Daprè USCIS (Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini), moun k ap aplike pou natiralize yo dwe montre yo “te genyen epi yo kontinye gen bon konpòtman moral.” Moun k ap chèche vin sitwayen ameriken yo dwe kapab pwouve yo kenbe bon konpòtman sa a pandan senk ane (oswa twa ane si aplikasyon an baze sou maryaj ak yon sitwayen ameriken) anvan dat yo soumèt dosye an. Men, konpòtman ou te genyen anvan peryòd sa a ka toujou gen enpak sou dosye w pou jwenn sitwayènte a.
Bon konpòtman moral pa sèlman vle di respekte lalwa. Gen kèk konpòtman ki pa ilegal, oswa ki pa lakòz dosye kriminèl, men yo ka toujou konsidere kòm prèv yon mank bon konpòtman moral selon lwa Etazini.
“Sa a se yon konsèp ki pa klè ditou, epi li depann anpil de kontèks legal la, paske menm si lalwa defini kèk aksyon ki montre yon mank bon konpòtman moral, li kite plas pou entèpretasyon ak desizyon selon jijman ajan imigrasyon yo,” daprè sa Catherine Picker, konseye teknik prensipal nan òganizasyon International Rescue Committee, eksplike.
Bon konpòtman moral se yon evalyasyon jeneral sou konpòtman w ak kijan li mache ansanm ak estanda moral e etik sosyete a, daprè kabinè avoka JQW Law Firm. Prèv bon konpòtman moral se lè w pa fè gwo krim, epi w ranpli devwa tankou peye taks ou, respekte obligasyon finansyè w, epi montre onètete w pandan pwosesis imigrasyon an.
Pa egzanp, si w pa peye pansyon alimantè oswa taks ou, sa ka sifi pou fè otorite yo gen dout sou karaktè w. Si w bay manti nan nenpòt pati nan aplikasyon an, sa ka mete dosye w nan gwo pwoblèm, menm si ou pa komèt okenn krim.
Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan ki akredite. Denyè mizajou nan atik sa a fèt 28 mas 2025.
Sa ki ka lakòz yo di w pa gen bon konpòtman moral
Gen kèk aksyon ki ka diskalifye yon moun a vi kote li pap janm ka montre li gen bon konpòtman moral, tandiske gen lòt yo konsidere kòm entèdiksyon kondisyonèl, oswa ki aplikab sèlman si yo te fèt nan yon peryòd anvan w depoze aplikasyon pou benefisye yon estati imigrasyon.
Kèk nan krim k ap fè yon moun diskalifye a jamè kòm yon individi ki gen bon konpòtman moral se:
- Touye moun (asasina)
- Trafik dwòg oswa zam
- Blanchiman lanjan ki depase 10 000 dola
- Fwod ak paspò
- Bay manti anba sèman
- Krim vyolan oswa vòl ki kapab pini ak plis pase yon ane prizon
Kondanasyon pou kèk krim grav non sèlman diskalifye yon moun pou bon konpòtman moral a jamè, men tou li fè moun sa vilnerab pou depòtasyon.
Diskalifikasyon kondisyonèl
Diskalifikasyon kondisyonèl yo ka anpeche yon moun montre li gen bon konpòtman moral lè l ap mande sitwayènte ameriken, si moun nan fè kèk zak malonèt pandan peryòd lalwa fikse a. An jeneral, peryòd sa a konte kòm senk (5) ane anvan ou soumèt demann lan, oswa twa (3) ane si w ap aplike paske ou marye ak yon sitwayen ameriken. Konpòtman w te genyen avan senk (5) an ka enfliyanse desizyon an tou, sitou si li montre mès ak abitib yon individi ki gen move konpòtman moral.
Baryè sa yo pa pèmanan, men yo trè serye. Yo baze sou zak espesifik, kondanasyon, oswa konpòtman yon moun. Ajan USCIS yo analize chak ka endividyèlman, epi yo pran an konsiderasyon tou sikonstans ki ka esplike oswa diminye gravite zak la.
Egzanp diskalifikasyon kondisyonèl
- Bay fo temwayaj pou w jwenn avantaj imigrasyon
- De (2) kondanasyon oswa plis pou chofè ki sou oswa dwoge (DUI) pandan peryòd senk (5) an avan aplikasyon w lan
- Enfidelite ki kraze maryaj, sòf si gen sikonstans espesyal ki ka eskplike sitiyasyon an
- Neglije oswa refize pran swen madanm/mari ak pitit, sòf si gen sikonstans espesyal ki ka eskplike sa
- Kondanasyon pou de (2) oswa plizyè krim ki vin lakòz yon kondanasyon total senk (5) ane prizon oswa plis
Zak ilegal
Kategori sa a kouvri tout aksyon ki vyole lwa sivil oswa kriminèl — tankou fwod taks, fwod asirans, fo deklarasyon pou sitwayènte ameriken, vote ilegalman oswa rive enskri ilegalman sou lis elektoral — menm si aksyon sa yo pa mennen nan pwosè oswa kondanasyon.
Fo deklarasyon sitwayènte ameriken ak vòt ilegal oswa enskripsyon ilegal sou lis elektoral: aksyon sa yo trè grav. Men, gen yon eksepsyon pou moun ki te gen rezon valab pou kwè yo se sitwayen epi ki satisfè kèk kritè, tankou si paran yo te sitwayen epi moun nan te viv Etazini anvan li te gen 16 lane. Fo deklarasyon sitwayènte ameriken non sèlman diskalifye w pou montre bon konpòtman moral, men tou li kapab sèvi kòm yon baz pou depòtasyon.
Gade lis konplè diskalifikasyon kondisyonèl yo nan lyen sa a
Menm si yon aksyon pat mansyone dirèkteman nan lwa kòm yon rezon pou di yon moun pa gen bon konpòtman moral, nenpòt move aksyon ka toujou enfliyanse jijman sou konpòtman moral yon moun, sitou si aksyon sa kontrè ak prensip etik ak moral kominote a. Moun k ap aplike yo dwe pare pou bay prèv, eksplike sa k te rive, epi — lè sa posib — montre chanjman yo fè oswa sikonstans ki te diminye gravite aksyon an.
Si m fè yon enfraksyon minè, èske sa vle di yo otomatikman konsidere mwen kòm yon moun ki pa gen bon konpòtman moral?
Sa pa toujou konsa, men menm enfraksyon minè ka konplike dosye w, menm si li sanble pa twò grav.
Yon analiz legal detaye sou akizasyon an, ansanm ak jijman oswa pinisyon ki te pran, se yon etap enpòtan pou w konprann kijan sa ka afekte kapasite w — non sèlman pou w natiralize, men menm pou w rete viv Etazini.
Chak ka diferan, kidonk li enpòtan pou w eksplike sitiyasyon w klè, epi bay tout dokiman ki kapab sipòte deklarasyon w yo. Se poutèt sa, moun ki te gen kèlkeswa pwoblèm ak lapolis — menm si akizasyon yo te anile oswa efase pita — ta dwe wè yon avoka imigrasyon anvan li depoze nenpòt demann pou benefis oswa privilèj imigrasyon.
Kijan pou w pwouve bon konpòtman moral
USCIS pa p jis kwè w sou pawòl. Ou dwe bay prèv ki sipòte deklarasyon w sou bon konpòtman moral ou. Sa ka gen ladan:
- Deklarasyon taks pou montre w responsab finansyèman
- Dosye travay ki montre w te gen travay regilye
- Dokiman sèvis kominotè pou montre w enplike nan kominote w
- Temwayaj zanmi ak manm kominote w ki ka pale sou karaktè ou
- Rapò kriminèl pou pwouve w gen yon dosye pwòp
Yon moun ki byen òganize epi ki gen tout dokiman nesesè yo ka ranfòse chans pou dosye l kalifye.
Èske administrasyon Trump lan ap aplike kritè pi sevè sou bon konpòtman moral ?
Jiskaprezan, administrasyon Trump lan pa adopte okenn règ ni direktiv politik ki gen rapò ak bon konpòtman moral. Sepandan, sitiyasyon sa a ka chanje alavni. Kòm toujou, li rekòmande pou moun ki gen entansyon aplike pou sitwayènte yo konsilte yon avoka imigrasyon kalifye anvan yo depoze dosye yo