medikal imedyatman.
Verifye si gen siy mwazi oswa kontaminasyon lè w ap enspekte domaj yo. Veye siy tankou yon sant fò ki santi mwazi, tach nwa oswa vèt sou mi yo, oswa mèb ki rete mouye. Mwazi ka rann li difisil pou respire epi lakòz maladi, sitou pou timoun, granmoun aje, oswa nenpòt moun ki soufri opresyon oswa lòt maladi respiratwa.
Si inondasyon an pat fò, dlo a pa t kontamine, epi tout bagay sèch nan 24 a 48 èdtan, anjeneral se pa yon danje pou w netwaye kay la poukont ou si w itilize bon pwoteksyon. Men, si dlo a te kontamine, si inondasyon an te dire plis pase 48 èdtan, si gwo espas oswa materyèl estrikti yo pran dlo, oswa si gen risk pou sante ak sekirite w tankou mwazi, dlo sal, oswa danje elektrik, li pi bon pou w rele yon konpayi pwofesyonèl ki espesyalize nan netwayaj apre inondasyon.
Fè foto tout domaj yo avan ou kòmanse netwaye. Foto sa yo ka sèvi alavni kòm prèv ofisyèl pou pwogram asistans ak rekiperasyon, epi yo ka ede w jwenn èd nan men vil la, pwopriyetè kay la, oswa konpayi asirans ou.
Si w nan lwaye, fè pwopriyetè a konnen domaj yo touswit epi mande li ki mezi l ap pran pou fè reparasyon. Si yo pran reta oswa yo refize, rele 311 pou mande yon enspeksyon nan Housing Preservation and Development (HPD). Si yo jwenn vyolasyon, HPD ka egzije pwopriyetè a fè reparasyon yo, epi yo menm yo ka fè reparasyon yo epi voye bil la bay pwopriyetè a si sa nesesè.
Kote pou jwenn èd
Vil Nouyòk bay plizyè sèvis gratis pou ede w anvan, pandan, ak aprè yon inondasyon. Si ou bezwen èd jeneral oswa enfòmasyon, rele 311. Ou ka mande asistans nan lang ou, epi y ap konekte w ak bon sèvis vil la bay pou lojman, abri, ak lòt bezwen ijan.
Pou jwenn abri imedya ak materyèl ijans, ou ka kontakte American Red Cross of Greater New York nan nimewo 877-733-2767. Yo ka ede w jwenn abri tanporè, manje, ak rad si kay ou pa an sekirite oswa si ou pa ka antre ladan l.
Pou kesyon kay ak sipò pou lokatè, ou ka kontakte Legal Aid Society nan 212-577-3300 oswa Make the Road New York nan 718-418-7690. Toude bay èd gratis pou imigran ak lokatè yo.
Pou jwenn manje ak kèk lòt bezwen esansyèl, chèche depo manje ki pi pre w oswa yon “soup kitchen” (kantin kominotè) nan zòn ou a lè w antre kòd postal ou sou kat Food Help NYC a.