Logo
Oct 15, 2025 | Nancy Chen and April Xu

Prevansyon vòl salè: Konnen dwa w kòm anplwaye

Èske yo peye w mwens pase salè minimòm? Èske patwon an ap vòlè lajan tep ou? Aprann kijan pou w prevwa vòl salè epi pwoteje salè w.

Ant 2017 ak 2021, patwon restoran yo vòlè 52 milyon dola nan salè anplwaye yo daprè yon ankèt Documented ak ProPublica. Ki kèk pratik patwon yo souvan itilize pou vòlè salè anplwaye nan restoran ak lòt endistri? Atik sa a bay referans pou ede w idantifye yo epi evite yo. Lis ki anba a rezime enfòmasyon ki soti nan Herrmann Law, Pelton Graham LLC, Lipsky Lowe LLP ak McInnes Law LLC.

1.  Peye mwens pase salè minimòm

Salè minimòm federal pou covered nonexempt workers se 7,25 dola pa lè, depi 24 jiyè 2009, jan Fair Labor Standards Act (FLSA) etabli li.

Patwon yo dwe peye 2,13 dola pa lè pou anplwaye ki resevwa regilyèman plis pase 30 dola tep pa mwa. Men, si tep yo ansanm ak 2,13 dola yo pa rive fè 7,25 dola pa èdtan, patwon an oblije ajoute diferans lan. 

Nan Eta Nouyòk, salè minimòm nan se 15 dola pa lè pou moun ki abite nan vil Nouyòk, Long Island ak Westchester, epi 14,20 dola pa lè pou lòt pati nan eta a. Pou moun k ap travay nan bay swen a domisil (home care aides), salè minimòm nan se 2 dola plis pase salè minimòm debaz la pa lè.

Tout patwon ki pa peye salè minimòm lan ap fè sa yo rele vòl salè.

2. Vòl lajan tep

FLSA entèdi patwon yo kenbe lajan tep anplwaye yo pou kèlkeswa rezon an. Manadjè ak sipèvizè yo pa gen dwa pran lajan tep anplwaye yo, menm lè se nan yon “tip pool” (yon sistèm kote yo mete tout lajan tep yo ansanm pou yo pataje).

Daprè Drew N. Herrmann, yon avoka k ap defann dwa anplwaye nan Herrmann Law, li ilegal pou yon patwon pran yon pati nan lajan tep anplwaye yo oswa mete yon “frè administratif”. Zafè “tip pool” la kote patwon an kenbe yon pati nan lajan tep yo olye li separe tout bay anplwaye yo, se vòl salè e lalwa entèdi sa.

3. Pa peye oswa pa byen kalkile lè siplemantè

Lwa federal ak lwa eta yo egzije patwon yo peye yon anplwaye 1.5 fwa salè òdinè li pou chak lè ki depase 40 èdtan nan yon semèn. Si patwon an pa byen kalkile epi peye lajan sa a, li vòlè salè anplwaye a.

Herrmann presize tout fòm konpansasyon, tankou “bonis, komisyon, ranbousman, ankourajman, pèdiyèm ak nenpòt lòt kalite konpansasyon,” dwe konsidere lè y ap detèmine nivo salè yon anplwaye pou kalkile pèman lè siplemantè a. Sa aplike “menm si prim nan peye nan fen ane a oswa nan fen yon lòt peryòd pi kout patwon an deside pou peye bonis yo.”

Li posib tou pou valè lè siplemantè a chanje chak semèn si anplwaye a resevwa plizyè kalite salè (pa egzanp, salè debaz li, tep ak gratifikasyon).

4. Mete anplwaye nan move kategori

Mete yon anplwaye nan move kategori se lè yo rekrite yon moun kòm travayè endepandan pandan li ta dwe konsidere kòm yon anplwaye. Gen patwon ki sèvi ak riz sa a pou evite respekte lwa sou salè minimòm, peye lè siplemantè, sekirite sosyal, taks sou salè, ak lòt ankò. Sa rive souvan nan ekonomi travay okazyonèl yo (gig economy).

Yo souvan sèvi ak “tès reyalite ekonomik” pou detèmine relasyon ki genyen ant patwon ak anplwaye. Depatman Travay (DOL) mete sèt (7) faktè enpòtan yo dwe pran an konsiderasyon lè y ap evalye yon ka konsa. Menm jan an, okenn nan faktè yo idividyèlman pa ka detèmine rezilta a.

5. Estaj san peye

Gen kèk patwon ki eksplwate moun k ap fè staj nan fè yo travay tankou anplwaye san yo pa peye yo. Depatman Travay Etazini (U.S. Department of Labor) devlope sèt (7) kritè nan kad “tès benefisyè prensipal” la pou detèmine si yo dwe trete moun k ap fè staj kòm yon anplwaye ki gen dwa pou touche salè minimòm ak lè siplemantè.

Nòt : “Tès benefisyè prensipal” la fleksib, sa vle di ookenn nan faktè yo idividyèlman pa ka detèmine rezilta a. Tribinal yo ka evalye ka a daprè sitiyasyon espesyal li.

6. Lè yo pa ranbouse depans anplwaye yo

Nan yon atik, kabinè Lipsky Lowe LLP eksplike gen lè anplwaye yo konn sèvi ak lajan pèsonèl yo pou peye depans ki gen rapò ak travay la. Sa ka gen ladan l gaz, asirans, manje pandan vwayaj nan jou travay, frè telefòn, founiti biwo, ak depans inifòm. Eta Nouyòk mande klèman pou patwon yo ranbouse anplwaye yo pou depans sa yo.

7. Poz manje

Daprè lwa FLSA, patwon yo pa oblije bay anplwaye yo poz pou manje oswa pou pran yon ti repo. Men, si yo bay break sa yo, tout poz ki pi piti pase 20 minit dwe peye. Poz pou manje ki dire plis pase 30 minit pa peye.

Lwa Eta Nouyòk egzije pou patwon yo bay anplwaye yo poz pou manje, men yo pa egzije poz repo. Dire poz la ak fason li peye depann si travayè a nan yon faktori oswa nan yon lòt kalite endistri, epi tou konbyen èdtan l ap travay jou a. Ou ka jwenn plis detay nan Guidelines for Meal Periods nan Depatman Travay Eta Nouyòk (NYS DOL).

Ou kapab tou gade atik kabinè Lipsky Lowe LLP sou règleman Eta Nouyòk konsènan poz pou moun k ap bay swen a domisil, pou fanm k ap bay tete, ak pou moun k ap travay nan faktori, nan magazen, ak moun k ap travay nan otèl ak restoran.

Ou ka vizite sit entènèt NYS DOL pou kesyon yo poze souvan sou salè ak lè travay.

Si w sispèk ou viktim vòl salè, tanpri ranpli fòmilè sa a (ou ka rete anonim) oswa rele 888-469-7365.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt