Logo
Oct 21, 2025 | Ralph Thomassaint Joseph

Anvan ICE: Yon gid pou paran imigrasyon kapab arete oubyen depòte 

Si w se yon paran epi ou pè pou yo arete w oswa depòte w, men kèk etap pou w konsidere pou w asire byennèt pitit ou a.

Men sa pou w konsidere pou w prepare fanmi w si w gen enkyetid yo ka arete oswa depòte w:

  • Fè fanmi w konnen ou gen yon plan nan ka yo ta arete w oswa depòte w, epi aprann yo sa yo dwe fè si ICE vin lakay ou.
  • Idantifye moun ou fè konfyans – fanmi, zanmi, oswa vwazen – ki ka pran swen pitit ou si sa nesesè, epi kenbe enfòmasyon kontak yo ajou.
  • Rasanble epi kenbe dokiman enpòtan yo an sekirite, epi asire w moun ou chwazi a konnen ki kote pou l jwenn yo.
  • Chwazi yon moun kòm gadyen legal timoun ou si w pa ta la, epi kontakte yon avoka ki espesyalize nan dwa fanmi pou ofisyalize aranjman an legalman. 
  • Bay yon moun otorizasyon legal pou l jere zafè finansyè ak legal ou yo si yo arete w.

Si yo arete w, ou pap gen tan pou w reyaji. Lè n konsidere dènye mezi administrasyon Trump lan pran sou imigran yo Etazini, li natirèl pou w santi w enkyete sou sa ki ka rive fanmi w si yo ta arete oswa depòte w. Men kèk enfòmasyon ou dwe konnen.

Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt nan atik sa a an Jiyè 2025.

Konnen dwa w

Si ICE arete w, ou ka rete an silans epi mande pou w pale ak yon avoka. Ou ka refize siyen kèlkeswa dokiman an jiskaske ou resevwa konsèy legal. Ou gen dwa pou w mande yon entèprèt pou nenpòt konvèsasyon ak ICE oswa pou nenpòt randevou yo ba ou.

Ou ka di ICE ou bezwen fè aranjman pou pitit ou. Yo ta dwe pèmèt ou fè sa.

Yon fwa ICE enfòme sou bezwen fanmi w ak swen timoun ou yo, w ap gen dwa fè apèl telefonik limite ak fanmi, zanmi, lidè nan kominote w ak avoka w pou asire sekirite pitit ou.

Li toujou pi bon pou w planifye davans. Avoka an chèf Kelly Chen ak avoka Julie Babayeva, ki travay sou pwojè Standby Guardianship nan Inite LegalHealth New York Legal Assistance Group (NYLAG), mete aksan sou kijan preparasyon alavans ka asire byennèt pitit ou si yo arete w.

Pwogram Standby Guardianship la ap travay pou ede gide fanmi yo nan pwosesis planifikasyon davans pou pwoteje pitit yo. Nou te rasanble kèk nan pi bon konsèy yo nan atik sa a.

Prepare yon plan avèk epi pou fanmi w

Fè fanmi w konnen ou gen yon plan sizoka yo ta arete w oswa depòte w.

  • Esplike pitit ou, ansanm ak zanmi ak vwazen ki pwòch ou enkyetid ou genyen epi fè yo konnen kisa pou yo fè si ICE vini lakay ou.
  • Bati yon rezo sipò ak moun ou fè konfyans — zanmi, manm fanmi, oswa vwazen — ki ka pran swen pitit ou si sa nesesè.
  • Fè yon lis enfòmasyon enpòtan sou pitit ou a. Sa ka gen ladan bezwen pèsonèl oswa medikal, detay ak orè lekòl, ak nenpòt lòt enfòmasyon espesifik oswa asistans yo ta ka bezwen.
  • Kreye yon Kat Kontak Ijans epi kenbe enfòmasyon sa a ajou.
  • Etabli yon sistèm sekirite finansyè — tankou yon kont labank ki fèt menm pou sa oswa yon kat debi prepeye  — pou asire pitit ou gen ase lajan pou kouvri bezwen li yo nan absans ou.

Ki lòt enfòmasyon pèsonèl oswa kontak m ta dwe genyen?

Si yo arete w oswa yo mete w an detansyon, men kèk bagay ou ta dwe ekri oswa memorize:

  • Kontak esansyèl: memorize nimewo telefòn yon fanmi ak yon avoka imigrasyon ki abitye ak dosye w la. Men kote ou ka idantifye sèvis legal imigrasyon lokal ki gratis.
  • Enfòmasyon pèsonèl: kreye yon dokiman ki gen detay pèsonèl fanmi w ap bezwen si yo mete w an detansyon tankou adrès imèl ou, nimewo paspò w, ak nenpòt lòt dokiman ou genyen ki disponib.
  • Kontak nan peyi w: si w genyen yo, konpile yon lis fanmi oswa zanmi nan peyi w. Fanmi w Etazini ka bezwen kontakte yo si yo ta depòte w.
  • Lokalizatè prizonye ICE: Enfòme fanmi w sou sit entènèt Lokalizatè prizonye ICE la. Yo kapab kontakte ICE tou nan nimewo telefòn sa a: (212) 264-5085.

Ki dokiman mwen bezwen prepare pou pitit mwen?

Toujou kenbe dokiman ou menm ak fanmi ou yo nan yon kote ki an sekirite epi asire w moun ou chwazi pou pran swen pitit ou a gen aksè a dokiman orijinal yo ak kopi yo. Dokiman sa yo gen ladan yo:

  • Sètifika nesans
  • Paspò
  • Lisans maryaj
  • Dokiman imigrasyon (kat vèt, pèmi travay, viza, TPS, avi resi)
  • Lisans oswa kat idantite 
  • Kat Sekirite Sosyal
  • Sètifika nesans pitit ou a
  • Kat asirans sante
  • Nenpòt dokiman ki gen rapò ak swen pitit ou a

Kijan pou m deziyen yon moun ofisyèlman pou pran desizyon pou pitit mwen?

Si w gen enkyetid pou arestasyon oswa depòtasyon, li enpòtan pou w chwazi yon moun ki ka pran desizyon pou pitit ou. Li enpòtan pou w mande konsèy yon reprezantan legal ki abitye ak lwa fanmi nan eta w ap viv la.

Diferans ant yon moun deziyen ak yon gadyen legal rezèv

Nan eta Nouyòk, ou ka ranpli yon fòmilè “Deziyasyon moun nan kad relasyon parantal” epi fè notarye l, sa ki pral fè l tounen yon dokiman legal ofisyèl.

Konsa moun sa a ap “moun deziyen an” oswa “moun ki nan yon relasyon parantal.” Moun deziyen yo gen pouvwa pou yo pran desizyon edikasyonèl ak medikal debaz pou pitit ou pou yon peryòd ki rive jiska yon ane.

Ou menm, kòm paran, ou ka mete limit sou otorite moun deziyen an, swa pa rapò ak kalite desizyon yo ka pran oswa pou peryòd tan yo gen otorite, depi limit sa yo byen klè nan dokiman deziyasyon an.

Ou kapab konsidere tou etabli yon gadyen legal rezèv, ki se yon moun ki gen plis otorite pase yon moun ou deziyen. Otorite yon gadyen legal rezèv deklanche nan moman arestasyon oswa detansyon an fèt. Aprè sa, moun ou te chwazi a gen 60 jou pou depoze fòmilè nan tribinal la pou yo nonmen l ofisyèlman kòm gadyen legal timoun nan, daprè jan Babayeva eksplike.

Malgre yon avoka nesesè pou w ranpli epi soumèt fòmilè sa yo, Babayeva mete aksan sou nesesite pou konsiltasyon legal, sitou lè w ap chwazi yon gadyen legal rezèv:

“Menm si fòmilè a li menm sanble senp, gen anpil faktè konplike w dwe konsidere – tankou istorik imigrasyon, gad timoun, dwa paran yo, ak lòt kesyon sou dwa fanmi – se poutèt sa paran an dwe avize anvan li ranpli dokiman sa a.”

Yon avoka ka ede w detèmine si yon deziyasyon oswa yon gadyen legal bon pou ou menm ak fanmi w. Aprann plis sou diferans ki genyen ant moun ou deziyen yo ak yon gadyen legal sou rezèv nan lyen sa a.

Etabli yon otorizasyon reprezantason legal

Etabli yon otorizasyon reprezantason legal pèmèt yon lòt moun pran desizyon finansyè ak legal pou ou lè w pa kapab fè sa ou menm. Li pa enkli gad timoun, men l ap ba ou yon fason pou jere kont ou labank oswa peye bill ou genyen si yo arete w. Ou kapab tou nonmen yon ajan ranplasman si premye chwa ou a pa disponib.

Pou plis enfòmasyon sou kijan pou etabli yon otorizasyon reprezantason legal, tcheke gid nou an.

Ou gen lòt kesyon sou sijè sa a oswa sou fason li ka afekte w? Ou ka kontakte yon espesyalis nan Documented.info pou w jwenn repons gratis e konfidansyèl. 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt