Nan vil Nouyòk, leta mete yon limit sou pri prèske mwatye apatman ki nan lokasyon yo. An anglè yo di kay sa yo rent stabilized, sa vle di, lwaye a stab, se yon lwaye ki kontwole. Se yon fason pou pwoteje lokatè yo sou ki pousantaj lwaye a ka monte chak ane, ak konbyen tan yo kapab lwe apatman an.
An jeneral, lalwa entdi pwopriyetè yon apatman ki gen lwaye stab pou l ogmante lwaye a oswa mete lokatè yo deyò. Kontra-lwaye ki kontwole yo bay anpil lokatè nan vil Nouyòk lapè nan tèt yo.
Nan gid sa a, w ap jwenn kijan pou w konnen si apatman w lan kalifye pou pwoteksyon sa yo.
Kijan pou w konnen si apatman w lan gen lwaye kontwole
Verifye kontra lokasyon w lan: Si apatman w lan gen lwaye ki kontwole, pwopriyetè a sipoze mete dokiman ki konfime sa nan kontra w la. Dokiman an enfòme w sou dwa ak responsablite w kòm yon lokatè ki nan yon kay ki gen lwaye kontwole.
Si w ap vizite apatman an epi w poko siyen yon kontra lokasyon, pa bliye mande davans si lwaye a kontwole.
Nan yon apatman ki gen lwaye kontwole, montan lwaye a ka pa yon chif awondi (pa egzanp, lwaye a kapab 2,176.43 dola olye 2,100 dola). Sa rive, paske nan yon apatman ki gen lwaye stab, gen yon pousantaj ki monte sou pri lwaye a chak ane oswa chak dezan, daprè Inite Angajman Piblik Majistra Vil Nouyòk la.
Ou ka tcheke Eske lwaye m kontwole (Am I Rent Stabilized), yon sit entènèt ki gen lis pwopriyete ki gen chans pou yo gen lwaye kontwole. Souvan, bilding sa yo gen sis (6) apatman oswa plis, epi yo te bati anvan 1974. Men, pou w jwenn konfimasyon, ou dwe kontakte Housing and Community Renewal Office of Rent Administration (Biwo Administrasyon Lwaye ak Renouvèlman Kominotè a).

Mande istorik lwaye apatman an: Pou w ka asire w apatman w lan gen lwaye kontwole, mande istwa lokasyon apatman an. Ou ka fè sa gratis nan lyen sa a.
Lè w ap ranpli fòm lan, anba “rezon” chwazi “istwa lwaye apatman” oswa “èske lwaye mwen kontwole?” Toulède ap ba w menm rezilta a.
Mete non w ak siyati w, adrès imèl ou (si w pa gen yon adrès imèl, ekri n/a), epi chwazi adrès bilding lan, ki gen ladan l nimewo inite a oswa apatman an ak kòd postal la.
Yon lòt opsyon se voye yon imèl bay rentinfo@nyshcr.org. Lè w ap mande istwa yon lwaye, bay adrès la konplè ki gen ladan l nimewo apatman an. Men yon egzanp imèl ou ka voye:
“Dear Homes and Community Renewal Office of Rent Administration,
I am requesting the rent history for my apartment. Please find the details below:
Property address: [Full street address]
Apartment number: [Apartment number]
Borough: [Brooklyn, Manhattan, Queens, Bronx, or Staten Island]
I am the current tenant and would like to review the rent history to understand my apartment’s rent stabilization status and rental history.
Please let me know if you need any additional information or documentation to process this request.”
Tradiksyon kreyòl imèl la: “Chè Biwo Administrasyon Lwaye pou Renouvèlman Kay ak Kominote a,
M ap mande istorik lwaye apatman mwen an. Men enfòmasyon enpòtan yo:
Adrès pwopriyete a: [Adrès konplè]
Nimewo apatman an: [Nimewo apatman an]
Awondisman: [Brooklyn, Manhattan, Queens, Bronx, oswa Staten Island]
Mwen se lokatè aktyèl la epi mwen ta renmen revize istorik lwaye a pou m konprann estati apatman an konsènan kontwòl.
Tanpri fè m konnen si w bezwen nenpòt lòt enfòmasyon oswa dokiman pou trete demann sa a.”
Pou telefòn, rele 833-499-0343, koute opsyon ki genyen yo pou w mande istwa lwaye w la, epi rete sou liy lan. Ou pa bezwen bay non w oswa yon adrès imel.
Konprann rezilta w yo
Si apatman w lan gen yon lwaye kontwole, HCR ap voye istorik lokasyon apatman an ba ou pa lapòs nan adrès ou te pataje nan demann ou an. Si apatman an pa gen lwaye kontwole, ou p ap resevwa anyen nan lapòs.
Yon fwa ou resevwa istorik lwaye a, ou ka kontakte Inite Sipò Lokatè a lè w rele 311 epi mande liy asistans lokatè a. Yo ka ede w detèmine si yo pa chaje w twòp lajan pou kay la. Ou kapab kontakte yo tou nan lyen sa a, epi y ap reponn imèl ou a nan 20 jou ouvrab.
Èske yo ka monte kay la si apatman mwen an rent stabilized?
Wi, men gen yon limit legal pou ogmantasyon lwaye yo. The Rent Guidelines Board (Komisyon Gid Lwaye a) detèmine ki pousantaj ogmantasyon ki otorize chak ane.
Dapre règleman yo, pou kontra lokasyon ki kòmanse ant premye oktòb 2025 ak 30 septanm 2026, kontra lokasyon apatman ki gen lwaye kontwole yo pa dwe depase pousantaj sa yo:
- Kontra lokasyon 1 ane: ogmantasyon maksimòm 3%
- Kontra lokasyon 2 zan: ogmantasyon maksimòm 4.5%
E si w dekouvri apatman w lan rent stabilized men pwopriyetè a chaje w plis kòb?
Si w kwè ou nan sitiyasyon sa a, konnen gen solisyon ki disponib. Premye etap la se depoze yon plent ak fòmilè sa a. Lojman ak Renouvèlman Kominotè (Housing and Community Renewal) ka mande pwopriyetè w la pou l desann pri kay la epi remèt ou tout kòb li te chaje w anplis yo.
Lòt dwa pou lokatè nan apatman ki gen lwaye kontwole
- Pwopriyetè yo oblije ba w opsyon pou w renouvle kontra-lwaye a chak ane oswa chak dezan.
- Si pwopriyetè a pa ofri renouvèlman, lokatè yo ka depoze yon plent nan Biwo Administrasyon Lwaye epi chache asistans nan Inite Sipò Lokatè a.
- Si w ap viv ak manm fanmi w nan yon apatman ki gen lwaye kontwole, yo ka pase w kay la atravè “dwa siksesyon” si yo mouri oswa kite kay la definitivman.
- Si w se yon granmoun aje oswa ou gen yon andikap, ou ka kalifye pou sa yo rele yon rent freeze (pri kay la pa monte) si w ap viv nan yon apatman ki gen lwaye kontwole. Plis detay sou pwogram Rent Freeze Nouyòk la disponib nan lyen sa a.